ANJ GADYEN YO KI SEN.
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Pouki sa yo bay malere a limyè a? »
LEKTI LIV JÒB 3, 1-3. 11-17. 20-23
Jòb louvri bouch
li, li madichonnen jou l’, li di:
«Se pou jou kote
mwen fèt la peri, ni nuit la kote yo te di: «Li ansent yon moun». Pouki sa mwen
pa t’ mouri nan vant? Pouki sa mwen pa t’ mouri menm lè mwen te sòti nan vant
la? Pouki sa yo te resevwa m’ sou jenou? Pouki sa yo te ban m’ bwè lèt nan
tete?
Koulye a menm
mwen ta dòmi nan silans, mwen ta repoze nan somèy mwen ansanm avèk wa yo ak
chèf tè a, yo menm ki te bati moniman pou yo, oubyen ansanm avèk chèf yo ki
posede lò, ki plen kay yo avèk lajan; oubyen tankou ti bebe ki avòte a, ki
kache, ki pa reyisi viv la, oubyen sa manman l’ ansent li men ki pa wè limyè
a.Kote sa a mechan yo sispann fè bwi, se la moun ki manke fòs yo repoze.
Pouki sa yo bay
malere a limyè a, yo bay moun ki nan lapenn yo lavi? Yo menm k’ap tann lanmò a,
epi li pa vini, tankou moun k’ap fouye trezò, yo fè kè yo kontan anpil lè yo
jwenn kavo a. Moun sa a, chemen l’ kache, Bondye vlope l’ avèk fè nwa?»
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 87, 2-3. 4-5. 6. 7-8 (r.: 3a)
R/ Se pou lapriyè m’ nan antre devan fas ou, Granmèt.
Granmèt, Bondye
delivrans mwen, lajounen mwen rele, ni nannuit devan ou.
Se pou lapriyè
m’ nan antre devan fas ou, panche zòrèy ou nan direksyon lapriyè m’ nan.R.
Paske nam
mwen plen malè, lavi m’ap pwoche anba tè a.
Mwen tankou
moun k’ap desann nan fòs, mwen vin tankou yon moun ki san sekou.R.
Se nan pami
mò yo kabann mwen ye, tankou moun ki mouri yo, k’ap dòmi nan kavo yo;
yo menm yo pa sonje yo ankò, yo menm
ou wete sot nan men ou.R.
Ou mete m’ nan
fòs anba tè a, nan fènwa yo ak nan lonbraj lanmò a.
Sou mwen kòlè
ou la peze, tout lanm ou yo vlope m’.R.
LEVANJIL
«Li mare min
li, pou l’ monte Jerizalèm»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 9, 51-56
Lè jou yo rive
pou yo pran Jezi, li mare min li pou l’ monte Jerizalèm. Li voye mesaje devan
l’, y’ale yo antre nan yon vil Samariten yo pou yo pare manje pou li. Men yo pa
resevwa yo, paske fas li te bay nan direksyon Jerizalèm.
Lè disip li yo,
Jak avèk Jan, wè sa, yo di: «Granmèt, èske ou vle pou nou di dife desann sot
nan syèl la pou l’ boule yo?»
Li vire, li fè
yo lobsèvasyon, li di: «Nou pa konnen ki lespri nou genyen. Pitit moun nan pa vini pou l’ touye, men pou l’ sove».
Y’ale nan yon
lòt vil.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi
a, nou kontanple kòman Jak ak Jan, lè yo wè yo pa resevwa mesaje Jezi yo, yo
di: «Granmèt, èske ou vle pou nou di dife desann sot nan syèl la pou l’
boule yo? » Jezi vire, li fè yo lobsèvasyon
(Lik 9,54-55). Granmèt la korije defo apot li yo.
Istwa
yon mesye ki te konn pote dlo rakonte ke li te gen de gwo ja pandye sou pwent
yon baton li te konn pote sou zepòl li: youn ladan yo te trè bon alòske lòt ja
a ki te klere anpil la te koule. Ja sa a te wè lòt la tèlman klere, tèlman bèl,
li te wont; alò yon jou li di mesye ki te konn pote dlo a li te tris akoz li li
te fisire epi li te pote sèlman mwatye nan kantite dlo ke mesye a te ka pote
pou vann.
Alò,
mesye a di li: «Lè w’ap antre nan kay la, gade flè ki pouse bò chemen an. Epi
ja a te wè flè ki bèl anpil anpil, men yon lòt fwa ankò li rann li kont ke li
te pèdi dlo, epi li pran di «Mwen pa sèvi anyen». Mesye
a reponn li: «Èske ou te rann ou kont ke se bò kote ou sèlman ki gen bèl flè»?
Mwen te deja konnen ke ou te fisire e mwen te vle pwofite de sa e mwen te
plante semans flè bò kote ou nan chemen an epi ou wouze yo nan tout longè
chemen an, sa fè mwen jwenn flè pou lotèl Lasent Vyèj la. San ou menm, jan ou
ye a, mwen pa t’ap gen bèl bagay sa».
Nan yon fason oubyen nan yon lòt, nou tout nou se ja
fele, men Bondye konnen pitit li yo e li ba nou posiblite pou nou tire avantaj
nan defo nou yo pou nou ka fè yon bagay ki byen. Se konsa, apot Jan ki anvi detwi
tout bagay jodi a, li konvèti, aprè lobsèvasyon Granmèt la fè li, e li tounen
apot lanmou. Koreksyon pa t’ dekouraje li, men li pwofite karaktè li te genyen
an pou li te mete li nan sèvis lanmou an. Nou menm tou, nou dwe pwofite
koreksyon, kontraryete, soufrans, echèk, limitasyon nou yo, pou nou ka kòmanse
epi rekòmanse tankou Sen Jozèf-Mari te defini sentete a: fè nou dosil nan men
Lespri Sen an pou nou ka konvèti, pou nou tounen enstriman nan men Bondye.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri ede mwen pou mwen pa
dekouraje akoz feblès mwen. Ede mwen pran konsyans de valè mwen genyen pou
konstwi Wayòm ou antan m’ap eseye chanje tout sa ki pa bon nan mwen.
PWOPOZISYON:Mwen p’ap fè dife malè
tonbe, mwen p’ap madichonnen lòt yo lè yo pa konprann mwen, m’ap pran pasyans
ak yo epi m’ap mande Granmèt la chanje kè yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario