Koulè
vèt
PREMYE LEKTI
«Moun pa gen rezon, si l’ vle plede avèk Bondye».
LEKTI LIV JÒB 9, 1-12. 14-16
Jòb reponn zanmi
l’ yo, li di:
«Reyèlman vre
mwen konnen se konsa: moun pa gen rezon, si l’ vle plede avèk Bondye. Si l’ vle
fè diskisyon avèk li, li p’ap kapab reponn li youn pou mil. Li gen sajès nan kè
l’, li gen gwo fòs. Ki moun ki reziste l’ epi ki gen lapè? Li menm ki deplase
mòn yo, e moun yo li sakaje yo nan kòlè l’ la, yo pa konn sa; li menm ki souke
tè a sot nan plas li a, kòlòn li yo tranble; li menm ki pase solèy la lòd, epi
li pa leve, li fèmen zetwal yo tankou ak yon so; li menm ki deplwaye syèl yo
pou kont li, ki mache sou lanm lanmè a, li menm ki fè Aktourous, Oryon, lad
avèk zetwal ki nan fon yo, li menm ki fè mèvèy ki gran, yo pa kapab konprann,
yo pa kapab konte.
Si l’ vin kote
m’, mwen p’ap wè l’; si l’ pati, mwen p’ap konprann. Si yon moman li poze
kesyon, ki moun k’ap reponn li? oubyen ki moun ki kapab di: ‘‘Pouki sa ou fè konsa
a?’’ Ki sa m’ ye konsa a mwen menm, pou m’ reponn li a, pou m’ pale pawòl mwen
yo avèk li?
Menm si m’ ta
gen kichòy ki ban m’ rezon, mwen p’ap reponn, men m’ap lapriyè jij mwen an.
Epi, lè m’ lapriyè a, si l’ tande m’, mwen pa kwè l’ap koute vwa m’».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 87, 10bc-ll. 12-13. 14-15
R/ Se pou lapriyè m’ nan antre devan fas ou, Granmèt.
Mwen rele
kote ou, Granmèt, tout lajounen, mwen lonje men m’ kote ou.
Èske pou mò
yo ou fè mèvèy, oubyen lonbraj yo leve epi yo fè lwanj ou.R.
Èske yon moun
nan kavo a rakonte kè sansib ou a, oubyen verite ou la nan kote yo pèdi a?
Èske yo konnen
mèvèy ou yo nan fènwa yo, ak jistis ou nan tè yo bliye a? R.
Mwen menm, se
kote ou, Granmèt, mwen rele, granmaten lapriyè m’ rive kote ou.
Pouki sa,
Granmèt, ou repouse nanm mwen an, ou kache fas ou lwen m’? R.
LEVANJIL
«M’ap suiv ou tout kote w’a prale»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 9,
57-62
Lè sa a:
Jezi t’ap
mache ansanm avèk disip li yo sou wout la, gen yon moun ki di l’: «M’ap suiv ou
tout kote w’a prale».
Jezi di l’:
«Rena yo gen twou yo, zwazo syèl yo gen nich yo; Pitit moun nan menm pa gen
kote pou l’ apiye tèt li».
Li di yon
lòt: «Suiv mwen». Sila a menm di: «Granmèt, pèmèt
mwen al antere papa m’ anvan».
Jezi di l’:
«Kite mò yo antere mò pa yo; kanta ou menm ale, epi anonse peyi Bondye ki wa
a».
Yon lòt di:
«M’ap suiv ou, Granmèt, men pèmèt mwen al avèti moun lakay mwen yo anvan». Jezi
di l’: «Moun ki mete men l’ nan zouti bèf la ap redi pou vire tè a, epi ki gade
dèyè, nan pwen moun konsa ki alawotè rèy Bondye a».
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, Levanjil la envite nou medite, reflechi, avèk klate ak
ensistans, yon tèm santral pou lafwa nou: Suiv Jezi yon fason radikal. «M’ap
suiv ou tout kote ou a prale» (Lik 9, 57).
Avèk ki senplisite ekspresyon
yo ka pwopoze yon bagay ki chanje lavi yon moun yon fason radikal konsa! «Suiv
mwen» (Lik 9,59). Se pawòl Granmèt la
ki pa admèt eskiz, reta, kondisyon, trayizon…
Lavi kretyèn nan mande pou nou swiv
Jezi yon fason radikal. Radikal, pa sèlman paske se Levanjil la ki dwe toujou
gide li, men sitou paske tout aspè nan lavi nou dwe manifeste Lespri Jezi ki fè
nou viv.Vrèman vre, depi nan batèm nou, lavi nou pa vi nenpòt moun: Nou pote
lavi Kris la anndan nou! Gras a Lespri Sen yo vide nan kè nou an, se pa nou
menm k’ap viv, men se Kris la k’ap viv nan nou. Se konsa lavi kretyen an ye,
puiske se lavi Kris la tout antye, paske se Kris la ki transpire nan nou, depi
nan rasin: se kalite lavi sa a nou gen vokasyon pou nou viv.
Granmèt la, lè li te vini nan mond la, malgre «tout moun te gen plas li, li menm li pa t’ genyen: li pa jwenn plas li
nan mitan lèzòm (…) men nan yon pak bèt, nan mitan zannimo yo, pami moun ki te
pi senp ak inosan. Se poutèt sa li deklare: Rena
yo gen twou yo, zwazyo nan syèl la gen nich yo; men Pitit Moun nan pa gen kote
pou repoze tèt li» (Sen Jewòm). Granmèt la ap jwenn plas li nan
mitan nou si, menm jan ak Jan Batis, nou kite li grandi epi nou menm nou fè nou
tou piti; sa vle di, si nou kite Sila ki deja ap viv nan nou an devlope, antan
nou fè nou dosil ak Lespri li a, ki se sous tout imilite ak inosans.
LAPRIYÈ: Jezi
Granmèt, tanpri kenbe m’ sou wout la ansanm ak ou.
PWOPOZISYON: Swiv Jezi, se imite konpòtman li ak atitid li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario