Páginas

JEDI 4-10-2018 (Franswa D’Asiz ki sen :Memwa)


Koulè Blan
Franswa D’Asiz ki sen
(Memwa)
Nòt: Jodi a, nan okazyon fèt Franswa D’Asiz n’ap priye pou Pap Franswa ki te chwazi li kòm patwon li.
PREMYE LEKTI
"Mwen konnen Sila-a k’ap delivre m’ nan, li vivan".
LEKTI LIV JÒB 19, 21-27
Jòb di:
"Pran pitye pou mwen, pran pitye pou mwen, omwen nou menm, zanmi m’ yo, paske men Granmèt la touche m’. Pouki sa n’ap pèsekite m’ nan tankou Bondye, epi n’ap plen vant nou ak chè m’ yo? Ki moun ki ta fè m’ favè pou yo ekri pawòl mwe yo? Ki moun ki ta ban m’ posibilite pou yo grave nan liv avèk yon kreyon fè, avèk yon lam an plon oubyen sizo afwa, pou yo ta make nan wòch ki di-a? Mwen konnen reyèlman vre Sila a ki deliver m’ nan, li vivan, nan dènye jou a m’ap leve sot anba tè a. M’ap vlope ak po m’ ankò, epi nan chè m’ m’ap wè Bondye m’ nan. Sila a m’ap wè mwen menm nan, se ak je m’ m’ap gade l’, se pa yon lòt: espwa sa a poze nan zantray mwen".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 26, 7-8a. 8b-9abc. 13-14 (r.: 13)
R/ Mwen kwè m’ap wè byen Granmèt la nan tè vivan yo.
Granmèt, koute vwa m’ k’ap rele, pitye pou mwen, koute m’.
Se sou ou kè m’ di: "Chèche fas li".R.
Se fas ou, Granmèt, m’ap chèche.
Pa vire fas ou lwen m’, nan kolè ou, pa vire do bay sèvitè ou la.
Se sekou m’ ou ye, pa lage m’.R.
Mwen kwè m’ap wè byen Granmèt la nan peyi vivan yo.
Tann Granmèt la, aji avèk kouraj, asire kè ou, se pou ou tann Granmèt la. R.
LEVANJIL
"Lapè nou an ap poze sou li".
MEN BÒN NOUVЀL JEZIKRI A DAPRЀ SEN LIK 10, 1-12
Lè sa a:
Granmèt la chwazi swasanndouz lòt; li voye yo de pa de devan l’ nan tout vil ak bouk kote li te gen pou l’ ale.
Li t’ap di yo: "Rekòlt la anpil, men ouvriye yo se yon ti kras yo ye. Lapriyè Granmèt rekòlt la, pou l’ voye ouvriye nan rekòlt li. Ale: men mwen voye nou tankou mouton nan pami lou. Pa pote sak, ni bous, ni sapat, pa salye pèsonn nan chemen.
Nan nenpòt kay nou antre, kòmanse di: 'Lapè pou kay sa a'; si gen yon pitit lapè la, lapè nou an ap poze sou li; otreman, l’ap tounen vin jwenn nou. Rete nan menm kay sa-a, manje, bwè sa yo genyen; paske ouvriye a merite salè l’.
Pa travèse sot nan kay al nan kay. Nan nenpòt ki vil nou antre, epi yo resevwa nou, manje sa yo pote ba nou, geri malad yo ki nan vil la, di yo: 'Rèy Bondye a tou pre nou'.
Men nan nenpòt ki vil tou nou antre, epi yo pa resevwa nou, soti sou laplas li yo, epi di: 'Menm pousyè, ki te kole sou nou nan vil nou an, nou kite l’ pou nou; sèlman aprann sa, rèy Bondye a tou pre'. Mwe di nou Sodòm ap jwenn plis padon jou sa a pase vil sa a".
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a n’ap sonje Sen Franswa Dasiz, ki se youn nan pi gwo modèl lanmou nan istwa Legliz Katolik la. Kisa k’ fè l’ gwo konsa? Se paske li menm se youn nan nèg ki te pi senp, ki te vin pi piti. 
Sen Franswa Dasiz fèt nan peyi Itali nan lane 1181 (epi li rantre kay Papa nou ki nan syèl la nan lane 1226). Vrè non li, se te Giovanni (tankou Jan, nan lang italyen) men papa l’ te ba li ti non jwèt Francesco (Franswa), ki vle di “Fransè a”, paske lè misye te fèt, papa l’ t’ap fè komès nan peyi Lafrans. Papa misye se te yon gwo komèsan, ki te rele «Pietro di Bernardone». Lè l’ te yon jenn gason, Franswa te viv tankou nenpòt pitit boujwa, li t’ap jwi kòb papa li, li fè anpil dezòd. Men yon jou li te gen yon vizyon, epi li konvèti tout bon. 
Aprè jou sa a, sèl sa li te bezwen se te swiv Jezi. Tout richès li, li te bay pòv yo li. Li kòmanse ap preche levanjil la, epi anpil moun te vle fè sa asanm avè l’. Se sa k’ fè li fonde yon kongregasyon frè, jodi a nou rele yo fransisken. Li te gen yon zanmi, Sent Klè, ki te fonde yon kongregasyon mè ak menm espirityalite tou. Si ou konte tout branch kongregasyon fransisken ak fransiskèn ki genyen jounen jodi a tankou yon sèl, se yo menm ki pi gwo nan Legliz katolik la. 
Sen Franswa te fè anpil mirak, epi li te dyaloge ansanm ak chèf relijyon Islam yo, pou fè lapè avèk yo. Se li menm ki te fondatè tradisyon fè krèch nan tan Nwèl, pou ede nou sonje jan Jezi te fèt.
Lè li te mouri, Sen Franswa Dasiz pa t’ gen lajan. Li pa t’ fè gwo etid. Li pa t’ fè gwo diskou, okontrè mesaj li te senp anpil. Li pa t’ gen okenn pouvwa, se sèvi li te bezwen sèvi. Epi 800 lane aprè, nou toujou ap sonje li.
Lè Pap Franswa te chwazi non li, se ak sen sa a li t’ap panse. Sen Franswa Dasiz te pran swen sa k’ pi malere yo, ak kreyasyon an tou. Se sa Pap Franswa mande nou fè, nan lèt li ekri dènyèman an, ki rele ‘Laudato Si’ (Sa vle di, ‘Se pou yo fè lwanj ou Granmèt’. Pap la mande pou nou chanje jan n’ap viv, pou nou sispann debwaze mòn yo, pou nou sispann polye sous dlo yo, pou nou sispann mete pwodwi chimik nan manje nou. Lanati se yon kado Bondye te fè nou, men li mande nou pran swen l’ pou sa k’ap vini aprè nou. Nou pa gen dwa detwi planèt la.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki te fè Franswa ki sen favè pou l’ sanble avèk Jezikri antan l’ vin pòv, antan li viv daprè ti kondisyon moun li-a, tanpri, fè nou monte nan tras-wout li-a, pou nou suiv Pitit ou-a, epi pou nou fè youn avèk ou gras a yon charite ki ba nou kè kontan. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Pran tan pou koute lòt yo, se pi bon fason pou nou aprann akeyi yo.

No hay comentarios:

Publicar un comentario