Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
‘‘Èske ou pase maten an lòd, èske ou antre nan fon
lanmè a’’?
LEKTI LIV JÒB 38, 1. 12-21; 39,
33-35
Antan l’ nan
loraj la, Granmèt la menm reponn Jòb, li di:
"Èske
depi ou fèt, ou te pase maten an lòd, ou te montre devan jou a kote pou l’ fè? Èske ou te kenbe bout tè a ak men ou pou ou souke l’, pou ou chase
mechan yo sot nan li? Li vin tounen tankou labou pou mete mak so a, li kanpe tankou
yon rad: limyè mechan an sòti nan li, bra ki te wo a vin kraze.
Èske ou antre
nan fon lanmè a, èske ou pwomnen nan dènye bout bafon anba a? Èske pòt lanmò yo
te louvri ba ou, èske ou te wè pòtay fènwa yo? Èske ou te ekzamine lajè tè a?
Montre m’ tout bagay, si ou konnen.
Nan ki wout
limyè a abite, epi ki kote fènwa yo rete; pou ou kondui yo chak nan bout chemen
yo, pou ou konprann tras wout lakay li. Èske ou te konnen ki lè ou t’ap fèt,
èske ou te konnen konbyen jou ou t’ap viv?"
Jòb menm
reponn Granmèt la, li di: «Mwen menm ki pale san konsiderasyon, ki sa pou m’
reponn? Se men m’ mwen poze sou bouch mwen. Yon sèl bagay mwen di: pito m’ pa
t’ di anyen! epi yon lòt: mwen p’ap ajoute anyen ankò’’.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 138, 1-3. 7-8. 9-10. 13-14ab
R/ Kondui m’,
Granmèt sou wout tout tan an.
Granmèt, ou
sonde m’, ou kondui m’, ou konnen chita m’ ak leve m’.
Ou konprann
panse m’ depi byen lwen, tras wout mwen ak kouche m’, ou ekzamine yo.
Tout wout mwen yo, ou wè yo byen klè.R.
Ki kote pou
m’ ale lwen lespri ou, ki kote pou m’ sove kò m’ lwen fas ou?
Si m’ monte
nan syèl, ou la; si m’ desann anba tè, ou prezan. R.
Si m’ pran
zèl devan-jou m’al abite nan fon lanmè, menm la,
men ou ap
kondui m’, men dwat ou ap kenbe m’.R.
Paske se ou
menm ki te fòme ren m’, ou te trese m’ nan vant manman m’.
M’ap fè lwanj
ou, paske ou fòme m’ yon fason ekstrawòdinè, aksyon ou yo ekstrawòdinè.R.
LEVANJIL
"Moun ki meprize m’, li meprize sila a ki voye
m’ nan".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 10,
13-16
Lè sa a: Jezi
di:
"Madichon
pou ou, Kowozayin! madichon pou ou Betsayid! paske, si se te nan Tir ak Sidon
mèvèy sa yo te fèt, sa k’ fèt lakay nou yo, gen lontan yo ta chita nan sa k’ ak
sann pou yo fè penitans.
An verite
y’ap padonnen Tir ak Sidon plis pase nou nan jou jijman an.
Epi ou menm,
Kafanawòm, jous nan syèl la ou leve, jous anba tè ou ap plonje.
Moun ki koute
nou, se mwen menm li koute, epi moun ki meprize nou, se mwen menm li meprize.
Moun ki meprize m’ menm, li meprize sila a ki voye m’ nan’’.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Pawòl Bondye jodi a ap ede n’ dekouvri kijan Bondye gen pasyans,
mizerikòd pou tout moun: se sa eksperyans Jòb la montre nou. Pouvwa lezòm genyen
sòti nan sila a ki toujou la: se Granmèt la k’ap veye sou lavi nou, se pou nou
fè zanmi avèk li pou n’ kab konprann li pi byen, epi pou nou konnen kijan li
vle pou n’ viv pou n’ fè kè l’ kontan; men sa ap mande n’ dosilite, pasyans, ak
renmen. Pou kisa Bondye poze Jòb tout kesyon sa yo atò? Ebyen se paske li se
yon Papa kè sansib, li pran pasyans pou l’ renmen, epi li pa vle pèdi yon sèl
nan pitit li yo, paske li se yon Papa ki gen kè manman. Se pou sa li te voye pitit li, Jezi sou tè a, e se sa 6 premye vèse nan
Levanjil Sen Lik la raple nou.
Jezi te vin
fè nou konnen ke chemen syèl la pa fasil, daprè tout pèsekisyon li te jwenn nan
mitan lèzòm sou tè a: se pa tout moun ki te dakò avèk li, se pa tout moun ki te
tolere li nan fason li te konpòte ak nan fason li t’ap pale. Se sa ki fè li te
gen pwoblèm ak farizyen yo ki te toujou ap tann pyèj pou li nan poze l’ kesyon.
Nan aksyon l’ yo, Jezi te toujou mete l’ bò malere yo, nan bay moun manje, geri
malad, leve moun mouri. Nou menm k’ap viv jounen jodi a, lavi a pa fasil pou
nou, men pran kouraj, paske Jezi toujou la avèk nou pou l’ ede n’ nan tout
sityasyon ki bay tèt chaje. Nou pa bezwen pè, si n’ap mache ak Kris la tout bon
vre, nanpwen jou pou nou pa byen kore. Bondye gen kè sansib pou nou, li pran pasyans pou l’ renmen nou. An nou
mete tout konfyans ak tout espwa nou nan li.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, se ou ki mèt tout sa ki
ekziste, tanpri ede nou konprann sans lavi a, pou nou pa janm bay anyen sou tè
a plis valè pase lavi ak diyite moun. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: Pran ekzanp sou kè sansib ak pasyans Bondye gen pou mwen, pou mwen ka
gen mizerikòd ak pasyans pou lòt yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario