Koulè Vèt.
PREMYE
LEKTI
«Koulye a
je m’ wè ou. Se pousa mwen wete sa m’ te di
a».
LEKTI LIV JÒB 42, 1-3. 5-6.
12-16
Jòb
reponn Granmèt la, li di:
"Mwen
konnen ou kapab pou tout bagay, pa gen okenn panse ki kache pou ou. Kilès
sila a ki kache plan ou nan, san konesans la? Reyèlman vre se san sajès mwen te
pale, se bagay ki depase konesans mwen nèt. Ak pwòp zòrèy mwen mwen te tande
ou; koulye a menm se ak je m’ mwen wè ou. Se pousa mwen menm menm mwen korije
pwòp tèt mwen, mwen fè penitans nan pay ak sann".
Granmèt
la menm beni Jòb ankò plis pase anvan, li vin gen katòz mil mouton, si mil
chamo, mil pè bèf, mil bourik. Li vin gen sèt pitit gason ak twa pitit fi, li
rele non youn Lajounen, non dezyèm nan Kasya, ak non twazyèm nan Kòn fè. Yo pa
jwenn fi ki bèl tankou pitit fi Jòb yo sou tout tè a; papa yo ba yo eritaj nan
pami frè yo.
Jòb viv
aprè sa pandan sankarantan, li wè pitit gason l’ yo ak pitit fi l’ yo jous sou
katriyèm jenerasyon; li mouri vye granmoun, plen laj.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
REPONS 118, 66. 71. 75. 91. 125. 130
R/ Klere fas ou, Granmèt, sou
sèvitè ou la.
Bon kè,
ladrès ak syans, aprann mwen sa, paske mwen kwè nan lòd ou yo.R.
Sa bon
pou mwen poutèt mwen te rabese, pou m’ aprann desizyon ou yo.R.
Mwen
konnen, Granmèt, jijman ou yo kòrèk, se nan verite ou rabese m’.R.
Daprè
jijman ou yo yo dire jodi a, paske tout bagay sèvi ou.R.
Se sèvitè
ou mwen ye; ban m’ entelijans, pou m’ konnen temwayaj ou yo.R.
Deklarasyon
pawòl ou yo klere, li bay ti moun yo entelijans.R.
LEVANJIL
"Fè
kè nou kontan paske non nou ekri nan syèl yo".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 10, 17- 24
Lè sa a:
Swasanndouz
yo tounen avèk kè kontan, y’ap di: "Granmèt, menm demon yo, yo obeyi nou o
non ou".
Li di
yo: "Mwen te wè Satan tankou zèklè ki t’ap tonbe sot nan syèl la. Men mwen
ba nou pouvwa pou nou mache sou sèpan ak skòpyon ak sou tout pouvwa lènmi an,
epi anyen p’ap fè nou sa k’ mal. Sèlman se pa pousa pou nou fè kè nou kontan,
poutèt lespri yo obeyi nou an; se pou nou fè kè nou kontan pito paske non nou
ekri nan syèl la".
Lè sa a
menm li tresayi nan Lespri Sen an, li di: ‘‘Mwen fè konpliman pou ou, Papa,
Granmèt syèl la ak tè a, paske ou te kache bagay sa yo pou savan yo ak moun
entelijan yo, epi ou te devwale yo bay sa ki pòv yo. Wi, Papa, se konsa sa te
fè ou plezi. Papa m’ renmèt mwen tout bagay. Pèsònn pa konnen sa Pitit la ye,
sof Papa a, epi sa Papa a ye, sof Pitit la ak moun Pitit la vle devwale
sa".
Li vire
kot disip li yo, li di: "Se chans pou je yo ki wè sa n’ap wè yo; paske
mwen di nou anpil pwofèt ak wa te vle wè sa n’ap wè yo, men yo pa t’ wè l’, epi
tande sa n’ap tande yo, men yo pa t’ tande li’’.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a,
Levanjelis Lik rakonte nou evénman ki fè Jezi montre Papa rekonesans li pou
byen li fè limanite. Li di Bondye mèsi poutèt li devwale gwo sekrè wayòm nan
bay pòv yo. Jezi santi li vrèman satisfè lè li wè pòv yo konprann epi yo
pratike sa Bondye revele yo atravè li menm nan.
Nan lòt okazyon, nan dyalòg li ak
Papa a, Jezi di l' mèsi tou paske li toujou koute lapriyè li. Jezi fè konpliman
pou samariten ki te gen lèp la, sila ki te tounen ansanm ak lòt nèf moun yo pou
vin di li mèsi pou sa li te fè pou li.
Sen
Ogisten te ekri: «Kisa ki pi bon pou yon moun ta gen nan kè li, pou yon moun ta
pwononse ak bouch li oubyen ekri ak men li, ke pawòl sa yo: 'mèsi Bondye'».
Nou menm, nou dwe toujou di Bondye mèsi, nou
dwe rekonesan tou anvè pwochen nou, tout moun k'ap ede nou, moun k'ap ankouraje
nou nan sa ki bon, moun ki nan sèvis nou. Nou dwe gen rekonesans tou anvè
Legliz la. Sen yo te toujou gen atitid sa a. Sen Toma d'Aken di nou gen twa
fason yo te konn fè sa: premyèman nan rekonesans yo manifeste nan kè yo;
dezyèmman nan fè lwanj ak konpliman pou Bondye ak pawòl; finalman nan fason yo
chèche rekonpanse zèv Bondye yo ak zèv nan lavi yo, selon posiblite chak moun
genyen.
Jodi a,
Jezi envite nou fè kè nou kontan, paske avèk li nou gen tout garanti pou
ranpòte lavitwa sou lanmò, ak sou tout fòs fènwa yo. «Se pou nou fè kè nou kontan pito paske non
nou ekri nan syèl la».
Nou tout
ki se kretyen, nou gen mil rezon pou nou fè kè nou kontan nan Levanjil la. Pap Franswa fè nou sonje
sa nan Entwodiksyon Ekzòtasyon Apostolik, Evangelii Gaudium:«Kè kontan Levanjil la ranpli kè ak tout
lavi sila yo ki rankontre ak Jezi. Tout moun ki kite Jezi sove yo, yo chape
anba peche, tristès, yo pa santi kè yo vid ankò, yo pa santi yo pou kont yo
ankò».
LAPRIYÈ: Mèsi Bondye paske ou delivre nou anba
pouvwa peche ak lanmò! Fè nou viv kòm pitit rezireksyon.
PWOPOZISYON: M’ap lage
mwen nan men Bondye ak yon konfyans total.
No hay comentarios:
Publicar un comentario