Páginas

DIMANCH 7-10-2018


Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Y’ap de nan yon sèl chè".
LEKTI LIV LAJENÈZ 2, 18-24
Granmèt Bondye di:
"Li pa bon pou moun nan sèl pou kont li; an nou fè yon èd pou li ki sanble ak li".
Konsa, Granmèt Bondye pran labou, li fòme tout bèt tè a ak tout zwazo syèl la, li mennen yo bay Adan, pou l’ wè kijan li t’ap rele yo; tout sa Adan rele nan bèt vivan yo, se non l’ sa. Adan bay tout bèt vivan yo non yo, ni tout zwazo syèl la, ni tout bèt tè a. Sèlman Adan pa t’ jwenn yon èd ki sanble ak li.
Se pousa Granmèt Bondye voye yon gwo dòmi lou nan Adan ; pandan l’ap dòmi, li pran youn nan kòt li yo, epi li mete chè nan plas la. Ak kòt la li te pran nan Adan an, Granmèt Bondye fòme yon madanm, li mennen l’ bay Adan.
Adan di : "Sa a koulye a se zo ki sòti nan zo m’ yo, se chè ki sòti nan chè m’: y’ap rele sila a nègès, paske se nan nèg la yo te pran l’. Se pousa mesye a ap kite papa l’ak manman l’epi l’ap kole kò l’ kot madanm li, epi yo toulede ap yon sèl chè".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 127, 1-2. 3. 4-5. 6 (r.: cf. 5)
R/ Se pou Granmèt la beni nou toulejou lavi nou.
Se chans pou tout moun ki respekte Granmèt la, k’ap mache nan chemen l’ yo.
Se travay men ou w’ap manje, se chans pou ou, sa ap bon pou ou.R.
Madanm ou ap tankou yon pye rezen ki byen donnin sou bò lakay ou ;
pitit ou yo ap tankou ti pye oliv ki fèk pouse alantou tab ou a.R.
Se konsa moun nan beni, moun sa a ki respekte Granmèt la.
Se pou Granmèt la beni ou antan l’ nan Siyon, se pou ou wè byen Jerizalèm toulejou lavi ou.R.
Se pou ou wè pitit pitit ou yo, lapè pou Izrayèl!R.
DEZYÈM LEKTI
"Sila a ki fè moun vin sen an ak sila yo ki vin sen yo, se nan yon sèl yo tout sòti".
LEKTI LÈT POU EBRE YO 2, 9-11
Frè m’ yo :
Sila a ki te vin twouve l’ ti kras pi ba pase mesaje yo, Jezi, nou wè l’ kouwonnen avèk bèlte ak konsiderasyon poutèt soufrans lanmò a; gras a favè Bondye a 1i te gen pou l’ goute lanmò pou tout moun.
Sila a tout bagay fèt poutèt li a epi pa lantremiz li a, li menm ki t’ap mennen tout pakèt pitit yo nan bèlte a, se nòmal pou l’ te kondui sila a ki t’ap sove yo a nan dènye bèlte li, gras a soufrans la. Sèke sila a k’ap fè yo vin sen an epi sila yo ki vin sen an se nan yon sèl yo tout yo sòti. Se poutèt sa li pa wont rele yo frè.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Sa Bondye mare ansanm, moun pa ka separe li".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 10, 2-16
Lè sa a:
Farizyen yo pwoche, yo poze Jezi kesyon: "Si yon mari gen dwa ranvwaye madanm nan", yo t’ap eseye l’.
Men li menm li reponn, li di yo: "Ki lòd Moyiz te pase nou?"
Yo di: "Moyiz te pèmèt pou ekri yon biyè divòs, epi pou ranvwaye l’".
Jezi reponn yo, li di: "Se poutèt kè nou te di, se pousa li te ekri lòd sa a pou nou an. Men nan kòmansman lakreyasyon an, ‘se gason ak fi Bondye te fè yo. Se poutèt sa mesye a ap kite papa l’ak manman l’epi l’ap kole kò l’ kot madanm li, epi yo toulede ap yon sèl chè’. Se pousa yo pa de ankò, men se yon sèl chè yo ye. Konsa sa Bondye mare, moun pa gen dwa separe l’".
Lè l’ tounen lakay la, disip li yo poze l’ kesyon sou menm bagay sa a. Li di yo : "Nenpòt ki moun ki ranvwaye madanm li epi ki pran yon lòt, li fè yon adiltè sou li. Epi si yon madanm ranvwaye mari l’epi li marye ak yon lòt, li fè adiltè".
Yo te prezante ti moun piti ba li pou l’ te touche yo ; disip yo menm t’ap kouri dèyè moun yo ki t’ap vin prezante yo a. Lè Jezi wè sa, li fache, li di yo : "Kite ti moun yo vin jwenn mwen, pa anpeche yo; se pou sa k’ sanble ak yo rèy Bondye a ye. An verite mwen di nou, tout moun ki pa resevwa rèy Bondye a tankou yon ti moun piti, li p’ap antre ladan l’".
Li anbrase yo, li poze men sou yo, li beni yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, lekti Labib yo pale nou de maryaj la. Lè 2 moun marye, se kòm si yo fè yon sèl. Pou yo kenbe relasyon sa a, fòk gen respè youn pou lòt. Ni mari a ni madanm nan, se pou youn trete lòt la menm jan li ta swete pou lòt la trete li. Lè fini, pou yon relasyon mesye-dam rete djanm, fòk yo kominike tout sa k’ nan kè yo, youn avèk lòt. Epi pou relasyon an ka dire, fòk gen padon nan mitan yo. Si yo viv tout sa, pitit yo ap grandi kòm moun debyen. Tout fanmi an ap gen kè poze ak kè kontan.
Nòmalman, minis ki “fè” sakreman yo onon Jezi se pè a. Men sakreman maryaj la diferan. Nan sakreman sa a, pè a se yon senp temwen li ye. Se madanm ak misye k’ap marye a ki se minis sakreman an. Se yo menm ki reprezante Jezi, paske yo chak ap bay tèt yo pou lòt la. Sakreman sa a, li pa fini nan jou maryaj la. Se pou rès lavi y’ap selebre l’, y’ap reyalize yon jès ki se yon siy pou nou tout, pou nou ka konprann jan Granmèt la renmen nou, menm jan madanm nan renmen mari li, menm jan mari a renmen madanm li.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri, tout mesye-dam marye yo, ede yo viv byen ansanm, ede yo leve pitit yo kòm moun debyen nan sosyete a. Ede yo aprann youn padonen lòt. Bay yo tout sa yo bezwen pou yo ka reyalize misyon yo a sou latè a. Amèn.
PWOPOZISYON: M’ap ankouraje tèt ansanm nan fanmi an, mwen p’ap lakoz divizyon.

No hay comentarios:

Publicar un comentario