Koulè
Vèt.
PREMYE LEKTI
"Se pa nan men yon moun mwen te resevwa
levanjil la, ni mwen te aprann li, men se gras a revelasyon Jezikri".
LEKTI LÈT
APOT PÒL KI SEN POU GALAT YO 1, 6-12
Frè m’ yo:
Mwen sezi wè
kijan nou gen tan deja travèse kite sila a ki te rele nou nan favè Jezikri a,
pou nou suiv yon lòt levanjil; men se pa yon lòt vre, sèlman se kèk moun k’ap
twouble nou, ki vle chanje levanjil Jezikri a.
Men, menm si nou
menm oubyen yon Mesaje ki sòti nan syèl la ta anonse nou yon levanjil ki pa
levanjil sa mwen te anonse nou an, madichon pou li. Jan nou te deja di a, mwen repete l’ koulye a: Si yon moun anonse nou
yon levanjil ki pa sa nou te resevwa a, madichon pou li.
Èske se favè
moun m’ap chèche oubyen favè Bondye? Oubyen èske m’ap chèche fè moun plezi. Si
m’ t’ap chèche fè moun plezi toujou, mwen pa ta sèvitè Jezikri.
Frè m’ yo,
levanjil mwen te preche a, m’ap fè nou konnen se pa daprè lèzòm li ye. Ni mwen menm, se pa nan men moun mwen te resevwa l’, ni mwen te aprann
li, men se Jezikri ki te devwale m’ li.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 110, 1-2. 7-8. 9 e 10e (r.: 5b)
R/ L’ap sonje contra
l’ la pou tout tan.
M’ap fè lwanj
Granmèt la ak tout kè m’, nan reyinyon moun kòrèk yo ak Legliz la.
Travay
Granmèt yo gran, yo merite tout moun ki anvi yo chèche yo.R.
Travay men
l’, se verite ak jijman.
Tout
kòmandman l’ yo merite konfyans,
yo asire pou
tout tan gen tan, yo fèt nan verite ak jistis.R.
Li voye
delivrans pou pèp li a,
li kòmande
contra l’ la pou tout tan.
Non l’ sen,
li terib;
lwanj li dire
pou tout tan gen tan.R.
LEVANJIL
"Kilès ki pwochen m’?"
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 10, 25-37
Lè sa a:
Gen yon
pwofesè lalwa a ki leve pou l’ eseye Jezi, li di: "Mèt, ki sa pou m’ fè
pou m’ gen lavi tout tan an?"
Li menm li di
l’: "Nan lalwa a kisa k’ ekri? Kisa ou li?"
Li reponn, li
di: "Se pou ou renmen Granmèt Bondye ou ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak
tout fòs ou, ak tout lespri ou, epi pwochen ou tankou ou menm".
Jezi di l’:
"Ou reponn byen: fè sa, w’a viv".
Li menm menm
li te vle bay tèt li rezon, li di Jezi: "Epi kilès ki pwochen m’?"
Jezi reprann,
li di: "Yon mesye t’ap desann sot Jerizalèm al Jeriko, li tonbe nan men
asasen, yo pran tout sa l’ te genyen, yo bat li, yo pati kite l’ mwatye vivan.
Gen yon prèt k’ap pase, ki t’ap desann nan menm chemen an, li wè l, li kontinye
wout li. Menm jan an tou yon moun ki te nan sèvis kay sakre a, lè l’ rive bò
kote l’, li wè l’, li kontinye chemen l’.
Men gen yon
Samariten ki t’ap vwayaje, li rive bò kote l’, li wè l’, kè l’ fè l’ mal. Li pwoche, li panse kote l’ te blese yo, li vide luil ak diven, li mete l’
sou milèt li, li mennen l’ nan yon lotèl, li okipe l’. Nan landmen, li sòti de
pyès lajan, li renmèt mèt lotèl la, li di: "Okipe l’; tout sa ou a depanse
an plis, lè m’a tounen, m’a renmèt ou li".
Daprè ou menm
kilès nan twa sa yo ki sanble li se pwochen sila a ki te tonbe nan men asasen
yo?"
Li di:
"Sila a ki te gen kè sansib pou li a".
Jezi di l’:
"Ale, ou menm tou, fè menm jan".
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Pwochen li, se "Sila a ki te
gen kè sansib pou li a"
Jodi a, yon pwofesè
lalwa poze Jezi yon kesyon ke petèt nou te deja poze tèt nou: «Mèt, ki sa pou
m’ fè pou m’ gen lavi tout tan an?» (Lk 10,25). Se te
yon kesyon malentansyone, paske li te vle eseye Jezi. Avèk anpil sajès, Mèt la
reponn li, li di li sa ki ekri nan lalwa a, sa vle di «renmen Bondye epi renmen pwochen
w’ tankou ou renmen pwòp tèt pa w’» (Lk 10,27). Kle a se renmen. Si
n’ap chèche lavi pou tout tan an, nou konnen «sa yo ki toujou la: se konfyans,
se espwa, se renmen. Men, nan twa bagay sa yo, se renmen ki pi gran» (1 Ko
13,13). Kèlkeswa pwojè nou gen lavi a, kèlkeswa espirityalite nou genyen, si li
pa chita sou renmen, ebyen sa fè nou pèdi sans ekzistans nou. Youn nan bagay ki
enpòtan, se lanmou chak moun genyen pou pwòp tèt li; pafwa nou bliye sa. Nou kapab renmen Bondye ak pwochen nou tout bon vre, se apati pwòp
idantite nou.
Pwofesè lalwa a ale pi lwen toujou pou
li mande Jezi: «Epi kilès ki pwochen m’?
» (Lk 10, 29). Jezi ba li repons la atravè yon istwa, yon parabòl, san
konplikasyon, men ki trè enpòtan. Modèl pwochen an, se yon Samariten, sa vle di
yon moun sosyete a mete sou kote, yon moun ki pa jwenn plas li nan mitan pèp
jwif la. Ni prèt la, ni moun ki te nan sèvis sakre a, malgre yo te
wè Samariten an benyen nan san, prèske mouri atè a, yo pase yo pa okipe l’.
Sila yo ki sanble pi pre Bondye, se yo menm ki pi lwen pwoche an. Pwofesè lalwa
evite pwononse mo «samariten» an pou di Jezi kilès ki te konpòte li tankou
pwochen sila ki te blese a e li di: « Sila a ki te gen kè sansib pou li a» (Lk
10,37).
Sa Jezi pwopoze nou an, se yon bagay ki klè: «Ale, ou menm tou, fè menm jan». Se yon envitasyon pou nou viv
reyalite lanmou an, ki pa yon senp santiman, puiske se yon fason nou aji pou
nou elimine diskriminasyon nan sosyete a; se yon santiman ki sòti nan pwofondè
kè yon moun. Sen Jan de Lakwa fè nou sonje, «lè
solèy la kouche nan lavi nou, se sou lanmou Bondye va jije nou».
LAPRIYÈ:
Bondye Papa, tanpri ede nou temwaye renmen ak mizerikòd nan jan n’ap sèvi
pwochen nou kòm bon samariten. Pa pouvwa Jezikri. Amèn
PWOPOZISYON: M’ap sispann
rete endiferan fas ak pwoblèm lòt yo, m’ap pote sekou nan fason mwen kapab.
No hay comentarios:
Publicar un comentario