Páginas

MADI 9-10-2018


Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Li devwale Pitit li a nan mwen, pou m’ te kapab preche l’ nan nasyon yo".
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU GALAT TO 1, 13-24
Frè m’ yo:
Nou te tande konduit mwen lontan, lè m’ te nan relijyon Juif la, kijan m’ te konn pèsekite legliz Bondye a depase mezi, kijan mwen te konn fè l’ lagè. Mwen te fè plis pwogrè pase anpil nan moun ki gen menm laj avèk mwen yo, nan ras mwen an, mwen te jalou anpil pou sa zansèt mwen yo te transmèt nou yo.
Sèlman, sila a ki te mete m’apa depi nan vant manman m’ nan, ki te rele m’ gras a favè l’ la, pou l’ devwale Pitit li a nan mwen, lè l’ deside pou m’anonse levanjil li a bay nasyon yo, menm lè a, mwen pa konsilte ni chè ni san; mwen pa al Jerizalèm kot Apot yo ki te la anvan m’ nan, men m’ale an Arabi, aprè sa mwen tounen Damas. Aprè twazan ankò, mwen vin Jerizalèm pou m’ wè Pyè, mwen rete kenz jou kote l’. Mwen pa wè okenn lòt Apot, sof Jak, frè Granmèt la. Devan Bondye, sa m’ ekri nou an, se pa manti m’ap fè.
Aprè sa, mwen vin nan rejyon Lasiri ak Silisi. Sèlman, Juif yo ki nan Jezikri a, yo pa t’ rekonèt mwen; sa sèlman yo te konn tande, sèke sila a ki te konn pèsekite nou lontan an, koulye a l’ap anonse levanjil lafwa a li t’ap konbat lontan an; yo t’ap fè konpliman pou Bondye poutèt mwen menm.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 138, 1-3. 13-14ab. 14c-15
R/ Kondui m’, Granmèt, sou wout tout tan an.
Granmèt, ou sonde m’, ou kondui m’, ou konnen chita m’ ak leve m’.
Ou konprann panse m’ depi byen lwen, tras wout mwen ak kouche m’, ou ekzamine yo.
Tout wout mwen yo, ou wè yo byen klè.R.
Paske se ou menm ki te fòme ren m’, ou te trese m’ nan vant manman m’.
M’ap fè lwanj ou, paske ou te fòme m’ yon fason ekstrawòdinè, aksyon ou yo ekstrawòdinè.R.
Nam mwen konnen yon ti kras.
Zo m’ pa t’ kache lwen ou, lè mwen te fèt nan sekrè, lè mwen t’ap fòme tankou yon twal nan fon tè a.R.
LEVANJIL
"Mat resevwa l’ lakay li. Mari chwazi pi bon pòsyon an".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 10, 38-42
Lè sa a:
Jezi antre nan yon bouk; yon madanm yo te rele Mat resevwa l’ lakay li. Li te gen yon sè yo rele Mari, ki te chita pou kont li nan pye Granmèt la, l’ap koute pawòl li yo.
Mat menm t’ap fatige kò l’ anpil nan sèvis la; li kanpe, li di: "Granmèt, sa pa fè ou anyen, pou sè m’ nan kite m’ ap sèvi tou sèl? Manyè di l’ pou l’ ede m’".
Jezi pran lapawòl, li di l’: "Mat, Mat, ou pran tèt chaje, ou pran traka pou anpil bagay. Epoutan se yon sèl ki nesesè: Mari chwazi pi bon pòsyon an, sa yo p’ap wete nan men l’ nan".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Mat, mat, ou pran tèt chaje, ou pran traka pou anpil bagay. Epoutan se yon sèl ki nesesè».
Jezi yo te envite nan fwaye Betani an, ba nou yon leson imanite: Li menm ki te renmen lòt yo, li kite yo renmen li, puiske tou lede bagay sa yo enpòtan. Si yon moun ta rejte afeksyon Bondye ak lòt yo, sa se ta yon grav erè ki ka gen move konsekans pou sentete a.
Mari ou Mat? Men… Poukisa yo konfwonte sila yo ki te renmen youn lòt, e ki te renmen Bondye? Jezi te renmen Mat ak Mari, ak frè li Laza, e li renmen nou tout ak nou chak.
Sou chemen sentete a, pa gen de nanm ki idantik. Nou tout, nou chak, ann eseye renmen Bondye, men avèk pwòp estil ak pèsonalite pa nou, san nou pa imite lòt moun. Modèl nou se Kris la ak Lavyèj Mari. Èske fason lòt yo renmen Bondye deranje ou? Eseye aprann nan fason yo viv relasyon yo ak Bondye.
«Granmèt, sa pa fè ou anyen, pou sè m’ nan kite m’ap sèvi tou sèl? Manyè di l’ pou l’ ede m’» (Lik 10,40). Sèvi lòt yo akoz lanmou nou gen pou Bondye, se yon lonè, se pa yon chay. Èske nou sèvi lòt yo ak kè kontan, tankou Lavyèj Mari te sèvi kouzin li Elizabèt oubyen lè nòs Kana a, oubyen tankou Jezi te sèvi patizan li yo lè Dènye Soupe a?
«Mat, Mat, ou pran tèt chaje, ou pran traka pou anpil bagay. Epoutan se yon sèl ki nesesè. (Lik 10,41-42). An nou pa pèdi trankilite ak bon santiman nou. Pou nou rive fè sa, ann chache pran prezans Bondye an konsiderasyon. «Aprann sa byen: gen yon bagay ke nou chak nou dwe dekouvri, yon bagay ki sen, ki sòti nan Bondye, ki kache nan sitiyasyon n’ap viv chak jou (…); swa nou konnen kòman pou nou jwenn Bondye nan lavi chak jou nou, swa nou pa janm jwenn li» (Sen Jozemari).
«Mari chwazi pi bon pòsyon an, sa yo p’ap wete nan men l’ nan». (Lik 10, 42). Bondye vle nou viv ak kè kontan. Se pou Manman nou ki nan Syèl la ede nou jwenn kè kontan nan fason nou konsakre tèt nou nan sèvis lòt yo.
LAPRIYÈ: Granmèt, fè m’ tankou yon zouti nan men w’. Kote k’ gen chagren, fè m’ mete kè kontan. Kote k’ gen rayisman, fè m’ mete renmen. Kote moun ap doute, fè m’ ede yo kwè. Amèn.
PWOPOZISYON: Pran tan pou koute lòt yo, se pi bon fason pou nou aprann akeyi yo.

No hay comentarios:

Publicar un comentario