Koulè
Vèt
PREMYE
LEKTI
«Èske se
gras a travay lalwa a nou te resevwa Lespri a oubyen si se akoz prèch lafwa a?»
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU
GALAT YO 3, 1-5
Galat yo, moun san konprann, kilès
ki pran tèt nou pou nou pa obeyi laverite a, aprè nou fin trase devan je nou
pòtre Jezikri ki kloure sou kwa a? Yon sèl bagay mwen vle aprann
nan men nou: èske se gras a aksyon lalwa a nou te resevwa Lespri a oubyen si se
gras a lafwa a nou te tande a? Èske nou sòt dekou: lè nou fin kòmanse ak Lespri
a, pou se ak chè a nou fini koulye a? Èske se pou granmesi nou pase tout tray
sa yo? Si sèlman se te pou granmesi! Sila a ki te ba nou Lespri a, ki te
reyalize bon kalite yo nan nou an, èske li te fè l’ poutèt nou te fè aktivite
lalwa yo oubyen poutèt nou te koute sa lafwa a mande a?
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
REPONS Lk 1, 69-70.
71-72.
73-75
R/Konpliman pou Granmèt Bondye
Izrayèl, paske li vizite pèp li a.
Li drese
kòn delivrans pou nou nan kay David sèvitè l’ la;
jan l’
te pale nan bouch sen yo, ki te la depi lontan yo, pwofèt li yo.R.
Delivrans
sot nan men lènmi nou yo, ak nan men tout moun ki rayi nou yo:
pou l’ fè
kè l’ sansib avèk zansèt nou yo, pou l’ fè sonje kontra l’ la ki sen an.R.
Sèman an
li te sèmante bay Abraam zansèt nou an, pou l’ te fè nou favè pou nou pa pè,
pou l’ delivre nou sot nan men lènmi nou yo, pou nou sèvi l’ antan nou sen, nou
kòrèk devan l’ pandan tout jou nou yo.R.
LEVANJIL
"Mande,
y’ap ba nou".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 11, 5-13
Lè sa a:
Jezi di disip li yo:
«Kilès
nan nou si l’ gen yon zanmi k’al kote l’ nan mitan nannuit, ki di l’: ‘‘Zanmi,
prete m’ twa pen, paske mwen gen yon zanmi ki vin sòti nan vwayaj, li rive
lakay mwen, mwen pa gen anyen pou m’ mete devan li’’; si lòt la reponn anndan
an: ‘‘Pa anbete m’; pòt la deja fèmen, ti moun mwen yo avèk mwen nan kabann;
mwen pa kapab leve pou m’ ba ou?’’
Men, si
mesye a kontinye ap frape, mwen di nou: Menm si li p’ap leve pou l’ ba li l’
kòm zanmi, l’ap leve kan menm, l’ap ba li tout sa l’ bezwen, poutèt lòt la ap
anbete l’ la.
Mwen
menm mwen di nou: Mande, y’ap ba nou; chèche, n’ap jwenn; frape, y’ap louvri ba
nou. Sèke tout moun ki mande li resevwa, moun ki chèche li
jwenn, moun ki frape, yo louvri ba li.
Kilès tou
nan nou menm kòm papa, si pitit nou mande nou pen: èske n’ap ba l’ wòch? oubyen
pwason: èske n’ap ba l’ koulèv nan plas pwason an? oubyen, si l’ mande nou ze,
èske n’ap lonje yon skòpyon ba li? Si nou menm, malgre nou move a, nou konn bay
pitit nou bon bagay, Papa nou ki nan syèl la ap ba nou bon lespri a pi plis
toujou pou moun ki mande l’».
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi a, Levanjil la se yon katechèz Jezi sou
lapriyè. Li fè nou konnen ak kè kontan ke Papa a toujou koute priyè nou. «Mande, y’ap ba nou; chèche, n’ap jwenn;
frape, y’ap louvri ba nou» (Lik 11,9).
Nou
kapab panse ke se pa toujou konsa sa ye nan Pratik, ke bagay yo pa konsa. Men
nou dwe priye kòmsadwa!
Premyèman, avèk konstans, pèseverans. Nou
dwe priye san nou pa janm dekouraje, menm si nou ta gen enpresyon priyè nou yo
pa monte mòn. Se atitid sa a mesye a te genyen lè li t’ap frape pòt kay zanmi
li nan mitan nuit la. Gras ak ensistans li, li resevwa sa li te bezwen an.
Bondye se zanmi ki koute sou pa anndan sila ki janm dekouraje a. Nou dwe kwè
Granmèt la ap ba nou kan menm sa n’ap mande li, paske li se zanmi nou epi li se
Papa nou.
Kalite Bondye genyen kòm Papa a,
depase sa lòm genyen: «Si nou menm, malgre nou move a, nou konn bay
pitit nou bon bagay, Papa nou ki nan syèl la ap ba nou bon Lespri a pi plis
toujou pou moun ki mande l’» (Lik 11,13).
Pou
fini, nou pa dwe rete ap mande bagay materyèl sèlman, men tou se pou nou mande
Lespri Sen an. Jezi ankouraje nou fè sa, antan nou gen asirans ke nou resevwa
li: « (…) Papa nou ki nan syèl la ap ba
nou bon Lespri a pi plis toujou pou moun ki mande l’» (Lik 11,13). Papa
Bondye toujou koute priyè sa. Se kòmsi se gras lapriyè nou mande, puiske se
Lepri Sen an ki sous ak orijin li.
Frè Jil
d’Asiz, kamarad Sen Franswa, rezime lide Levanjil sa a konsa, lè li di: «Priye ak fidelite ak devosyon, paske yon
gras ke Bondye pa t’ akòde ou fwa sa a, li ka kominike w’ li nan yon lòt
okazyon. Bò kote pa
ou, fè ou tou piti antan ou mete lespri ou nan Bondye epi Bondye li menm ap
mete gras li nan ou, selon bon plezi li».
LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri vide Lespri Sen w’ nan
nan kè nou, puiske se li k’ap aprann nou kisa pou nou di nan lapriyè.
PWOPOZISYON: Menm si
mwen poko jwenn sa m’ap mande Bondye a, m’ap kontinye priye ak espwa.
No hay comentarios:
Publicar un comentario