Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Sila yo
ki sou kont lafwa-a, yo jwenn benediksyon avèk Abraam ki fidèl la".
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU GALAT YO 3, 7-14
Frè m’ yo:
Nou konnen sila yo ki viv sou kont lafwa-a, se yo menm ki pitit Abraam.
Labib la te prevwa sa, paske se ak lafwa Bondye fè nasyon yo vin kòrèk, li te
anonse Abraam sa davans, se "nan ou tout nasyon yo ap jwenn benediksyon".
Konsa, sila yo ki viv sou kont lafwa-a, yo jwenn benediksyon avèk Abraam ki
fidèl la.
Tout moun k’ap viv sou kont lalwa-a, yo anba madichon-an; sèke men sa ki
ekri: "Madichon pou tout moun ki pa rete nan tout sa k’ ekri nan liv lalwa-a
pou yo fè yo". Nan lalwa-a pèsònn pa kapab anrèg devan Bondye, se bagay ki
klè, paske "Moun ki kòrèk la, se sou kont lafwa li viv". Lalwa-a pa
soti nan lafwa-a; men "moun k’ap fè tout sa lalwa-a mande-a va jwenn lavi
ladan l’". Jezikri delivre nou sot nan madichon lalwa-a, li vin tounen
madichon pou nou, paske men sa ki ekri: "Madichon pou tout moun yo pandye
sou bwa-a". Sa te fèt konsa pou benediksyon Abraam nan rive nan Jezikri
pou pèp ki pa juif yo, pou nou resevwa pwomès Lespri-a gras a lafwa-a.
Pawòl Granmèt
la.
SÒM REPONS 110,
1-2. 3-4. 5-6 (r.: 5b)
R/ L’ap sonje kontra
l’ la pou tout tan.
M’ap fè lwanj
Granmèt la ak tout kè m’, nan reyinyon moun kòrèk yo ak legliz la.
Travay
Granmèt yo gran, yo merite tout moun ki anvi yo chèche yo.R.
Travay li se
bèlte ak grandè, jistis li dire pou tout tan gen tan.
Li fè sonje
mèvèy li, Granmèt la gen kè sansib, li pran pitye.R.
Li bay moun
ki respekte l’ yo manje; l’ap sonje contra l’ la pou tout tan.
Li anonse fòs
aksyon li yo bay pèp li a, pou l’ ba li eritaj nasyon yo.R.
LEVANJIL
"Si se
ak dwèt Bondye mwen chase demon yo, rèy Bondye a rive jous lakay nou".
MEN BÒN NOUVЀL JEZIKRI A DAPRЀ SEN LIK 11, 15-26
Lè sa-a:
Kòm Jezi t’ap chase demon yo, gen kèk moun nan foul la ki t’ap di:
"Se ak pouvwa Bèlzeboub, chèf demon yo, li chase demon". Epi dòt menm
t’ap eseye l’, yo mande l’ pou l’ fè mirak sot nan syèl.
Li menm menm, kòm li te wè panse yo, li di yo: "Tout peyi wa ki
divize sou pa anndan, l’ap detwi, kay ap tonbe sou kay. Konsa si Satan divize sou pa
anndan, kouman rèy li kapab ret kanpe? N’ap di se ak pouvwa Bèlzeboub m’ap chase
demon yo. Men si se ak pouvwa Bèlzeboub m’ap chase demon yo, pitit nou yo menm,
ak pouvwa kilès y’ap chase? Se pousa se yo menm k’ap jij nou. Sèlman, si se ak dwèt Boye m’ap chase demon yo, rèy Bondye tou rive sou
nou. Lè yon moun ki gen fòs, ki gen zam, ap veye lakou l’, sa l’ posede yo, yo
asire. Men si yon
moun ki pi fò pase l’ rive, li ranpòte laviktwa sou li, l’ap pran tout zam li
yo, kote li te mete konfyans li a, l’ap separe sa l’ pran yo.
Moun ki pa avèk mwen, li kont mwen; epi moun ki pa ranmase ansanm avèk mwen,
l’ap gaye.
Lè Lespri papwòp la soti nan yon moun, l’al mache nan kote ki pa gen
dlo, l’ap chèche repo, li pa jwenn, li di: 'M’ap tounen nan lakay mwen an kote
mwen te soti a'. Lè l’ rive, li jwenn kay la pwòp, san fatra, byen dekore. Lè
sa a l’al pran sèt lòt lespri ki pi mechan pase l’, yo antre, yo abite la.
Dènye sityasyon moun sa a ap pi mal pase premye a".
An nou fè
lwanj ak konpliman pou Granmèt la.
REFLEKSYON: Nan
Levanjil jodi a, nou wè kijan gen kèk moun ki montre yo pa gen lafwa nan Jezi e
yo pa rekonèt li kòm Pitit Bondye. Moun ki t’ap viv nan menm tan ak Jezi, yo te
derekonèt ke bye li t’ap fè a se nan pouvwa Bondye li sòti. Defans Jezi a li
trè senp: satan pa kapab batay kont satan. Byen an depase mal la e mal la
paralize byen an. «Tout peyi wa ki
divize sou pa anndan, l’ap detwi, kay ap tonbe sou kay. Konsa si Satan divize sou pa anndan, kouman
rèy li kapab ret kanpe?».
Kòm moun, se pa tout tan nou kapab kwè nan tèt
nou. Kwè nan pouvwa Bondye, se gen lafwa nan sila ki gen pouvwa e ki gen anpil
lanmou, ki manifeste nan tout evénman nan lavi nou, nan tout evénman nan lemond
ak nan linivè a.
Lespri Bondye a, se li menm ki toujou mennen nou
nan Lavi a ak Laverite a. Gen lòt lespri ki kapab distrè nou avèk fo pwomès,
men nou pa bezwen pè yo lè n’ap chèmen chemen Bondye ak yon kè sensè, lè nou
suiv Pawòl Jezi yo.
LAPRIYЀ: Granmèt, tanpri resevwa lwanj ak konpliman n’ap fè pou ou jodi a, pou
tout byen nou resevwa nan men ou ak pou grande bèlte ou.
PWOPOZISYON:
An nou fè atansyon ak vwa k’ap mete nou nan distraksyon sou chemen nou
kòm disip-misyonè. An nou montre respè ak lanmou pou tout moun k’ap sèvi
Bondye, menm si yo diferan avèk nou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario