Koulè Vèt
PREMYE
LEKTI
«Mache nan
renmen an tankou Jezikri li menm»
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU
EFEZYEN YO 4, 32-5,8
Frè m’
yo:
Se pou
nou youn bon pou lòt, pou nou gen bon kè, pou nou youn padonnen lòt, tankou
Bondye li menm te padonnen nou nan Jezikri.
Konsa se
pou nou pran modèl sou Bondye, tankou pitit li renmen anpil; se pou nou mache
nan renmen an, tankou Jezikri li menm te renmen nou epi li te renmèt pwòp tèt
li bay Bondye pou nou kòm kado ak sakrifis ki santi bon.
Kanta
pou move plezi a, ni tout kalite bagay ki pa pwòp oubyen renmen lajan, yo pa
dwe nonmen non yo menm nan mitan nou, jan sa dwe fèt pou sen yo; ni bagay ki fè
moun wont, ni move mo, ni move plezantri, bagay ki pa gen plas yo la; men se
pou nou di Bondye mèsi pito.
Aprann
sa byen: tout moun k’ap fè move plezi oubyen moun ki pa pwòp oubyen moun ki
renmen lajan, — e sa se yon sèvis zidòl, — yo pa gen eritaj nan peyi-wa Jezikri
ak Bondye. Pa kite pèsònn twonpe nou ak pawòl ki vid; se poutèt sa reyèlman
kòlè Bondye a rive sou pitit ki rebèl yo. Pa fè asosye avèk yo.
Lontan
nou te pèdi wout nan fènwa, koulye a menm se limyè a nan Granmèt la: se pou nou
mache tankou pitit limyè.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
REPONS 1, 1-2. 3. 4 e 6 (r.: cf; Ef. 5, 1)
R/ Se pou nou pran modèl sou Bondye, tankou pitit li renmen anpil yo.
Ala
kontantman pou moun ki pa ale nan reyinyon moun ki pa respekte Bondye yo, ki pa
kanpe nan chemen moun peche yo, ki pa chita nan gwoup moun k’ap pase lalwa a
nan jwèt yo, men se nan lalwa Granmèt la volonte l’ ye, se nan lalwa l’ la l’ap
kalkile lajounen kon lannuit.R.
L’ap
tankou yon pye bwa ki plante sou bò kouran dlo, k’ap donnen fwi l’ nan tan li,
li p’ap pèdi fèy li, tout sa l’ap fè ap reyisi.R.
Se pa
konsa pou moun ki pa respekte Bondye yo, se pa konsa, men y’ap tankou pousyè
van ap voye jete.
Sèke
Granmèt la konnen chemen moun kòrèk yo, men wout moun ki pa kòrèk yo ap peri.R.
LEVANJIL
«Pitit
fi Abraam sa a, èske se pa pou yo te delivre l’ sot nan chenn nan jou saba a?»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN
LIK 13, 10-17
Lè sa a:
Jezi
t’ap bay ansèyman nan sinagòg yo a jou saba. Te gen yon madanm, ki te gen yon
espri feblès depi dizuitan, li te plwaye, li pa t’ kapab gade anlè ditou.
Lè Jezi
wè l’, li rele l’ vin jwenn li, li di l’: «Madanm, ou geri sot anba maladi ou
la». Li poze men sou li, menm lè a madanm nan drese, li
pran fè lwanj Bondye.
Chèf
sinagòg la menm pran lapawòl, li te kontrarye poutèt se jou saba a Jezi te fè
gerizon an, li di foul yo: «Gen sis jou, kote yo dwe travay; se jou sa yo pou
nou vin fè yo geri nou, se pa jou saba».
Jezi
menm reponn li, li di: «Ipokrit, èske, jou saba a, nenpòt ki moun nan nou pa
lage bèf li oubyen bourik li sot nan pak, pou l’ mennen l’ al bwè dlo? Epi pitit
fi Abraam sa a, li menm Satan te mare depi dizuitan, èske yo pa t’ dwe lage l’
sot nan chenn sa a jou saba a?»
Pandan
l’ ap di bagay sa yo, tout ènmi l’ yo te vin wont anpil, men tout pèp la t’ap
fè kè l’ kontan pou tout mèvèy li t’ap fè yo.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi a, Jezi pwoklame li se Mesi a. Fas ak deklarasyon
sa a, chèf sinagòg la vekse e li pase moun yo lòd pou yo pa chache gerizon jou
Saba a: «Gen sis jou, kote yo dwe travay;
se jou sa yo pou nou vin fè yo geri nou, se pa jou saba». (Lik 13,14)
Mwen ta
renmen nou fè yon ti gade atitid pèsonaj sa a. Sa te toujou frape mwen lè mwen
konstate kijan anpil fwa moun nan kapab fèmen sou li menm, atèl pwen, fas a yon
mirak li temwen, li rete endiferan. Se kòmsi li pa wè sa ki sot pase
a epi li pa konnen ki sa sa vle di. E rezon an, se paske nan epòk sa a yo pa t’
entèprete lansèyman Bondye a kòrèkteman.
Pou kèk
rezon—antropolojik, kiltirèl, oubyen pwojè Bondye — li inevitab pou pa ta gen
konvansyon ant Bondye ak lèzòm. Pwoblèm nan, sèke Juif yo te fè konvansyon sa
yo tounen yon bagay absoli. Alòske konvansyon sa yo pa mete yo an relasyon ak
Bondye, men yo rete bloke nan pwòp konvansyon pa yo. Nan sans sa a, Bondye pa
ka aji pou li konble yo ak gras li, kado li, renmen li; kidonk pratik relijyez
yo a pa anrichi lavi yo.
Tout sa
mennen yo nan yon move entèpretasyon reliyon an, e sa fè yo fèmen dye yo nan
limit yo. Yo fabrike yon dye sou mezi epi yo pa kite li antre nan lavi yo. Nan
fason yo pratike relijyon an, yo kwè depi yo obsève atik yo tout bagay deja
rezoud. Nou ka konprann reyaksyon Jezi a: «Ipokrit,
èske, jou saba a, nenpòt ki moun nan nou pa lage bèf li oubyen bourik li sot
nan pak, pou l’ mennen l’ al bwè dlo? (Lik 13,15).
Pawòl
Bondye a ta dwe ede nou ekzamine fason nou entèprete relijyon an, epi ede nou
disène si konvansyon nou yo mete nou an rapò ak Bondye, ak lavi a. Se lè nou
rive entèprete règ yo kòrèkteman ke n’ap kapab konprann fraz Sen Ogisten an:
«Renmen epi fè sa ou vle»
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri aprann mwen gen konpasyon ak
mizerikòd pou m’ pa rete endiferan devan souvrans ak kalamite frè ak sè m’ yo.
PWOPOZISYON: Kisa
mwen konsidere ki pi enpòtan nan lavi mwen?
No hay comentarios:
Publicar un comentario