Páginas

DIMANCH 28-10-2018


Koulè Vèt.
TRANTYÈM DIMANCH ÒDINÈ, ANE-B.
PREMYE LEKTI
"M’ap fè avèg la ak moun k’ap bwate a tounen nan kè sansib la".
LEKTI LIV PWOFÈT JEREMI 31,7-9
"Danse nan kè kontan, Jakòb, rele kot chèf nasyon yo; sonnen twonpèt, chante, di: 'Granmèt, sove pèp ou a, rès Izrayèl yo'.
Men m’ap kondui yo sot nan peyi nan nò a epi m’ap rasanble yo sot nan bout tè a. Nan pami yo ap gen avèg ak moun k’ap bwate, madanm ki ansent epi sa ki fèk akouche, se yon gran foul k’ap tounen isit la.
Ak dlo nan je, yo te pati, nan kè sansib m’ap fè yo tounen, m’ap kondui yo nan ravin dlo, nan wout ki dwat, yo p’ap bite nan chemen an, paske mwen se yon papa pou Izrayèl, epi Efrayim se premye pitit mwen".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 125, l-2ab. 2cd-3. 4-5. 6 (r.: 3)
R/ Granmèt la fè mèvèy pou nou; nou gin kè kontan.
Lè Granmèt la t’ap fè ekzile Siyon yo tounen an,
nou te tankou nan rèv.
Lè sa a bouch nou te plen kontantman,
lang nou te plen chante fèt.R.

Lè sa a yo t’ap di nan pami nasyon yo:
"Granmèt la fè mèvèy pou yo".
Granmèt la fè mèvèy pou nou;
nou gen kè kontan.R.

Granmèt, fè ekzile nou yo tounen,
tankou ravin nan sid yo.
Moun k’ap simen ak dlo nan je,
y’ap rekòlte ak kè kontan.R.

Yo t’a prale, yo t’ap kriye,
yo t’ap pote semans pou yo simen an;
y’ap tounen ak kè kontan,
y’ap pote zepi yo.R.
DEZYÈM LEKTI
"Ou se prèt pou tout tan, nan ran Mèlkisedèk".
LEKTI LÈT POU EBRE YO 5, 1-6
Tout prèt an chèf, se nan pami moun yo, yo pran l’, pou enstale l’ pou moun yo nan kesyon ki gen rapò ak Bondye, pou l’ofri kado ak sakrifis pou peche yo; li kapab gen pitye pou sa yo ki pa gen konprann, ki pèdi wout, paske li menm tou li vlope ak feblès; se pousa, li gen pou l’ofri sakrifis pou peche pa l’ menm jan ak pou pèp la. Pèsòn pa pran mak konsiderasyon sa a ak pwòp fòs li, men se moun Bondye rele tankou Aawon.
Se konsa Jezikri pa t’ bay pwòp tèt li glwa antan l’ te vin prèt an chèf; men se sa a ki te di l’ konsa a: "Ou se Pitit mwen, mwen menm jodi a, mwen ba ou nesans"; menm jan yon lòt kote, li di: "Ou se prèt pou tout tan nan ran Mèlkisedèk".
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Mèt, fè m’ wè".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 10, 46-52
Lè sa a:
Pandan Jezi ap sòti Jeriko, ansanm ak disip li yo ak yon pakèt foul moun, pitit Time a, Batime, yon avèg, te chita bò chemen an, li t’ap mande charite. Lè l’ tande se Jezi moun Nazarèt la, li kòmanse rele byen fò, li di: "Jezi, pitit David, pran pitye pou mwen". Men foul moun yo t’ap fè l’obsèvasyon pou l’ pe bouch li; men li menm se lè sa a li t’ap rele pi rèd: "Pitit David, pran pitye pou mwen".
Jezi kanpe, li pase lòd pou yo rele l’. Yo rele avèg la, yo di l’: "Pran kouraj; leve, l’ap rele ou", li menm, li voye manto l’ jete, li vòltije vin jwenn li. Jezi pran lapawòl, li di l’: "Ki sa ou vle pou m’ fè?"
Avèg la di l’: "Mèt, fè m’ wè".
Jezi menm di l’: "Ale, lafwa ou sove ou". Menm lè a, li wè, li suiv li sou wout la.
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jr 31,7-9 >: Pwofèt Jeremi kòmanse diskou sa ak yon pawòl kè kontan kote l’envite nou fè kè nou kontan nan Granmèt la k’ap vin sove rès pèp Izrayèl, yon pèp k’ap bite, k’ap tonbe-leve, yon pèp ki gen lavi li make ak doulè ak soufrans. Jeremi anonse Granmèt la ap kondui pèp li a nan chemen linite. Li anonse yon gwo rasanbleman. Nan rasanbleman sa a y’ap fè a ap gen moun ki gen tout kalite pwoblèm, se Granmèt la k’ap envite yo kase tèt tounen vin jwenn li : yo te pati ak dlo nan je, kounye a li vle fè yo tounen nan kè kontan (Sòm 125). Jodi a, se nou tout Granmèt la envite vin jwenn li nan kè kontan ak nan kè poze pou nou ka fè yon sèl nan li.
He 5,1-6 > : Nan tradisyon Legliz la te toujou gen pè (prèt) depi lontan pou te ofri sakrifis, men pè sa yo, selon jan sa te ye, fòk yo te sòti nan ras pè pou yo te ka vin pè. Pè sa yo te gen peche menm jan ak pèp la, se pou sa yo te ofri sakrifis bay Bondye pou pwòp tèt pa yo ak pou pèp la.
Men, se Jezikri ki vini kòm Gran Prèt an chèf paske se Papa a ki rele l’, ki di l’: «Ou se Pitit mwen jodi a, mwen ba w’ nesans»; epi l’ te di l’ tou: «Ou se prèt pou tout tan nan ran Mèlkisedèk». Se yon fason pou di sasedòs Jezi a pi wo pase sasadòs ansyen prèt yo, Jezi pè pou tout tan selon lòd Mèlkisedèk. Jezi ofri yon sèl sakrifis pou peche nou tout kapab jwenn padon. Sakrifis li a, se pwòp lavi li li ofri bay Bondye Papa a, se gras a li jodi a nou kapab di nou gen espwa lavi pou tout tan.
Mak 10, 46-52 >: Jezi se vrè limyè ki vini pou klere nou tout, pou nou kapab mache nan bon chemen k’ap mennen nou bò kot Bondye. Batime te rankontre ak Limyè sa a. Li te tande pale de Jezi epi l’ te kwè l’ te kapab sove l’; se lafwa li nan Bondye ki fè l’ vin wè. Li pa t’ konn Jezi men l’ te tande yo t’ap pale de li e li te mete tout konfyans li nan li. Aksyon Jezi poze a, se akòz lafwa Batime. Moun yo te bare wout pou li pou l’ pa t’ rankontre ak Jezi, men li t’ap ensiste antan li t’ap rele byen fò. Batime te gen konviksyon si Jezi te touche li, zye li t’ap vin louvri. Jezi pa t’ rete endiferan: li fè moun yo vini avè l’ epi l’ mande l’ kisa li vle li fè pou li; li reponn li: « Mwen vle w’ fè m’ wè». Menm lè a Jezi di l’ «se pou w’ wè», e se konsa  Batime wè tout bon vre paske l’ te kwè!
Nan tan n’ap viv la gen anpil moun ki avèg menm jan ak Batime, men gen yon lòt kalite avègleman sa manifeste nan plizyè aspè nan lavi nou: lamizè, grangou, enjistis, diskriminasyon rasyal, enpinite, elatriye; nou bezwen yon lafwa solid menm jan ak Batime pou nou ka kwè reyèlman vre Jezi kapab delivre nou.
Anpil nan nou lè nou gen pwoblèm se paske n’ manke lafwa ki fè n’ pa jwenn gerizon;  nou gen dout sou prezans Bondye nan lavi nou, nou manke fè Bondye konfyans. An nou met tout konfyans nou nan Bondye e nou va jwenn solisyon.
LAPRIYÈ: Papa Bondye, tanpri, fè nou nou chèche Jezi Pitit ou a, konsa lè nou rankontre ak li, nou va wè bèlte w’ la nan li. Amèn.
PWOPOZISYON: Jodi a, m’ap rele bay Jezi. Mwen sèten l’ap tande rèl siplikasyon mwen, l’ap delivre mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario