Koulè Vèt
PREMYE
LEKTI
«Jezikri
se tèt la, kote tout kò a pran sous pou devlope a»
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU EFEZYEN YO 4, 7-16
Frè m’
yo:
Chak moun
nan nou jwenn kado gras la daprè sa Jezikri mezire pou li a.
Se pousa yo di: «Antan l’ monte
nan wotè a, li kondui prizonye, li bay moun yo kado yo».
Kesyon li monte sa a, sa sa vle
di, si se pa paske li te kòmanse desann nan rejyon ki anba tè a? Sa a ki desann
nan, se li menm tou ki te monte anlè tout syèl yo, pou l’ plen tout bagay.
Se li menm ki bay kèk moun gras
pou yo apot, kèk moun menm se pwofèt, dòt ankò evanjelis, dòt menm se gadyen ak
savan sakre. Kado sa yo se pou sen yo kapab vin kòrèk nèt nan travay sèvis la,
antan kò Jezikri a ap bati, joustan nou tout nou rive fè yon sèl nan lafwa a ak
konesans Pitit Bondye a, pou nou rive nan moun sa a ki kòrèk nèt la, nan mezi
dènye devlopman kote Jezikri anfòm nèt la. Konsa nou p’ap tankou ti moun piti
ankò k’ap ezite, nou p’ap kite yo fè nou fè laviwonn nan tout van move anseyman
moun, nan riz moun k’ap toudi nou nan move chemen; okontrè, antan n’ap fè
verite a nan renmen, n’a devlope nan tout bagay nan li menm, Jezikri ki tèt la;
se nan li tout kò a fè yon sèl, li mare ak tout kalite jwenti k’ap transmèt
mouvman an, daprè aktivite ki nan mezi chak manb, pou kò a devlope antan l’ap
bati nan renmen an.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
REPONS 121, 1-2. 3-4a. 4b-5
R/ Nan kay Granmèt la n’a prale ak kè kontan.
Mwen
kontan poutèt yo di m’: «Nan kay Granmèt la n’a prale».
Pye nou
deja kanpe nan pòt ou yo, Jerizalèm.R.
Sèke se
la ras yo ap monte, ras Granmèt la, temwayaj Izrayèl, pou fè lwanj non Granmèt
la.
Paske se
la twòn yo enstale pou jijman an, twòn kay David la.R.
LEVANJIL
«Si nou
pa fè penitans, nou tout ap peri menm jan»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN
LIK 13, 1-9
Lè sa a,
gen kèk moun ki pwoche, yo pote nouvèl bay Jezi sot Galile, sou moun yo Pilat
te mele san yo avèk sakrifis yo t’ap ofri yo; li pran lapawòl, li di yo: «Èske
nou kwè Galileyen sa yo te fè peche plis pase tout Galileyen yo, pou yo soufri
kalite bagay sa yo? Non, mwen di nou; men si nou pa fè penitans, nou tout ap
peri menm jan». Menm jan dizuit sa yo tou a te tonbe sou
yo na Siloe a, epi li te touye yo a, èske nou konprann yo menm yo te pi koupab
pase tout moun ki abite nan Jerizalèm? Non, mwen
di nou; men si nou pa fè penitans, nou tout menm jan n’ap peri.
Li te di
yo parabòl sa a tou: «Yon mesye te gen yon pye figye ki te plante nan jaden
rezen l’; li vin chèche fwi ladan l’, li pa jwenn.
Li di
jeran jaden pye rezen an: «Sa fè twazan m’ap vin chèche fwi nan pye figye sa a,
epi mwen pa jwenn; koupe l’, pouki sa pou l’ ap okipe plas nan tè a?»
Jeran an
reponn, li di l’: «Mèt, kite l’ ane sa a ankò, joustan mwen fouye alantou l’,
mwen mete fimye; petèt l’ap donnen fwi, otreman, w’a koupe l’ aprè».
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a,
Pawòl Jezi yo envite nou medite sou enkonvenyan oubyen dezavantaj ipokrizi. «Yon mesye te gen yon pye figye ki te plante
nan jaden rezen l’; li vin chèche fwi ladan l’, li pa jwenn» (Lik 13,6).
Ipokrit la, se sila ki montre sa li pa ye. Mansonj sa rive nan dènye limit li
lè moun nan fè kòmsi li se yon moun ki kòrèk, ki dwat (aspè moral) tandiske li
chaje ak vis ak defo, ouyen lè moun nan pran pòz li gen devosyon (aspè relijyon
an) nan chèchè pwòp enterè pa li, antan li neglije Bondye. Ipokrizi moral la fò
anpil nan mond la, ipokrizi relijyez la fè Legliz la anpil mal.
Pawòl Jezi te lanse kont eskrib yo ak farizyen yo pou vekse yo – ke
nou jwenn pi klè e dirèk nan lòt pasaj Levanjil — se pawòl tèrib. Nou pa kapab
li oubyen tande pawòl sa yo san nou pa santi yo touche kè nou, si vrèman nou te
tande yo epi konprann yo.
Se yon
bagay ki konsène nou tout, puiske nou tout nou manke koeran, paske nou fè
eksperyans kontradiksyon ant sa nou montre ak sa nou ye vrèman. Nou menm
politisyen, lè nou pwofite peyi a antan n’ap pwoklame ke se sèvi n’ap sèvi li;
nou menm polisye lè n’ap pwoteje gwoup kowonpi sou pretèks se lòd n’ap mete nan
popilasyon an; nou menm medsen, enfimyè, lè nou elimine lavi k’ap pran nesans,
sou pretèks medsin ap fè pwogrè; nou menm nan mwayen kominikasyon sosyal, lè
nou falsifye enfòmasyon epi nou pèvèti moun yo pandan nou di se divèti n’ap
divèti yo; nou menm k’ap administre lajan Leta, lè nou kase kèk biyè ladan pou
nou foure nan pòch nou (nan pòch pa nou oubyen nan pòch pati politik pa nou)
antan n’ap vante tèt nou kòmkwa nou se moun
ki onèt, moun ki serye; nou menm layik, lè nou anpeche relijyon
manifeste piblikman nan non libète konsyans; nou menm relijye, lè nou viv sou
do enstitisyon nou yo akoz enfelite nou ak lespri ak ekzijans fondatè yo; nou
menm pè yo, lè nou ap viv gras a lotèl la epi nou pa sèvi fidèl pawas nou yo
avèk senplisite ak lespri Levanjil la; elatriye.
E ou menm ak mwen, nan ki mezi konsyans nou di nou sa nou dwe fè ak sa
nou pa dwe fè, pou nou ka pase tan nou ap gade ti pay ki nan je lòt la, san nou
pa menm vle rann nou kont de bout bwa ki avegle nou an. Wi ou non?
Jezi,
Sovè mond lan, sove nou anba medyokrite nou yo ak anba gwo ipokrizi nou yo!
LAPRIYÈ: Granmèt,
tanpri ede m’ konbat tout ipokrizi ki nan mwen, antan m’ap montre sou pa deyò
sa mwen ye sou pa anndan an.
PWOPOZISYON: Avan
mwen lonje dwèt sou lòt yo, m'ap gade ki defo mwen geyen nan lavi mwen ke mwen
dwe korije.
No hay comentarios:
Publicar un comentario