Koulè Vèt.
PREMYE
LEKTI
«Yon sèl
kò, yon sèl Granmèt, yon sèl lafwa, yon sèl batèm»
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU EFEZYEN
YO 4,1-6.
Frè m’ yo:
Mwen lapriyè nou, mwen menm
prizonye nan Granmèt la, pou nou mache daprè direksyon kote yo rele nou an,
antan nou tou piti nan kè n’, nou tou dou; se pou nou pran pasyans pou nou youn
sipòte lòt nan charite a; fè efò pou nou konsève lespri ki fè nou fè yon sèl la
nan chenn lapè a: yon sèl kò ak yon sèl lespri, menm jan se nan yon sèl espwa
yo rele nou kote yo rele nou an; yon sèl Granmèt, yon sèl lafwa, yon sèl batèm;
yon sèl Bondye ak Papa tout moun, ki anlè tout moun, ki nan tout bagay epi ki
nan nou tout.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
REPONS 23, 1-2. 3-4ab. 5-6 (r.: cf. 6)
R/ Sa a, se ras moun k’ap chèche fas ou yo, Granmèt.
Pou
Granmèt la tè a ak sa k’ plen l’, fas tè a ak sa k’ abite ladan l’.
Paske se
li menm ki poze l’ sou lanmè yo, ki rann li solid sou gran larivyè yo.R.
Kilès
k’ap monte sou mòn Granmèt la, oubyen kilès k’ap kanpe sou plas li ki sen an?
Moun ki
gen men l’ inosan ak kè l’ nèt, ki pa nonmen non l’ pou granmesi.R.
Moun sa a
ap resevwa benediksyon nan men Granmèt la ak sa k’ fè moun vin kòrèk la nan men
Bondye delivrans li a.
Sa a se ras moun k’ap chèche l’ yo, k’ap chèche fas Bondye
Jakòb la.R.
LEVANJIL
«Nou
konn obsève sans fas syèl la ak tè a; men tan sa a, kòman nou fè pa obsève l’?»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SE LIK 12,
54-59
Lè sa a:
Jezi te di foul yo:
«Lè nou
wè yon nyaj k’ap monte sot nan direksyon kot solèy kouche a, menm lè a, nou di
«Lapli ap vini», epi se sa k’ fèt. Epi, lè se van nan sid k’ap soufle, nou di:
«L’a pral fè cho», epi sa rive. Ipokrit, nou konn jije fas syèl la ak tè a; men
kòman fè nou pa kapab jije tan sa a? Pouki sa nou menm ak pwòp tèt pa nou nou
pa jije sa k’ kòrèk la tou?
Lè w’a
pral devan chèf la ansanm avèk lènmi ou, pandan ou sou wout la eseye antann ou
avèk li, pou li pa renmèt ou nan men jij la, jij la menm pa lage ou nan men gad
la, pou gad la menm pa mete ou nan prizon.
Mwen di ou: «Ou p’ap sòti la,
joustan ou pa fin renmèt dènye santim nan».
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan
premye lekti jodi a Pòl envite nou, pou nou priye pou n’ kab fè yon sèl fanmi
nan yon menm lespri; li di nou se pou nou fè kò nou piti, se pou nou dou, sa ki
pi bèl toujou, li ekzòte nou se pou nou gen anpil pasyans pou youn kab sipòte
lòt ak charite nan yon chenn lapè: ala bèl pawòl Pòl yo bèl! Se pou nou konsève
chalè Lespri Sen an k’ap soude nou youn ak lòt, paske se li ki rasanble nou
ansanm, yon sèl Granmèt, yon sèl lafwa, yon sèl Batèm.
Menm jan Pòl ap ekzòte nou nan yon
seri de bagay, se konsa Sen Lik nan Levanjil li ekri a, ap ede nou fè diferans
ant sa ki nesesè ak sa ki esansyèl, lè nou entèprete siy tan yo, sa ede nou
òganize travay nou yo.
Pa ekzanp, lè n’ap fè jaden, nou
veye sezon lapli, epi avèk lalin nan, menm jan tou, nou kapab òganize nou nan
relasyon nou gen ak Bondye Granmèt la, pou nou kab wè si nou kòrèk ak sa li
mande n’, fòk nou entelijan, lè n’ antre nan dyalòg ak Bondye pou n’ konprann
byen ki sa l’ap mande nou.
Sen Lik
envite n’ aprann rekonsilye youn ak lòt davans pou nou pa al peye sa aprè: chak
fwa nou rekonsilye, se wayòm Bondye a nou konstwi sou tè a, pou nenpòt tikrik
tikrak, nou pa bezwen rive devan jij. Lè nou pran chemen rekonsilyasyon, balans
lavi nou ekilibre.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri, ede nou sispann viv
tankou chen ak chat, aprann nou youn sipòte lòt nan renmen, nan dyalòg ak nan
rekonsilyasyon.
PWOPOZISYON: Chèche
viv nan dyalòg ak amoni.
No hay comentarios:
Publicar un comentario