Koulè
Vèt.
PREMYÈ LEKTI
“Koulye a yo devwale mèvèy sakre Jezikri a, nasyon yo
vin eritye pwomès la tou”.
NAN LÈT APOT PÒL KI
SEN POU EFEZYEN YO 3, 2-12
Frè m’ yo :
Si nou te tande ki
responsabilite favè Bondye a, yo te ban m’ pou nou an ! sèke daprè sa yo
devwale ban mwen an, yo fè m’ konnen mèvèy sakre a, jan m’ te ekri de mo sou sa
pi wo a; antan n’ap li 1’, nou kapab konprann konesans afon mwen genyen nan
mèvèy sakre Jezikri a, mèvèy sakre sa a, pitit moun yo pa t’ konnen 1’ nan lòt
jenerasyon yo jan yo devwale 1’ koulye a bay apot li yo ki sen yo epi bay
pwofèt yo nan Lespri a : nasyon yo gen menm eritaj la, yo manb menm kò a, yo
patisipe nan menm pwomès li a nan Jezikri, gras a Levanjil la. Levanjil sa a
mwen vin tounen sèvitè 1’ la, daprè kado favè Bondye ban mwen an gras a fòs
pouvwa 1’.
Mwen menm ki pi piti
nan tout sen yo, se mwen menm yo fè favè sa a pou m’ anonse nasyon yo richès
Jezikri yo pa kapab sonde yo, pou m’ fè tout moun wè byen klè valè mèvèy sakre
a ki kache depi syèk tan nan Bondye, li menm ki kreye tout bagay la; se dekwa
pou chèf yo ak otorite yo nan syèl yo rekonèt bon konprann Bondye a nan divès
fòm li gras a Legliz la. Men sa 1’ vin reyalize nan Jezikri Granmèt nou an,
daprè desizyon ki te regle depi syèk tan davans. Nan Jezikri nou gen konfyans e
nou kapab pwoche avèk asirans gras a lafwa nan li a.
Pawòl Granmèt
la
SÒM REPONS Iz.
12, 2-3. 4bcd. 5-6
R/ N’ap tire dlo ak kè kontan nan sous Sovè a.
Men Bondye sovè m’ nan, mwen gen konfyans, mwen pap pè,
paske fòs mwen ak lwanj mwen se Granmèt la, vin sèvi m’ delivrans.
Nap tire dlo ak kè kontan nan sous sovè a.R.
Fè lwanj pou Granmèt la, rele non 1’, fè konnen mèvèy li yo nan nasyon
yo;
sonje kijan non 1’ anlè nèt. R.
Chante pou Granmèt la paske li fè mèvèy, anonse sa sou tout tè a.
Danse, fè lwanj, pèp Siyon, paske li gran nan mitan ou, Sen Izrayèl la.R.
LEVANJIL
“Tout moun yo bay anpil, y’ap mande 1’ anpil”.
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 12, 39-48
Lè sa a :
Jezi di patizan 1’ yo
: “Aprann sa, si mèt kay la te konnen kilè vòlè a t’ap vini, li t’ap veye
sètènman, epi li pa t’ap kite yo kase kay li a. Ebyen nou menm tou se pou nou
pare, paske se lè nou pa panse a, Pitit moun nan ap vini”.
Pyè menm di 1’ :
“Granmèt, èske se pou nou menm ou ap di parabòl sa a, oubyen si se pou tout
moun ?
Granmèt la di :
“Kilès jeran fidèl ki gen ladrès, pou mèt li enstale 1’ kòm responsab moun
lakay la, pou 1’ ba yo pòsyon manje a nan tan yo bezwen an ? Se chans pou
sèvitè sa a, si lè mèt la rive, li jwenn li ap fè sa. An verite mwen di nou, se
sou tout sa 1’ posede 1’ap enstale 1’. Men si sèvitè sa a ret ap di nan kè 1’: ‘Mèt
mwen pran tan pou 1’ rive’, epi li kòmanse frape sèvitè yo, gason kon fi, 1’ap
manje, 1’ap bwè, 1’ap soule tèt li, mèt sèvitè sa a ap rive jou li pa espere a,
ak lè li pa konnen an, 1’ap mete 1 deyò, 1’ap konsidere1’ nan menm ran ak moun
ki pa fidèl yo.
Sèvitè sa a ki konnen
volonte mèt li a, epi ki pa t’ pare, ki pat fè volonte 1’,1’ap pini 1’ rèd; men
sila a ki pa t’ konnen epi ki fè bagay ki merite kou, 1’ap pini 1’ yon ti kras.
Tout moun yo bay anpil, y’ap reklame anpil nan men 1’; moun yo renmèt anpil,
y’ap mande 1’ plis”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Nou menm tou, se pou nou pare,
paske se lè nou pa panse a, Pitit moun nan ap vini».
Jodi a,
pòsyon Levanjil nou li a ap ede nou konprann kijan chak moun dwe yon (jeran)
administratè : lè nou fèt, nou resevwa tout kapasite (richès) ki pou ede
nou reyalize nou nan lavi a. Nou dekouvri ke kapasite sa yo, menm pwòp lavi nou
se kado Bondye fè nou, paske nou pa t’ fè anyen pou nou te resevwa yo. Se de
talan sa yo Jezi pale nou( cf.Mat.25,15), se kalite nou dwe pran swen tout otan
n’ap viv.
Jezi di
nou : «Se lè nou pa panse a, Pitit moun nan ap vini» (Lk 12,40). Lespwa
nou se nan vini Granmèt. Men jodi a, isit la, Jezi fè li prezan nan lavi nou,
nan senplisite ak konpleksite chak moman. Se Jodi a tou nou kapab viv Wayòm
Bondye ak konkou lagras li. Sen Ogisten fè nou sonje sa nan pawòl Sòm
32,12 : «Ala bon sa bon lè yon peyi gen Granmèt la pou Bondye li !
Ala bon sa bon pou pèp li chwazi li rele l’ pa l’ la !
«Nou menm
tou se pou nou pare» (Lk 12,40), se yon ankourajman pou nou rete nan fidelite
Bondye. Nou responsab pou nou fè talan nou te resevwa nan lavi nou yo donnen.
Antan nou konnen volonte Mèt nou (Lik 12,47), se sa nou rele konsyans la, e se
sa kif è nou responsab akzyon nou. Repons nou dwe bay pwochen nou, tout sa ki
gen lavi nan li, se yon repons ki dwe plen lanmou.
LAPRIYÈ : Bondye Papa, pa kite
nou dòmi nan fènwa move santiman nou yo, tanpri fè Lespri ou anime nou, pou nou
travay nan solidarite pou solèy lavi a ka klere nou.
PWOPOZISYON: «Se lè nou
pa panse a, Pitit moun nan ap vini» (Lk 12,40). Si Jezi ta frape pòt kay mwen
jodi a, èske mwen pare pou mwen resevwa li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario