Páginas

MADI 23-10-2018


Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
“Li se kè poze nou, li menm ki fè toulede vin tounen yon sèl”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN POU EFEZYEN YO 2,12-22
Frè m’ yo :
Nan tan sa a, nou te san Kris, nou te andeyò kominote Izrayèl la, nou te etranje parapò a testaman yo, nou pa t’ gen espwa pwomès la, nou te san Bondye sou tè sa a. Koulye a menm, nan Jezikri, nou menm ki te lwen lontan an, nou vin tou pre nan san Jezikri a.
Se li menm ki kè poze nou, li menm ki fè toulede vin tounen yon sèl la. Nan chè li, li kraze miray lantouraj la ki te separe nou an, rayisans la; li disparèt obligasyon lalwa kòmandman yo, pou 1’ te kapab rasanble toulede nan li menm nan yon moun nouvo, antan 1’ fè lapè. Li te vle rekonsilye toulede nan yon sèl kò avèk Bondye gras a kwa a, antan 1’ touye rayisans la nan li menm.
Li vini, li anonse Bòn Nouvèl kè poze a ba nou, nou menm ki te lwen yo, epi kè poze tou pou sila yo ki te tou pre yo; paske pa lantremiz li, nou kapab pwoche nou toulede nan yon sèl Lespri a kot Papa a.
Konsa nou pa ni etranje ni moun vini ankò, men nou se sitwayen vil sen yo, nou se moun lakay Bondye, nou bati sou fondasyon Apot yo ak pwofèt yo, wòch kwen ki anlè nèt la, se Jezikri; se nan tout kay la ki bati a ap monte vin tounen yon kay sakre ki sen nan Granmèt la; nan li nou menm tou yo bati nou pou nou vin tounen kay Bondye nan Lespri a.
Pawòl Granmèt la
SOM  84, 9ab-10. 11-12. 13-14
R/ Se kè poze, Granmèt la ap pale ak pèp li a.
M’ap koute sa Granmèt Bondye ap di, se kè poze 1’ap pale pou pèp li a ak sen 1’ yo.
Reyèlman vre delivrans li a tou pre moun ki respekte 1’ yo, pou bèlte a abite sou tè nou an. R.
Kè sansib ak verite rankontre, jistis ak kè poze anbrase.
Verite a leve sot sou tè a, jistis la panche sot nan syèl la. R.
Wi, Granmèt la ap bay bon kè a, tè nou an ap bay fwi 1’.
Jistis ap mache devan 1’, 1’ap poze pye 1’ sou wout la. R.
LEVANJIL
“Se chans pou sèvitè sa yo, si lè mèt la rive, li jwenn yo ap veye”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK 12, 35-38
Lè sa a : Jezi di patizan 1’ yo :
“Se pou ren nou mare, pou lanp nou limen nan men nou; nou menm se pou nou tankou moun k’ap tann mèt yo, lè 1’ vin sot nan nòs; pou, kon 1’ rive, li frape, la menm yo louvri ba li. Se chans pou sèvitè sa yo, si lè mèt la rive, li jwenn yo ap veye; an verite mwen di nou, 1’ap mare ren 1’,1’ap fè yo chita sou tab, 1’ap pase pou 1’ sèvi yo.
Si 1’ rive nan dezyèm vèy la, epi si se nan twazyèm vèy la li rive, epi li jwenn yo konsa, se chans pou sèvitè sa yo”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, nan lèt Sen Pòl ekri Efezyen yo, nou tande yon bèl nouvèl. Sen Pòl di konsa, nan Jezi pa gen zafè etranje ankò. Nou tout se sitwayen yon sèl nasyon, nou tout se pitit yon sèl fanmi.  Epi se Jezi ki fondasyon kay la.
Epoutan, nouvèl la sanble pa vre.  Okontrè, si n’ gade alawonnbadè, sa nou ka wè toupatou se divizyon. Pa sèlman yo meprize etranje, yo pa menm aksepte pitit yo ki fèt nan peyi a tankou manm nasyon an.  Anpil fanmi dozado.  Pati politik yo pito kraze peyi a avan yo mete tèt ansanm.  Si Jezi se fondasyon nou an tout bon, nou ta wè renmen li nan jan nou youn sèvi ak lòt. Men se pa sa nou wè.  Sa nou wè se chak koukouy klere pou jè l’. 
Kijan pou nou konprann sa ?  Èske Sen Pòl se moun fou ? Èske Bib la se yon pakèt bèl franse ak literati, ki pa gen anyen pou wè ak reyalite a ? Oubyen èske se nou menm ki poko fin konprann sa Sen Pòl ap di nou an ? 
Nou kapab jwenn yon repons pou kesyon sa yo nan denye fraz premye moso Labib la.  Menm tan Sen Pòl ap ba nou Bòn Nouvèl la, l’ap mande nou fè yon jefò pou fè nouvèl la tounen yon reyalite.  Si n’ batize, nou gen yon misyon. Se pou n’ mennen bak lavi nou nan Jezikri. Se nou menm ki pou mete renmen li a nan sosyete a, se nou menm ki pou mete pataj, se nou menm ki pou bati yon nasyon kote nou tout kapab viv byen ansanm.
Lespri Sen an la, ansanm avèk nou. Li anndan kè nou. Li la pou li ede nou fè kè nou, fanmi nou ak peyi nou tounen yon kay kote p’ap gen etranje, paske nou tout se moun kay la. Se nan kay sa a n’ap ka byen resevwa Jezi lè l’ vin frape nan pòt nou an.
LAPRIYÈ: Lespri Sen, tanpri souple, chanje kè nou, chanje mantalite nou, pou nou ka fè Bòn Nouvèl Jezi a tounen yon reyalite jodi a. Amèn.
PWOPOZISYON: Reflechi sou youn nan pwoblèm ki genyen nan fanmi w’oubyen nan katye kote w’ap viv. Kisa ou menm ou kapab fè pou mete renmen Jezi a nan sitiyasyon sa a ?  Pase m’ chita plenyen, pito m’ fè yon pa!

No hay comentarios:

Publicar un comentario