Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
«Li ba nou
lavi nan Jezikri, li fè nou chita avèk li nan syèl yo»
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU
EFEZYEN YO 2, 1-10
Frè m’
yo:
Nou te
mouri poutèt fot ak peche nou yo. Se nan yo nou te konn mache lontan daprè mòd
lavi sa a, daprè chèf pouvwa lè sa a, ki se lespri k’ap travay koulye a nan
pitit rebèl yo; se nan yo nou menm tou, nou tout lontan, nou te konn kondui tèt
nou an, nan lanvi chè nou an, antan n’ap fè sa chè a avèk vye lide yo mande a,
epi nou te vin tounen pitit kòlè tankou lòt yo daprè kondisyon lavi nou.
Malgre
sa, Bondye menm, ki rich nan kè sansib, poutèt gran charite l’ la li renmen nou
an, malgre nou te mouri akoz peche yo, li fè nou viv nan Jezikri, e se gras a
favè Jezikri a, nou sove; li leve nou, li fè nou chita avèk li nan syèl yo nan
Jezikri; li te vle konsa montre nan syèk ki t’ap vini yo richès favè l’ nan jan
l’ bon pou nou nan Jezikri.
Se gras
a favè a nou sove poutèt lafwa a, epi bagay sa a pa sòti nan nou menm: se yon
kado Bondye; se pa nan aksyon yo li sòti, pou pèsònn pa fè logèy.
Nou se
bagay li fè, li kreye nou nan Jezikri pou bon aksyon yo, sa Bondye te prepare
yo, pou nou mache nan yo a.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
REPONS 99, 2. 3. 4. 5 (r.: 3b)
R/ Se Granmèt la menm ki fè nou, se pou li nou ye.
Fè lwanj
pou Granmèt la, tout tè a, sèvi Granmèt la nan kè kontan;
antre
devan fas li avèk gran fèt.R.
Konnen Granmèt la se li menm ki
Bondye;
se li menm ki fè nou, se pou li
nou ye, pèp li ak mouton pak li.R.
Antre nan pòtay li yo avèk
lwanj, nan lakou l’ yo avèk kantik,
fè lwanj li, fè konpliman pou
non l’.R.
Paske Granmèt la bon;
pou tout tan kè l’ sansib pou
jenerasyon ak jenerasyon verite l’ la.R.
LEVANJIL
«Sa ou
pare yo, pou kilès y’ap ye?»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN
LIK 12, 13-21
Lè sa a:
Yon moun
nan foul la di Jezi: «Mèt, di frè m’ nan pou l’ separe eritaj la avèk mwen».
Jezi
menm di l’: «Monchè, kilès ki enstale m’ kòm jij oubyen notè sou nou?» Li di
yo: «Gade, fè atansyon pou nou evite tout lanbisyon richès; paske, yon moun te
mèt gen pakèt richès, se pa byen l’ yo ki kab garanti lavi li».
Li di
yon parabòl pou yo: «Te gen yon moun rich, jaden l’ te rapòte anpil richès, epi
li t’ap kalkile anndan kè l’, li t’ap di: «Ki sa m’ap fè, paske mwen pa gen
kote pou m’ ranmase rekòlt mwen yo?» Li di: «Men sa m’ap fè: m’ap kraze magazen
m’ yo, m’ap fè lòt ki pi gran, se la m’ap ranmase tout rekòlt mwen yo ak byen
mwen yo.
Epi m’ap
di nam mwen: Nam mwen, ou gen anpil byen ki an rezèv pou anpil ane; repoze ou,
manje, bwè, fè fèt».
Men Bondye
di l’: «Enbesil, nannuit sa a menm y’ap mande ou nam ou; sa ou te pare yo, pou
kilès y’ap ye?»
Se konsa li ye, moun k’ap ranmase
richès pou pwòp tèt pa l’, moun ki pa rich nan Bondye».
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
«Yon moun te
mèt gen pakèt richès, se pa byen l’ yo ki kab garanti lavi li»
Jodi a, si nou pa bouche zòrèy nou e si nou pa fèmen
je nou, n’ap konprann byen sa Levanjil la di nou: «Gade, fè atansyon pou nou evite tout
lanbisyon richès; paske, yon moun te mèt gen pakèt richès, se pa byen l’ yo ki
kab garanti lavi li» (Lk 12,15).
Kisa ki garanti lavi yon moun?
Nou konnen byen sa
ki garanti lavi Jezi, paske li di nou: «Papa
a gen pouvwa pou l' bay lavi. Konsa tou, li bay Pitit la pouvwa pou bay lavi
tou» (Jn 5,26).
Nou konnen lavi Jezi
sòti nan Papa, e lavi li se fè sa Papa vle, paske se sa ki nouriti li, e
volonte Papa a, pou tout moun sove, atravè lavi li Jezi bay pou zanmi li yo,
kote li montre pi gwo prèv lanmou pou lèzòm. Kidonk, lavi Jezi, se yon lavi li
resevwa nan men Papa, epi li remèt li bay Papa, akoz lanmou li gen pou Papa a
ak pou lèzòm.
Nan kondisyon sa a,
èske lavi moun nan te kapab gen valè pou sa li ye? Èske nou kapab nye ke lavi a se yon don (kado) Bondye fè nou? Èskè nou
pa dwe di Bondye mèsi pou sa? Sen Jewòm di nou: «Okenn moun pa dwe kwè li se mèt lavi li».
Nan sans sa a, nou kapab poze tèt
nou kesyon sa: «Ki sans lavi nou kapab genyen si li fèmen sou li menm, si li
pran plezi nan di: «Nam mwen, ou gen
anpil byen ki an rezèv pou anpil ane; repoze ou, manje, bwè, fè fèt» (Lk 12, 19)?
Si lavi Jezi se yon kado li
resevwa epi li bay nan lanmou, konsa tou lavi pa nou dwe yon don (kado) pou
Bondye ak pou frè ak sè nou yo, paske «moun
ki renmen lavi l' ap pèdi li. Men moun ki rayi lavi li pandan l' sou latè a,
l'ap konsève l' pou lavi ki p'ap janm fini an» (Jn 12, 25).
LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri ede nou kole kò nou sou
ou pou nou ka jwenn richès lavi ou revele nou nan Jezi, Pitit ou a. Amèn.
PWOPOZISYON: Si nou mete
lavi nou nan sèvis lòt yo, n’a gen garanti lavi ki p’ap janm fini an.
No hay comentarios:
Publicar un comentario