Páginas

DIMANCH 21-10-2018


Koulè Vèt
VENTNEVYÈM DIMANCH ÒDINÈ, ANE B
Jounen Mondyal Misyonè
PREMYE LEKTI
"Si l’ bay lavi l’ pou peche a, l’ap wè yon desandans k’ap dire lontan".
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI A 53,10-11
Granmèt la te vle kraze l’ nan feblès. Si l’ bay lavi l’ pou peche a l’ap wè yon desandans k’ap dire lontan, epi volonte Granmèt la ap reyalize nan men l’. Poutèt soufrans nam li, l’ap wè, l’ap satisfè. Nan syans li a sèvitè m’ nan ki kòrèk la ap rann anpil moun kòrèk, epi se li menm k’ap pote peche pa yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 32, 4-5. 18-19. 20 e 22 (r.: 22)
R/ Fè kè ou sansib pou nou, Granmèt o, paske nou espere nan ou.
Sèke pawòl Granmèt la dwat. Tout travay li yo merite konfyans.
Li renmen jistis ak jijman.
Kè sansib Granmèt la plen tè a.R.
Men je Granmèt la sou moun ki respekte l’ yo, sou moun yo ki espere sou kè sansib li a,
Pou l’ delivre nam yo sot nan lanmò, pou l’ nouri yo nan grangou.R.
Nam nou ap tann Granmèt la, paske li pote nou sekou, li pwoteje nou.
Se pou kè sansib ou sou nou Granmèt, menm jan nou espere nan ou.R.
DEZYÈM LEKTI
"An nou pwoche ak konfyans kot fotèy favè a".
LEKTI LÈT POU EBRE YO 4, 14-16
Frè m’ yo:
Nou gen yon prèt an chèf ki antre nan syèl la, Jezi Pitit Bondye a, se pou nou ret fèm nan deklarasyon lafwa nou an. Sèke nou pa gen yon prèt ki pa kapab sansib pou nou nan feblès nou yo, yo te eseye l’ nan tout bagay menm jan ak nou, sof nan peche a. Konsa, se pou nou pwoche ak konfyans kot fotèy favè a, pou nou jwenn kè sansib, pou nou jwenn favè nan sekou l’ap ba nou lè nou bezwen an.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Pitit moun nan vini pou bay lavi l’ pou delivrans pakèt foul moun yo".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 10, 35-45
Lè sa a:
Jak ak Jan pitit Zebede yo pwoche kot Jezi, yo di "Mèt, nou vle pou nenpòt ki sa nou mande ou, ou fè l’ pou nou".
Li menm li di yo: "Ki sa nou vle pou m’ fè pou nou?"
Yo di: "Fè nou favè pou nou chita youn adwat ou epi lòt la agòch ou nan bèlte ou la".
Jezi menm di yo: "Nou pa konnen sa n’ap mande. Èske nou kapab bwè kalis la m’ap bwè a? Oubyen, batèm nan m’ap batize a, èske nou kapab resevwa l’?"
Yo menm yo di l’: "Nou kapab".
Jezi menm di yo: "Kalis la m’ap bwè a, n’ap bwè l’; epi batèm nan m’ap batize a, n’ap resevwa l’. Men kanta pou chita adwat mwen oubyen agòch mwen an, se pa mwen menm ki bay sa, men se pou moun yo sa pare a".
Lè dis yo tande sa, yo kòmanse fache kont Jak ak Jan. Jezi menm rele yo, li di yo:
"Nou konnen sila yo ki sanble y’ap kòmande nasyon yo, yo fè otorite yo peze sou yo, epi chèf yo fè yo santi jan yo gen pouvwa sou yo. Sa pa dwe fèt konsa nan pami nou; men nenpòt ki moun ki vle vin gran, se pou l’ vin sèvitè nou, epi nenpòt ki moun ki vle vin premye, se pou l’ esklav tout moun. Paske Pitit moun nan pa vini pou yo sèvi l’, men pou l’ sèvi, epi pou l’ bay lavi l’ kòm delivrans pou tout pakèt moun yo".
An nou fè lwanj ak konpliman pou Granmèt la.
REFLEKSYON: Iz 53, 10-11► Granmèt la vle nou fè volonte l’ nan tout sa n’ap fè pou nou ka viv nan obeyisans avèk li tout bon vre. Li pa vle nou mete anyen pi wo pase l’. Si nou viv nan obeyisans ak li, volonte l’ap toujou fèt nan lavi nou. Nou mèt fè l’ konfyans, pawòl li dwat, li renmen jistis ak bon jijman. L'ap voye je sou moun ki respekte l’, sou moun ki met espwa nan li, pou l’ kapab delivre yo anba fòs mal, paske l’ vle pote n’ sekou epi pwoteje nou. Konsa, ann kontinye fè l’ konfyans nèt ale pandan tout lavi nou.
He 4,14-16► Nou dwe rete fèm nan lafwa paske Jezikri, Gran Frè nou an, Gran Prèt an chèf la, antre nan bèlte Bondye Papa a. Li sansib anpil pou nou e se pou nou li te bay lavi l’, nou mèt kontinye fè l’ konfyans paske l’ viv avèk nou, li konn feblès nou yo, pwoblèm ak tout soufrans nou. Li menm tou, yo te eseye l’ nan tout bagay, sof nan peche a; li menm ki Bondye li pa chape anba mechanste lèzòm.  Si nou asire nou sou li, n’ap gen laviktwa. An nou pwoche bò twòn li an avèk konfyans pou nou ka jwenn sekou ak favè nan men l’.
Mak 10,35-45►Jak ak Jan se kouzen Jezi, yo te vle pwofite yon ti avantaj pou yo chita bò kote li. Yo menm ak manman yo te ale kot Jezi pou fè li yon demand, men Jezi te gen tan konnen ke yo pa t’ap kapab chita bò kote l’ la; an reyalite mesye yo pa t’ konprann sa yo t’ap mande a, yo te sèlman vle fè wè yo chita bò kot Jezi menm jan nou tout nou swete sa.
Anpil fwa menm jan ak Jak ak Jan nou konn fè anpil demand, nou mande Bondye anpil kichòy; n’ap toujou kontinye mande men se Bondye sèl ki konnen sa nou merite, sa k'ap bon pou nou paske nou menm n’ap mande Bondye tout bagay san nou pa menm konprann sa n’ap mande a.
Bò kote Jezi se de bandi yo ki te kloure avè l’ yo ki te la, men Jak se li menm yo ta pral touye an premye nan Jerizalèm (Travay apot yo 12,2) epi Jan t’a pral pase mizè anba men Newon zou zile Patmos (Ap1, 9).
Jezi te mande Jak ak Jan si y’ap kapab bwè nan koup li a epi resevwa batèm li t’a pral pran an.Yo te di wi paske yo te inosan, yo pa t’ konprann anyen de sa yo t’ap di a. Jezi te di yo yo mèt vin bwè nan koup la epi batize nan batèm li an, men kanta pou chita bò kote l’ la se pa sou kont li sa ye, se Papa l’ ki konnen. Lòt disip yo te fache poutèt demand Jak ak Jan te fè a; men Jezi di yo yo dwe diferan de payen yo nan aksyon ak pawòl yo. Si nou vle vin pi gran se pou n’ fè n’ piti, epi si nou vle vin premye se pou n’ mete n’ nan sèvis lòt yo paske pitit moun nan vini pou l’ sèvi tout moun an general; men li pa vini pou l’ fè moun sèvi l’.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri aprann nou fè nou piti pou nou kapab sèvi lòt yo, olye pou nou ap chèche okipe gwo plas pou yo kapab sèvi nou. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: Menm si ou okipe gwo pòs, jodi a eseye rann yon moun yon sèvis.

No hay comentarios:

Publicar un comentario