Koulè
Vèt.
PREMYE LEKTI
"Li bay Jezikri kòm tèt sou legliz la, ki
kò li".
LEKTI LÈT
APOT PÒL KI SEN POU EFEZYEN YO 1, 15-23
Frè m’ yo:
Lè m’ tande
pale sou lafwa nou, ki nan Granmèt Jezi a, ak sou renmen nou genyen pou tout
sen yo, mwen pa sispann ap di Bondye mèsi pou nou, antan m’ap fè sonje nou nan lapriyè
m’ yo:
Se pou Bondye
Granmèt nou Jezikri, Papa bèlte a, ba nou lespri sajès avèk revelasyon ki fè
nou konnen l’ vre; se pou l’ klere je kè nou, pou nou konnen ki espwa ki genyen
nan rele li rele nou an, ki richès bèlte eritaj li a genyen nan sen yo, kijan
pouvwa l’ gran depase mezi nan nou menm ki kwè yo, daprè aktivite fòs pouvwa
l’, li deplwaye nan Jezikri, antan l’ leve l’ sot nan pami mò yo, li fè l’
chita adwat li nan syèl la, sou tout rèy, pouvwa, otorite ak kòmandman ak tout
non yo kapab nonmen, pa sèlman nan syèk sa a, men nan sa k’ap vini an tou.
Epi "li
mete tout bagay anba pye l’", li bay li kòm tèt sou tout legliz la, ki kò
li ak sa l’ plen an; se li menm Kris la ki reyalize tout bagay nan tout moun.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 8, 2-3a. 4-5. 6-7 (r.: cf. 7)
R/ Ou mete Pitit
ou a kòm chèf sou travay men ou yo.
Granmèt,
Granmèt nou, ala gran non ou gran sou tout tè a;
paske grandè
ou wo anlè syèl yo.R.
Nan bouch ti
moun piti ak sa ki nan tete yo, ou reyalize bèl lwanj.
Lè m’ wè syèl
ou yo, travay dwèt ou yo, lalin ak zetwal yo ou fikse:
sa moun nan ye, pou ou sonje l’?
oubyen pitit
moun nan, pou ou vizite l’? R.
Ou fè l’ vin
pi pa ba yon ti kras anba Mesaje yo, ak bèlte ak konsiderasyon ou kouwonnen l’;
ou mete l’
kòm chèf anlè travay men ou yo.
Tout bagay,
ou mete yo anba pye l’.R.
LEVANJIL
"Lespri Sen an ap aprann nou nan lè sa a
menm sa n’ap gen pou nou di".
MEN BÒN
NOUVEL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 12, 8-12
Lè sa: Jezi
di disip li yo:
"Tout
moun ki rekonèt mwen devan lèzòm, Pitit moun nan ap rekonèt li tou devan Mesaje
Bondye yo, men sa ki nye m’ devan lèzòm, m’ap nye l’ devan Mesaje Bondye yo.
Tout moun ki
di yon pawòl kont Pitit moun nan, y’ap padonnen l’; men moun ki derespekte
Lespri Sen an, yo p’ap padonnen l’. Lè yo fè nou konparèt nan kay reyinyon yo
ak devan majistra yo ak otorite yo, pa pran tèt chaje pou ki mòd jan oubyen ki
sa n’ap reponn oubyen kisa n’ap di; Lespri Sen an ap aprann nou, nan lè sa a
menm, sa nou gen pou nou di".
REFLEKSYON: «Tout moun ki
rekonèt mwen devan lèzòm, Pitit moun nan ap rekonèt li tou devan Mesaje Bondye
yo».
Jodi
a, Granmèt Jezi fè lanp lafwa nou limen e li fè nou gen plis lespwa sou li. Li di nou davans nou gen pou nou parèt devan Bondye
yon jou pou nou pase yon ekzamen. Tout moun ki te rekonèt Jezi, ki te defann li
nan bat tèt li, ebyen «Pitit moun nan ap
rekonèt li tou» (Lik 12, 8). Se
nan nou pale, aji, fason nou viv, se konsa nou kapab temwaye nou rekonèt Jezi.
Nan n’ap viv la, Jezi kontinye rele
nou pou nou konvèti, nan yon tan kote moun yo pa vle koute vwa Bondye ni swiv
chemen lavi a. Fason nou temwaye lafwa nou kapab genyen gwo konsekans sou lavni
nou. Nou pa kapab pwoklame lafwa nou paske nou pè chatiman. Okontrè se yon
nesesite ki mande pou nou pa pèdi tan, ki mande nou leve kanpe pou defann lavi.
Sen Jan Krizostòm di nou: «Bondye pa
mande nou yon lafwa sou pa anndan sèlman, li mande nou montre sa sou pa deyò
devan je tout moun, e se konsa li ankouraje nou gen plis konfyans ak plis
renmen nan kè nou».
Pwoklamasyon
lafwa sa a, se fòs ak asirans Lespri li a k’ap travay nan nou k’ap pèmèt nou
rete fèm. Fason Jezi kapab rekonèt nou devan mesaje yo trè enpòtan pou nou,
paske sa ap pèmèt nou wè li fas a fas, n’ap viva k li, limyè li a ap klere nou.
Si Jezi pa ta rekonèt nou, ebyen se yon sèl bagay n’ap konnen, se soufrans,
lanmò, fènwa.
An
nou mande Bondye lagras pou nou pa janm derekonèt Jezi akòz nou pè, oubyen akòz
nou inyoran; an nou kontinye kwè nan sa Legliz la anseye nou, an nou kite lafwa
nou pouse nou aji, an nou pran responsablite nou kòm kretyen. Nou pa dwe janm
pè soufri e menm mouri akòz non Jezi. Se
pou nou gen kouraj, se pou nou brav. Lespri Sen an avèk nou. Avèk Lespri Sen
an, nou gen Manman Mari tou ki akonpaye nou.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, tanpri bon fòs Lespri
w’ la pou m’ kapab toujou temwaye renmen w’ lan ak plis fòs, toutan nan lavi
mwen.
PWOPOZISYON: Nan fason m’ap aji ak pwoche mwen, m’ap montre mwen
rekonèt Jezi prezan nan li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario