Koulè
Vèt.
PREMYE
LEKTI
«Anvan,
nou te espere nan Jezikri, epi nou menm Lespri sen an make nou»
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU EFEZYEN YO 1, 11-14
Frè m’ yo:
Nan Jezikri yo chwazi nou, yo rele nou, nou menm tou,
pitit Izrayèl yo, yo destine nou davans daprè plan sila a ki fè tout bagay
daprè desizyon volonte l’ la, pou nou vin sèvi lwanj bèlte l’, nou menm ki te
espere davans nan Jezikri a. Nan li menm nou menm tou, lè nou te tande pawòl verite
a, levanjil delivrans nou an, lè nou te kwè nan li tou, Lespri Sen yo te pwomèt
la siyen nou, li menm ki avalwa eritaj nou an, pou delivrans k’ap vini an, pou
lwanj bèlte l’.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 32, 1-2. 4-5. 12-13
R/ Se chans pou pèp sa a Bondye
chwazi kòm eritaj li a.
Fete nan Granmèt la, nou menm ki
kòrèk yo; lwanj la ale ak moun ki dwat yo.
Fè lwanj
pou Granmèt la sou gita, sou enstriman dis kòd la, chante pou li.R.
Sèke
pawòl Granmèt la dwat, tout aksyon l’ yo nan fidelite.
Li
renmen jistis ak jijman, kè sansib Granmèt la plen tè a.R.
Se chans
pou nasyon an, ki gen Granmèt la pou Bondye l’, pèp la li chwazi kòm eritaj li
a.
Antan l’
nan syèl la Granmèt la voye je l’, li wè tout pitit moun yo.R.
LEVANJIL
«Tout
cheve tèt nou konte»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 12, 1-7
Lè sa a:
Anpil foul
te antoure Jezi, si tèlman youn t’ap mache sou pye lòt; Jezi kòmanse di disip
li yo: «Fè atansyon leven farizyen yo, sa vle di jan yo ipokrit. Nan pwen anyen
ki kache ki p’ap devwale, ni anyen ki an kachèt yo p’ap konnen. Sa nou di nan
fè nwa, y’ap di l’ nan limyè, epi sa nou pale nan zòrèy anndan chanm, y’ap
preche l’ sou tèt kay.
Nou menm
zanmi m’ yo, mwen di nou: Pa pè moun yo k’ap touye kò a, epi aprè sa yo pa
kapab fè anyen pi plis. M’ap montre nou kilès pou nou pè: se pou nou pè sila a,
lè l’ fin touye a, ki gen pouvwa pou l’ jete nan lanfè a. Wi, mwen di nou, se
sila a pou nou pè.
Èske yo pa vann senk ti zwazo
pou de goud, epoutan youn nan yo, Bondye pa bliye l’? Men tout cheve nan tèt
nou yo konte.
Konsa, pa pè: nou vo plis pase
anpil zwazo».
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi a, Granmèt la envite nou reflechi sou yon move
leven ki pa fè pen an leve, men ki fè li sanble gwosi, antan pen an rete kri
epi li pa nouri moun ki manje li: «Fè atansyon leven farizyen yo» (Lik 12,1).
Sa pa gen lòt non ke ipokrizi e se
yon aparans ‘‘byen’’, se yon mask ki fèt ak pyès ki gen plizyè koulè, kote yo
kache tout vis ak defòmasyon moral, enfeksyon lespri a ak mikwòb yo ki sal
panse a, epi ansuit ekzistans nou.
Se konsa
Jezi envite nou pran prekosyon ak moun sa yo k’ap twonpe moun ki, antan y’ap
preche nan bay move ekzanp, yo simen pwazon nan antouraj yo. Mwen sonje yon
jounalis ki te ekzèse metye li ase byen. Se te yon pwofesè filozofi ki te vle
atake pozisyon Legliz Katolik pran konsènan pretansyon moun ki vle «marye fanm ak fanm» epi «gason ak gason».
Jounalis
sa ki te fyè de tèt li, avèk yon pil fo rezònman li, li te antre an
kontradiksyon ak lansèyman Legliz la. Ebyen nou ta kapab di se yon farizyen
k’ap viv nan epòk pa nou an, aprè li fin di li batize epi li se yon kwayan, li
pase sou kote panse Legliz la ak Lespri Kris la, kote li pretann fè tèt li pase
pou mèt, akonpayatè ak gid fidèl yo.
Pou pale
de yon lòt sijè, Mèt la rekòmande nou fè distenksyon ant krent e krent: «Pa
pè moun yo k’ap touye kò a, epi aprè sa yo pa kapab fè anyen pi plis» (Lik
12,4), se moun k’ap pèsekite Legliz la ak kretyen yo, moun k’ap touye
fidèl pa dizèn nan epòk «lachas moun»
… Jezi klè ak nou lè li di nou: se pou nou pè sila a, lè l’ fin touye a, ki gen
pouvwa pou l’ jete nan lanfè a (Sa pa vle di nanm nan ap mouri: si se ta konsa
se yon gras yo ta fè pechè a. Okontrè, nanm nan se traka li pral pase.)
An nou
koute Sen Ogisten k’ap di nou: «Si ou chwazi byen sou tè sa a, yo p’ap voye ou
al sibi pèn pou tout tan. Etan done sou tè sa a ou pa ka chwazi pa mouri,
pandan w’ap viv chwazi pou ou pa mouri pou tout tan». Se sa Inyas te fè, se sa
k’ fè li se yon modèl pou Legliz la, yon modèl pou tout kretyen.
LAPRIYÈ: Bondye
ki gen tout pouvwa, ki ekziste tout tan, tanpri fè nou toujou jwenn sekou n’ap
chèche na men w’. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Viv san
ipokrizi, san fent.
No hay comentarios:
Publicar un comentario