Koulè Wouj
LIK KI SEN, Evanjelis
Fèt
PREMYE
LEKTI
«Lik sèl
avèk mwen»
LEKTI DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN
POU TIMOTE 4, 9-17a
Ou menm mwen renmen anpil la:
Demas kite m’, li pito tè sa a, li
pati Tesalonik; Kesyans nan Galasi, Tit nan Ladalmasi.Lik sèl avèk mwen. Pran
Mak, mennen l’ avèk ou; li itil mwen nan sèvis sakre a. Mwen voye Tichik Efèz. Manto a
mwen te kite Troas la kay Karpus la, pran l’ vin avèk li, ni liv yo tou,
spesyalman pachemen yo.
Aleksann,
òfèv la, make m’ malviv anpil; Granmèt la ap renmèt li daprè aksyon l’ yo; ou
menm tou se pou ou evite l’, li te reziste pawòl nou yo kareman.
Premye
fwa mwen t’ap defann kòz mwen an, pèsòn pa t’ kanpe avèk mwen, men tout moun te
lage m’: se pou Bondye padonnen yo. Sèlman Granmèt la te pote m’ sekou, li te
ban m’ asirans, pou prèch la reyalize pa lentèmedyè mwen, pou tout nasyon yo
tande.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
REPONS 144, 10-11.12-13ab. 17-18
R/ Se pou sen ou yo, Granmèt, fè konnen glwa peyi wa ou la.
Se pou sa ou fè yo, fè lwanj pou
ou, Granmèt, se pou sen ou yo fè konpliman pou ou, se pou yo deklare glwa peyi
wa ou la, se pou yo anonse pouvwa ou.R.
Se pou yo fè pitit moun yo
konnen mèvèy ou yo, ak glwa grandè peyi wa ou la.
Peyi wa ou la se peyi wa tout
tan, kòmandman ou nan pou jenerasyon ak jenerasyon.R.
Granmèt la kòrèk nan tout wout li
yo, li sen nan tout aksyon l’ yo.
Granmèt la tou pre tout moun
k’ap rele l’ yo, tout moun k’ap rele l’ nan verite.R.
LEVANJIL
«Rekòlt
la anpil, men travayè yo se yon ti kras yo ye»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 10, 1-9
Lè sa a:
Granmèt la chwazi swasant douz
lòt; li voye yo de pa de devan l’ nan tout vil ak bouk kote li te gen pou l’
ale.
Li t’ap di yo: «Rekòlt la anpil,
men travayè yo se yon ti kras yo ye. Priye Granmèt rekòlt la, pou l’ voye
travayè nan rekòlt li a.
Ale: men mwen voye nou tankou
mouton nan pami lou. Pa pote sak, ni bous, ni sapat,
pa salye pèsòn nan chemen.
Nan nenpòt kay nou antre, kòmanse
di: «Lapè pou kay sa a». Si gen yon pitit lapè la, lapè nou an ap poze sou li;
otreman, l’ap tounen vin jwenn nou. Rete nan menm kay sa a, manje,
bwè sa yo genyen; paske travayè a merite salè l’. Pa travèse sot nan kay al nan
kay. Nan nenpòt ki vil nou antre, epi yo resevwa nou, manje sa yo pote ba nou,
geri malad yo ki nan vil la, di yo: «Peyi wa Bondye a tou pre nou».
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi a Legliz la ap fete Sen Lik, youn nan
Levanjelis yo, ki te montre dousè Jezi. Legliz la pwoklame Levanjil sa a kote
nou dekouvri tout karakteristik santral apot Kris la.
Premyèman,
Apot la se sila ke Granmèt la te rele, sila a ke li te chwazi pou li te kapab
voye li nan non li: Se Jezi ki rele moun li vle pou li konfye li yon misyon
konkrè!: «Granmèt la chwazi swasant-douz lòt; li voye yo de pa de devan l’ nan
tout vil ak bouk kote li te gen pou l’ale.» (Lik 10,1).
Kòm Apot
la se Bondye ki te rele li, ebyen li depann totalman de Bondye. «Pa pote sak, ni bous, ni sapat, pa salye
pèsòn nan chemen» (Lik 10,4). Entèdiksyon sa a ke Jezi bay disip li yo
montre sitou ke yo dwe lage nan men li sa ki lesansyèl pou yo viv: Granmèt la
ki abiye pye flè yo e ki nouri zwazo yo, li vle ke disip li yo chache dabò
Wayòm Syèl la olye pou y’ap kouri dèyè lòt bagay: « (…) pa trakase tèt nou pou sa n’ap bezwen pou manje ni pou bwè.
Payen, yo se sa yo fè; men Papa nou konnen tout sa nou bezwen» (Lik 12,29-30).
Apot la,
se sila a ki prepare chemen Granmèt la, nan anonse kè poze, nan geri malad, kote
li temwaye Wayòm (gouvènman) Bondye a ki k’ap vini an. Devwa apot la, se yon
bagay ki santral nan lavi Legliz la ak pou Legliz la, puiske se sa k’ap
detèmine kalite akèy yo pral bay mèt la nan dènye tan yo.
Pi bon
temwayaj nou jwenn nan fèt yon Levanjelis, yon moun ki te rakonte anons Bòn
nouvèl la, sèke li fè nou pran konsyans de dimansyon apostolik ak
levanjelizatris lavi nou kòm kretyen.
LAPRIYÈ: Granmèt
Bondye, ou menm ki te chwazi Lik ki sen pou gras a prèch li avèk liv li, li
devwale mistè renmen ou nan pou pòv yo, tanpri, fè nou favè, pou, nou menm ki
jwenn kontantman nou deja nan non ou, nou pèsevere ap fè yon sèl kè ak yon sèl
nanm, pou tout pèp yo merite wè sove ou la. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Pran
konsyans de misyon mwen genyen kòm apot pou m’ anonse Levanjil la nan tout
fason mwen kapab.
No hay comentarios:
Publicar un comentario