Vèt wouj.
Inyas Dantyòch
(Memwa)
PREMYE LEKTI
“Moun ki patizan Jezikri, yo kloure chè yo
sou kwa a avèk vis yo”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN POU GALAT
YO 5, 18-25
Frè m’ yo: Si se Lespri a k’ap
kondui nou, nou pa anba lalwa a. Aktivite chè a, yo devwale, se move plezi,
bagay ki pa pwòp, move konduit, banbòch, sèvis zidòl, maji, rayisans,
diskisyon, jalouzi, kòlè, batay, kont, divizyon, lanvi, krim, vin sou, manje
twòp, ak bagay konsa. Mwen di
nou sa davans, jan m’ te deja di nou li: moun ki aji konsa yo, yo pap jwenn rèy
Bondye a.
Men fwi Lespri a menm se charite, kè kontan, kè poze, pasyans, bon jan,
bon kè, padon, dousè, lafwa, senplisite, kontwole move tandans, regle plezi kò
a. Kont kalite bagay sa yo pa gen lalwa. Moun ki patizan Jezikri yo, yo kloure
chè yo sou kwa a avèk move defo yo ak vye lanvi yo. Si se Lespri a k’ap fè nou
viv, se daprè Lespri a tou pou nou mache.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS: 1, 1-2. 3. 4 e 6.
R/ Moun
k’ap swiv ou, Granmèt, 1’ap gen limyè lavi a.
Se chans pou moun ki pa ale swiv konsèy mechan yo, ki pa kanpe nan
chemen moun pechè yo, ki pa chita nan reyinyon moun k’ap derespekte Bondye yo;
men se nan lalwa Granmèt
la volonte 1’ ye. R
L’ap tankou yon pye bwa
ki plante sou bò dlo k’ap kouri, k’ap bay fwi 1’ nan sezon 1’;
fèy li pap tonbe, tou sa
1’ap fè ap reyisi.R
Se pa konsa pou mechan
yo, se pa konsa, men y’ap tankou pousyè van ap voltije.
Sèke Granmèt la konnen wout moun kòrèk yo, men chemen moun pechè yo ap
peri.R
LEVANJIL
“Madichon
pou nou, farizyen yo! ni nou menm tou pwofesè lalwa yo, madichon !”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 11, 42- 46
Lè sa a: Granmèt la di: “Madichon pou nou, farizyen
yo, paske nou bay ladim sou mant la ak chou a, ak tout kalite legim, men nou
dezobeyi jijman an ak charite Bondye a! Se pou nou te fè bagay sa
yo, men nou pat dwe neglije lòt yo. Madichon pou nou, farizyen yo, paske nou
renmen premye chèz yo nan kay reyinyon yo avèk bèl bonjou sou laplas! Madichon
pou nou, paske nou tankou tonb yo pa wè, moun yo ap mache sou yo san yo pa konnen!”
Youn nan profesè lalwa yo reponn, li di 1’: “Mèt, lè w’ di sa a, ou fè nou
afron tou”. Li di 1’:“Nou menm tou pwofesè lalwa yo, madichon, paske nou mete
chaj ki lou sou do moun yo, bagay yo pa kapab pote, epi nou menm menm ak yon ti
dwèt nou nou p'ap touche pakèt yo!”
An
nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a Legliz la ap fete fèt Sen Inyas d’Antyòch, yon
gwo potorik gason kite sèvi Legliz la kòm evèk nan peyi Wòm. Evèk sa a te mouri mati nan lane (+107) nan lite pou
defann lafwa li, lafwa Legliz katolik. Sen Inyas se yon gwo ekzanp
pou nou tout kretyen batize nan fason n’ap fè volonte Bondye nan lavi nou.
An nou mande
Bondye nan okazyon fèt Sen Inyas la, pou li toujou kenbe nou dyanm’ nan lavi
lafwa menm jan li te fè ak gwo gason sa a. Konsa nou kapab rive temwen Wayòm
syèl la. Levanjil nou proklame jodi a ede nou konprann pi byen toujou ke si nou
vle rive sen, nou pa kapab kontinye viv nan ipokrizi. Jezi di: Malè pou ipokrit
yo. Malè pou ou frè m’ ak sè m’ si ou se yon ipokrit. Jezi pa mache ak ipokrit.
Jezi renmen moun ki gen kè yo pwòp, moun ki viv nan laverite, moun ki jwenn kè
kontan ak lajwa nan sèvis li a. Jezi te toujou ap diskite ap farizyen yo paske
yo pa t’ viv nan laverite. Yo toujou ap di
men yo pa janm fè. Yo toujou ap defann
lalwa men yo pa gen Bondye nan lavi yo.
An nou mande Bondye lagras k’ap ede nou viv jan li vle
a pou nou kapab fè volonte li pi plis nan lavi nou, tout kote nou pase epi
pataje renmen li gen pou nou ak tout frè ak sè nou yo. Amèn.
LAPRIYÈ: Bondye
Papa, fè m’ gen yon kè sensè pou m’ kapab sèvi w’ nan fason ki fè w’ plezi.
PWOPOZISYON: M’ap eseye viv ak plis senserite ak moun m’ap frekante
chak jou, pou mwen ka gen yon relasyon konfyans ak yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario