Koulè
Vèt.
PREMYE LEKTI
“Sikonsizyon an pa vo anyen, men se lafwa a k’ap aji
gras a lacharite a”.
NAN LÈT APOT POL POU
GALAT YO 4, 31b—5, 6
Frè m’ yo :
Jezikri delivre nou
pa pouvwa libète li. Kanpe, pa kite yo fèmen nou ankò anba jouk esklavaj la. Se
mwen menm Pòl ki di nou sa : si nou aksepte sikonsizyon, Jezikri pap sévi anyen
pou nou. Mwen deklare tout moun ki aksepte sikonsizyon-an, 1’ap blije fè tout
sa lalwa a mande a. Nou pèdi sa Jezikri ye pou nou an, nou menm k’ap chèche jistis
nou nan lalwa a : nou rache tèt nou sot nan lagras la.
Kanta nou menm, se
nan Lespri a, gras a lafwa a, n’ap tann espwa jistis la.Reyèlman vre nan Jezikri
ni fè sikonsizyon pa sévi anyen, ni pa fè sikonsizyon, men se lafwa a k’ap aji
gras a charite a.
Pawòl Granmèt
la.
SÒM REPONS 118
R/ Se pou kè sansib ou a rive sou mwen,
Granmèt.
Se pou kè sansib ou a rive sou mwen, Granmèt, delivrans ou a daprè pwomès
ou a.R
Pa wete pawòl laverite a menm sot nan bouch mwen, paske mwen espere anpil
nan jijman ou yo.R
M’ap kenbe lalwa w’ la tout tan, pou tout tan ak tout tan gen tan.R
M’a mache nan gran chemen, paske mwen te chèche kòmandman w’ yo. R
M’a jwenn kontantman nan lòd ou yo, yo menm mwen renmen an.R
M’a leve men m’ nan direksyon lòd ou yo, mwen renmen an, m’a reflechi sou
desizyon w’ yo.R
LEVANJIL
“Fè lacharite, epi tout bagay ap nèt pou nou".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI
SEN 11,37-41
Lè sa a :
Kòm Jezi t’ap pale,
yon farizyen envite 1’ vin manje lakay li ; Li antre, 1’al sou tab.
Farizyen an menm kòmanse fè refleksyon nan kè1’, li di poukisa li pa lave men
1’ anvan 1’ manje.
Granmèt la di 1’ : “Koulye a, nou menm farizyen yo, se
sa k’ deyò gode a ak plat la n’ap netwaye, men sa k’ pi fon anndan nou menm
nan, li plen ak vye lide ak mechanste. Nou san lespri, èske sila a ki te fè sa
k’ deyò a se pa li menm tou ki te fè sa k’ anndan an? Kidonk fè lacharite ak sa
nou gen ki twòp, epi tout bagay ap vin nèt pou nou.
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:Lè farizyen yo kritike
Jezi poutèt li pa t’ lave men l’avan l’ manje, sa pa gen anyen pou wè ak
kolera ! Lave men pou yo se te yon
prensip relijye. Pou yo menm, depi yo
lave men yo, yo pwòp devan Bondye, epi yo plede jije lòt moun ki pa swiv menm
prensip avè yo. Epoutan andan kè yo ki
te sal ak move santiman.
Se sa k’ fè Jezi te fache
ak farizyen yo. Jezi pa sou demagoji ak
yo, epi li pa gen dlo nan bouch pou di yo sa! Li fasil anpil pou nou wè jan lòt
moun sanble ak farizyen yo. Nou plis kwè se nou menm ki sanble ak Jezi nan
istwa a. Nou bliye si lè n’ lonje yon dwèt sou yon moun, n’ap lonje twa dwèt
sou tèt nou.
Se avèk nou menm Jezi ap pale. Se pou nou chache
rekonèt jan nou menm tou, nou sanble ak farizyen yo.Sa pi difisil ! Lè
n’al Legliz, lè n’ kominye, ak menm lè nou priye pou kò nou, kisa ki nan kè nou
tout bon ? Èske nou p’ap fè sa pou nou bay yon imaj ? Èske nou pa panse se achte n’ap achte gras
Bondye a ak pwomès nou fè li yo ? Èske
nou pa jije lòt moun ki pa mache Legliz menm jan avèk nou?
Nou tout se pechè. Pandan nou sou latè a, nou pa ka
janm di nou fin konvèti. Fò n’ chache konvèti ankò chak jou. Sa se vrè sans
priyè ak kominye. Si n’ mache Legliz, si n’ li Pawòl Granmèt la, se
paske nou bezwen sa pou nou ka chanje. Si n’ fè lwanj Bondye, se paske nou
rekonèt konsa, tout sa nou genyen ak tout sa nou fè ki bon, se gras li menm ki
ede nou. Depi nou rekonèt sa, n’ap konnen nou pa gen dwa jije pesòn moun. N’ap
eseye ede yo pito.
Jezi ka te fache, men li pa t’ vle kondane nou, se yon
jan l’ap fè pou louvri je nou, pou nou kapab chanje mantalite nou. Depi nou
louvri kè nou pou Bòn Nouvèl sa a, n’ap jwenn kè kontan.
PRIYE: Granmèt, mwen se pechè. Se ou menm ki pou
netwaye kè m ! Amèn.
PWOPOZISYON: M’ap panse ak yon
moun mwen konn jije akoz erè li komèt, pou m’ ede li pran bon direksyon pito.
M’ap gade li yon lòt fason antan mwen rekonèt pwòp erè pa mwen yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario