TERÈZ D’AVILA KI SEN, Vyèj e savan sakre Legliz la.
(Memwa)
PREMYE LEKTI
"Nou pa pitit madanm
ki esklav la, men pitit madanm ki lib la".
LEKTI LÈT
APOT PÒL KI SEN, POU GALAT YO 4, 22-23. 26-27. 31-5, 1
Frè m’ yo:
Nan labib yo
ekri Abraam te gen de pitit, youn ki sòti nan madanm ki esklav la, lòt la ki
sòti nan madanm ki lib la; men sa ki sòti nan madanm ki esklav la, li fèt daprè
chè a; sa ki sòti nan madanm ki lib la, li fèt pou pwomès la.
Bagay sa yo
rive an parabòl. Se de testaman: youn sou mòn Sinayi a ki anfante pou esklavaj,
se Agar; lòt la menm, ki anlè a, se Jerizalèm ki lib, li se manman nou.
Reyèlman vre labib la ekri: "Fè kè ou kontan, ou menm ki pa ansent;
vòltije, danse, ou menm ki pa anfante; paske pitit madanm nan ki pou kont li a,
yo plis pase pitit sila a ki gen mari a".
Se pousa, frè
m’ yo, nou pa pitit madanm ki esklav la, men nou se pitit madanm ki lib la, se
ak libète sa a Jezikri delivre nou. Kanpe, pa kite yo fèmen nou ankò anba jouk
esklavaj la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 112, 1-2. 3-4. 5a e 6-7 (r.: cf. 2)
R/ Se pou non
Granmèt la beni pou tout tan.
Fè lwanj, timoun
Granmèt la, fè lwanj pou non Granmèt la.
Se pou non
Granmèt la beni depi koulye a ak pou tout tan.R.
Depi kot
solèy leve jous kote l’ kouche non Granmèt la merite lwanj.
Granmèt la
anlè nèt anwo tout nasyon yo, anlè syèl yo bèlte l’ ye. R.
Kilès ki tankou
Granmèt Bondye nou an ki abite nan wotè yo,
ki voye je
sou pòv yo nan syèl la ak sou tè a?
Li leve pòv
la sot atè a, li drese malere a sot nan fatra a.R.
LEVANJIL
"Yo p’ap bay jenerasyon sa a dòt siy pase
siy pwofèt Jonas la".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 11, 29-32
Lè sa a:
Kòm foul yo
t’ap gonfle sou Jezi, li kòmanse di: "Jenerasyon sa a se yon jenerasyon ki
mechan; l’ap chèche siy, ebyen yo p’ap ba l’ siy, sof siy pwofèt Jonas la.
Reyèlman vre menm jan Jonas te sèvi siy pou moun Niniv yo, konsa tou Pitit moun
nan ap sèvi siy pou jenerasyon sa a. Rèn nan sid la ap leve jou jijman an
ansanm ak moun jenerasyon sa a, l’ap kondane yo; paske li te vini sòti nan bout
tè a pou l’ koute sajès Salomon, epi gen plis pase Salomon isit la. Moun Niniv yo ap leve jou jijman an ansanm ak jenerasyon sa a epi y’ap
kondane l’ paske yo te fè penitans nan prèch Jonas la, epi gen plis pase Jonas
isit la".
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Jenerasyon sa a se
yon jenerasyon ki mechan; l’ap chèche siy»
Jodi a, nou tande vwa Jezi: yon vwa dous, men
sevè. Li di nou fè atansyon ak sila yo ki kwè yo deja gen tikè pou antre nan
Paradi a, paske y’ap di: «Jezi ala bèl ou bèl!». Se vre Jezi te peye prix
delivrans nou, men nou menm tou nou gen jefò pa nou pou nou fè. Nou pa kapab
gen pretansyon ke Jezi dwe fè tout bagay, epi nou menm nou kwaze bra nou. Si
nou fè sa nou vin tounen moun sòt an menm tan tou, nou kite ògèy plen kè nou.
Se pou sa Granmèt itilize mo «mechan» jodi a: «Jenerasyon sa a se yon jenerasyon ki mechan; l’ap chèche siy, ebyen
yo p’ap ba l’ siy, sof siy pwofèt Jonas la» (Lik 11, 29). Kidonk, se yon jenerasyon k’ap chèche kondisyon gwo mirak, kòmkwa li
ta vle manipile Bondye.
Jezi pa antre nan lojik sa a, menm devan konpatriyòt li yo (nan Nazarèt) ki
t’ap ekzije li montre li se Mesi a nan fè gwo mirak, kòmsi se nan yon sal
sinema yo te chita. Men se enposib: Granmèt la ofri delivrans la bay tout moun
ki fè yo tou pitit devan li nan obeyisans ki sòti nan lafwa, yon lafwa ki
espere e ki fè silans. Bondye mande nou lafwa, menm lafwa li te ba nou tankou
semans lagras la.
Gen yon pwovèb ki di : «Pa gen moun ki plis
soud ke moun ki bouch zòrèy li pou li pa tande a». Kris la yo kondane pou li
mouri a, li gen pou l’ leve byen vivan sou twa jou : moun ki rekonèt li,
li pwopoze yo delivrans li a ; lòt moun yo ki pa rekonèt li a, lè li
retounen kòm jij l’a tande kondanasyon yo akòz kwè yo te refize kwè a. An nou
pwofite moman sa : ann aksepte Kris la nan lafwa ak lanmou. Nou va rekonèt
li, li menm tou l’a rekonèt nou tankou moun pa li. Gen yon sèvitè Bondye ki te
di : «Bondye pa gaspiye kouran : li limen lanp ki nesesè, nan moman
ki mande sa».
LAPRIYÈ:
Bondye Granmèt, ou men’m ki konn transfome kè lèzom, tanpri chanje kè nou, ba
nou sajès ak kouraj pou mache ak ou toutan. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: M’ap eseye dekouvri nan ki siy Bondye ap pale ak mwen
jodi a. Petèt se nan yon pwochen. M’ap prete plis atansyon ak moun ki nan antouraj
mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario