Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Se pa tankou
se moun n’ap sèvi, men se kòm sèvitè Jezikri»
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU
EFEZYEN YO 6, 1-9
Pitit yo, se pou nou obeyi paran nou yo nan Granmèt la: paske se sa ki
kòrèk. «Respekte papa ou ak manman ou (sa a se premye kòmandman an nan pwomès
la), pou ou kapab jwenn benediksyon, epi pou ou viv lontan sou tè a». Epi nou
menm, papa yo, pa pwovoke pitit nou yo nan kòlè, men se pou nou fè edikasyon yo
nan disiplin ak koreksyon Granmèt la.
Esklav yo, se pou nou obeyi mèt nou yo sou tè a avèk respè ak krentif
ak kè nou tou senp, tankou se pou Jezikri: se pou n’ obeyi, pa pou je moun tankou
pou nou fè moun plezi, men tankou sèvitè Jezikri k’ap fè volonte Bondye ak tout
kè nou, avèk bòn volonte pou nou sèvi, tankou pou Granmèt la men pa pou moun,
antan nou konnen chak moun ap resevwa sa l’ merite nan men Granmèt la, daprè sa
l’ fè ki bon, swa esklav swa moun lib.
Nou
menm, mèt yo, fè menm jan pou yo, sispann fè menas, antan nou konnen Granmèt yo
a ak Granmèt nou an li nan syèl la, li pa okipe gade sou figi moun.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
REPONS 144, 10-11. 12-13ab. 13cd-14
R/ Granmèt la fidèl nan tout pawòl li yo.
Se pou
yo fè lwanj ou, Granmèt, tout sa ou fè yo; se pou sen ou yo fè konpliman pou
ou.
Se pou
yo deklare glwa peyi wa ou la, se pou yo anonse pouvwa ou.R.
Pou yo
fè pitit moun yo konnen mèvèy ou yo, ak glwa grandè peyi wa ou la.
Peyi wa
ou la, se peyi wa tout tan, kòmandman ou nan pou jenerasyon ak jenerasyon.R.
Granmèt
la fidèl nan tout pawòl li yo, li sen nan tout aksyon l’ yo.
Granmèt
la soulaje tout moun ki tonbe, li drese tout moun ki febli.R.
LEVANJIL
«Y’ap vini sot olevan ak okouchan, y’ap vin sou tab nan peyi wa Bondye
a»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
13, 22-30
Lè sa a:
Jezi t’ap
travèse vil yo ak bouk yo, li t’ap bay ansèyman, pandan l’ap vwayaje pou
Jerizalèm.
Gen yon
moun ki di l’: «Granmèt, èske se ti kras moun sa yo k’ap sove a?»
Li menm
menm li di yo: «Fè efò pou nou antre nan pòt ki jennen an; paske anpil moun,
mwen di nou sa, ap chèche antre men yo p’ap reyisi.
Lè mèt kay
la ap antre, l’ap fèmen pòt la, epi n’ap kòmanse kanpe deyò, n’ap frape pòt la,
n’ap di: «Granmèt, louvri pou nou»; l’ap reponn nou: «Mwen pa konnen kote nou
sòti».
Lè sa a
atò, n’ap kòmanse di: «Nou te manje devan ou, nou te bwè devan ou, ou te bay
ansèyman sou plas nou yo». L’ap di nou: «Mwen pa konnen kote nou sòti: rale kò
nou sou mwen, nou tout k’ap fè mal la».
Se la
k’ap gen rèl ak manje dan, lè n’ap wè Abraam ak Izaak ak Jakòb ak tout pwofèt
yo nan peyi wa Bondye a, epi nou menm menm y’ap chase nou deyò. Moun yo ap vin
sòti olevan ak okouchan, nan nò ak nan sid, y’ap vin atab nan peyi wa Bondye a.
Dènye yo ap premye, epi premye yo ap dènye».
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a nou
wè Jezi k’ap mache pou ale Jerizalèm. Li fè yon ti kanpe epi gen yon moun ki
pwofite mande li: «Granmèt, èske se ti
kras moun sa yo k’ap sove a? » (Lik 13,
23). Petèt, lè li te tande Jezi, nèg sila a te panike.
Vrèman vre, lansèyman Jezi yo parèt tèlman bèl, tèlman atiran; men ekzijans ke
sa genyen pa fè nèg la plezi menm jan an. Men, e si li ta chwazi viv Levanjil
la nan fason pa li, selon lojik pa li? Ki posiblite li ta ka genyen pou li
sove?
Se
konsa, li mande: «Granmèt, èske se ti
kras moun sa yo k’ap sove a?». Jezi pa aksepte opinyon sa a. Delivrans la,
se yon bagay ki gen twòp enpòtans pou yo ta mele li ak kalkil pwobabilite.
Bondye «pa ta renmen pèsonn peri, li ta
vle pou tout moun tounen vin jwenn li» (2P 3,9).
Jezi
reponn mesye a: «Fè efò pou nou antre nan pòt ki jennen an; paske anpil moun,
mwen di nou sa, ap chèche antre men yo p’ap reyisi.
Lè mèt
kay la ap antre, l’ap fèmen pòt la, epi n’ap kòmanse kanpe deyò, n’ap frape pòt
la, n’ap di: ‘‘Granmèt, louvri pou nou’’; l’ap reponn nou: ‘‘Mwen pa konnen kote
nou sòti’’.»
Kòman yo
kapab tounen ti mouton pak li si yo pa swiv Bon Gadyen an ni aksepte Lansèyman
Legliz la?
«Rale kò nou sou mwen, nou tout k’ap fè mal
la. Se la
k’ap gen rèl ak manje dan» (Lik 13,27-28).
Ni Jezi
ni Legliz la pa pa ta renmen yo defigire imaj Bondye Papa a nan devwale mistè
lanfè a. Tankou Katechis Legliz katolik la di sa byen, «Sa Labib la di ak Legliz la sou koze lanfè a, se yon apèl pou lòm ka
pran responsabilite li antan l’ap itilize libète li pou li ka rive nan desten
etènèl la. An men tan
tou, se yon apèl k’ap envite nou pran wout konvèsyon an san pèdi tan» (n.1036).
Ann
sispans twonpe tèt nou, nou menm epi ann sispann fè kalkil. Men, ann chache
antre pito nan pòt ki jennen an, nan rekòmanse tout otan sa nesesè, antan nou
kwè nan kè sansib Bondye a. Tout sa ki panike ou nan moman sa a, se bagay ki pa
gen twòp enpòtans; sa ki enpòtan tout bon vre a, sèke ou dwe viv ak kè kontan,
ou dwe sove nanm ou.
LAPRIYÈ: Bondye
Papa, ou menm ki voye Pitit ou a vin delivre nou, tanpri ede nou viv yon fason
pou nou merite delivrans li a. Ede nou evite kouri nan pòt ki louvri byen laj,
men k’ap fè nou tonbe nan tou malè a; okontrè ede nou pase nan pòt ki jennen
an, pòt k’ap fè nou antre nan kè kontan tout tan an.
PWOPOZISYON: M'ap pran
yon desizyon nan lavi mwen jodi a, ki ka ede mwen sove nanm mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario