Blan.
Gran Fèt
TOUT SEN YO.
PREMYE LEKTI
"Mwen wè yon gran foul, pèsòn pa t’ kapab
konte l’, yo te sòti nan tout nasyon, ras, pèp ak lang".
NAN LIV
APOKALIPS APOT JAN KI SEN 7, 2-4. 9-14
Mwen menm
Jan, mwen wè yon lòt zanj k’ap monte kote solèy la leve a, li te gen siyn
Bondye vivan an; li t’ap rele byen fò bay kat zanj yo ki te resevwa pouvwa pou
maltrete tè a ak lanmè a, li di: "Pa maltrete tè a ak lanmè a, ni pye bwa
yo, joustan nou make sèvitè Bondye nou yo nan fwon yo".Mwen tande kantite
moun ki make yo: sankarant kat mil moun ki make, nan tout ras pitit Izrayèl yo.
Aprè sa, mwen
wè yon gran foul, pèsòn pa t’ kapab konte l’, yo te soti nan tout kalite nasyon,
ras, pèp ak lang, yo te kanpe devan fotèy la ak devan fas Mouton an, yo te
abiye ak rad blan, yo te gen branch nan men yo, yo t’ap rele byen fò, yo t’ap
di: "Sovè a gras a Bondye nou an, li menm ki chita sou twòn nan, epi gras
a Mouton an".
Tout zanj yo te
kanpe toutotou twòn nan ak ansyen yo ak kat vivan yo; yo lage kò yo sou fas yo
devan twòn nan, yo adore Bondye, yo di: "Amèn. Benediksyon, glwa, sajès,
remèsiman, konsiderasyon, pouvwa ak fòs pou Bondye nou an pou tout tan k’ap gen
tan. Amèn".
Youn nan ansyen
yo pran lapawòl, li di m’: "Sa yo ki abiye ak rad blan, kilès yo ye, epi
kote yo sòti?"
Mwen di l’:
"Monseyè, ou konnen".
Li di m’:
"Sa yo se sa k’ vin soti nan gran tray la, yo lave wòb yo, yo blanchi yo
nan san Mouton an".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS: 23, 1-2. 3-4ab. 5-6
R/ Sa a, se ras moun k’ap chèche fas ou yo, Granmèt.
Pou Granmèt la
tè a ak sa k’ plen l’, fas tè a ak sa k’ abite ladan l’.
Sèke se li menm
ki poze l’ sou lanmè yo, ki rann li solid sou gran rivyè yo.R.
Kilès k’ap monte
sou mòn Granmèt la, oubyen kilès k’ap kanpe nan anplasman li ki sen an?
Moun ki gen
men l’ inosan ak kè l’ nèt,
ki pa nonmen
non l’ pou granmesi.R.
Moun sa a ap
resevwa benediksyon nan men Granmèt la,
ak sa k’ fè
moun vin kòrèk la nan men Bondye ki sove li a.
Sa a se ras moun
k’ap chèche l’ yo,
K’ap chèche
fas Bondye Jakòb la.R.
DEZYÈM LEKTI
"N’ap wè Bondye jan l’ ye a".
NAN PREMYE
LÈT APOT JAN KI SEN 3, 1-3
Nou menm mwen
renmen anpil la:
Gade ki kalite
renmen Papa a gen pou nou: yo rele nou pitit Bondye, epi se sa nou ye.
Se pousa tè a pa
rekonèt nou, paske li pa rekonèt li.
Nou menm mwen
renmen anpil la, koulye a nou se pitit Bondye, men sa n’ap ye a pa ko parèt.
Nou konnen, lè l’ap parèt, n’ap sanble ak li, paske n’ap wè l’ jan l’ ye a.
Tout moun ki
gen esperans sa a nan li, li vin sen, menm jan sa a sen an.
LEVANJIL
"Fè kè nou kontan, danse, paske rekonpans
nou anpil nan syèl la".
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 5, 1-12a
Lè sa a:
Jezi wè foul yo,
li monte sou mòn nan; kon l’ chita, disip li yo pwoche kote l’. Li louvri bouch li, li kòmanse ba yo lansèyman, li di:
"Ala
kontantman pou moun ki pòv gras a lespri a, paske se pou yo menm peyi wa syèl
la ye.
Ala
kontantman pou moun ki dou yo, paske yo menm y’ap posede tè a.
Ala
kontantman pou moun ki nan lapenn yo, paske yo menm y’ap jwenn konsolasyon.
Ala
kontantman pou moun ki grangou, ki swaf jistis la, paske yo menm y’ap jwenn
kont yo.
Ala
kontantman pou moun ki gen mizerikòd yo, paske yo menm y’ap jwenn mizerikòd.
Ala
kontantman pou moun ki san tach nan kè yo, paske yo menm y’ap wè Bondye.
Ala
kontantman pou moun k’ap travay pou lapè, paske y’ap rele yo pitit Bondye.
Ala
kontantman pou moun k’ap soufri pèsekisyon poutèt jistis la, paske se pou yo
peyi wa syèl la ye.
Ala
kontantman pou nou, lè y’ap madichonnen nou, lè y’ap pèsekite nou, lè y’ap di
tout kalite sa k’ mal kont nou, antan y’ap fè manti poutèt mwen: fè kè nou
kontan, danse, paske rekonpans nou anpil nan syèl la".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Se chak ane nou fete sen yo nan dat premye novanm. Gen moun
ki ta kapab mande: Kisa yon sen ye? Epitou poukisa
nou fete yo? Sou baz ki kritè yo
kapab deklare yon moun sen? Epi ki
enpòtans sen yo genyen nan lavi nou? Depi
ki dat Legliz la ap fete sen yo?
Bib la rele “sen” moun ki
konsakre tèt yo bay Bondye, moun ki mete tout lavi yo nan sèvis Bondye. Legliz
katolik rele” sen” tout moun ki te
fè jefò pou pwòp lavi yo te kapab tounen yon pafen, yon bagay agreyab nan je
Bondye toutotan sa te posib pou yo.
Genyen
kèk nan yo, se Legliz la ki te “kanonize” yo osinon Lepap ki deklare
yo sen ofisyèlman, paske gras a entèsesyon yo gen anpil mirak ki te fèt, epi
paske aprè gwo analiz ki fèt sou sa yo te ekri osinon aprè envestigasyon Legliz
la mennen, epi kesyon li poze temwen ki viv nan menm tan ak yo, yo rive jwenn
li te pratike vèti yo tankou yon ewo.
Pou
Legliz katolik deklare yon moun “Sen”, sa mande anpil demach, se yon
pwosesis ki long, ki pran tan. Premyèman fòk yo fè yon gwo verifikasyon avèk
moun ki te konnen moun nan ki sou dosye a, pou yo konnen tout bon vre si li te
mennen yon lavi ekzanplè. Konsa si temwayaj anpil temwen rive pwouve moun nan
te gen yon konpòtman ekzanplè, yo deklare li «Sèvitè Bondye». Si yo verifye anpil detay
ki montre ke li te pratike vèti yo nan pi wo degre yo, yo deklare li «Venerab».
Pi ta toujou, si gras a entèsesyon li genyen mirak ki fèt, ke entèlijans moun
pa pèmèt yo eksplike, lè sa a atò yo deklare li «Byennere». Finalman
si genyen lòt mirak ki akonpli akoz gen moun ki te mande li
entèsede pou yo, lè sa a p’ap la deklare li «Sen».
Pou kèk sen, pwosesis
kanonizasyon an te fèt trè rapid, tankou pa ekzanp pou Sen Franswa Daziz ak Sen
Antwán, li te dire sèlman 2 lane. Genyen kèk lòt yo deklare sen 6 oswa 15, oswa
20 lane aprè lanmò yo. Pou majorite nan sen yo, pwosesis kanonizasyon
an dire 30, 40, 50 lane e menm 100 lane oubyen plis toujou…
Moun Legliz katolik
deklare sen ofisyèlman yo, yo plizyè mil. Men genyen yon kantite sen moun pa ka
konte, sen sa yo se pa Legliz la ki deklare yo; men yo deja nan syèl la ap viv
nan laglwa, nan bèlte Bondye. Fèt n’ap fete jodi a se sitou pou sen sa yo li
ye.
Bib
la di nou ke genyen yon foul moun nou pa kapab konte k’ap swiv Mouton Bondye a.
Nan
syèl la genyen sen chofè bis ak sen lesivyè. Sen mesaje ak sen sekretè. Sen
manman ak sen jeran antrepriz. Sen ouvriye konstriksyon ak sen kiltivatè. Sen
pwofesè ak sen etidyan. Sen vèv, sen selibatè, sen timoun ak sen granmoun. Sen
pè, sen evèk, sen Pap, sen kizinyè, sen lokatè ak sen milyonè, ak anpil lòt sen
ki te renmen Bondye epi ki te fè devwa yo chak jou.
LAPRIYÈ: Bondye ki gen tout
pouvwa, ki ekziste tout tan, ou menm ki fè nou favè pou nou fè lwanj merit tout
Sen ou yo nan yon sèl fèt, n’ap mande ou, tanpri, pou, antan yo tout ansanm ap
lapriyè pou nou, pou ou fè nou jwenn chaj padon ou nou anvi a. Pa pouvwa
Jezikri.
PWOPOZISYON: M’ap
chèche apwofondi konesans mwen sou lavi sen Patwon mwen, pou mwen kapab imite
tout sa li te fè ki bon.
No hay comentarios:
Publicar un comentario