SOUVNI TOUT FIDÈL
DEFEN YO.
PREMYE LEKTI
“Li bon pou ret
an silans ap tann sove Bondye a”.
NAN LIV
LAMANTASYON 3, 17-26
Nanm mwen ekzile
sot nan lapè a, mwen bliye byen yo. Mwen di: «Bèl bagay mwen t’ap chèche a fini
ansanm ak esperans mwen an ki te sot nan Granmèt la».
Sonje kijan m’
pòv, kijan m’ap trennen : se labsent ak fyèl. Memwa a sonje, nanm mwen
fonn anndan mwen.
Men sa m’ap
sonje nan kè m’ pou m’ kapab espere : se mizerikòd Granmèt la; paske nou
pa deperi, bon kè l’ pa pati. Chak maten yo tou nèf, fidelite ou gran.
«Pòsyon m’ se
Granmèt la, se sa nanm mwen di; se pousa m’ap tann li».
Granmèt la bon
pou moun ki konte sou li yo, pou nanm k’ap chèche l’ yo. Sa bon pou tann sove
Granmèt la nan silans.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 129,1-8
R/ Mwen espere nan Granmèt la, mwen espere nan pawòl
li.
Antan m’ nan
bafon an mwen rele kote ou, Granmèt:
Granmèt, koute
vwa m’.
Se pou zòrèy ou
panche nan vwa lapriyè m’ nan.R.
Si w’ap obsève
fot yo, Granmèt, Granmèt, kilès k’ap kanpe ?
Paske kote ou se
padon, n’ap respekte ou. R.
Mwen konte sou ou, Granmèt; nanm mwen konte sou
pawòl li, nanm mwen espere nan Granmèt la.R.
Plis pase
santinèl yo ap espere devan jou, Izrayèl ap espere nan Granmèt la.
Paske kot
Granmèt la se mizerikòd, Sovè a la anpil kote l’.
Se li menm
k’ap sove Izrayèl sot nan tout fot li yo.R.
DEZYÈM LEKTI
“Se pou nou mache nan nouvo lavi a”
NAN
LÈT APOT PÒL POU MOUN WÒM YO: 6, 3-9
Frè m’ yo:
Nou tout ki
batize nan Jezikri, se nan lanmò l’ nou batize. Reyèlman nou antere ansanm avèk
li nan lanmò a gras a batèm nan, pou menm jan Jezikri leve sot nan pami mò yo
gras a glwa Papa a, konsa tou nou menm n’ap mache nan nouvo lavi a.
Sèke si nou
plante ansanm avèk li pou nou sanble avèk li nan lanmò l’ la, konsa tou n’ap
ansanm avèk li nan rezireksyon l’ nan. Nou konnen moun ansyen nou an kloure sou
kwa a ansanm avèk li, pou kò peche a kapab detwi, pou nou pa sèvi peche a ankò.
Sa a ki mouri a, li kòrèk pa rapò a peche a.
Konsa si nou
mouri ansanm avèk Jezikri, nou kwè n’ap viv ansanm avèk Jezikri tou, nou konnen
Jezikri leve soti nan pami mò yo, li p’ap mouri ankò, lanmò a p’ap gen pouvwa
sou li ankò.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Nan kay Papa m’ gen anpil kote pou abite”
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN: 14, 1-6
Lè sa a :
Jezi di disip li
yo: “Pa kite kè nou twouble. Se pou nou kwè nan Bondye, epi kwè nan mwen menm
tou. Nan kay Papa m’ nan gen anpil kote pou rete. Otreman mwen ta di nou, paske m’a prale pare yon plas pou nou.
Lè m’a fin al
prepare plas la pou nou an, m’a tounen vin pran nou avèk mwen, konsa kote m’ap
ye a, se la n’a ye tou. Epi kote m’a
prale a, n’a konnen l’, n’a konnen chemen an”.
Toma di l’:
“Granmèt, nou pa konnen kote ou a prale; kòman nou kapab fè konnen chemen an?”
Jezi di l’:
“Mwen se chemen an, verite a, ak lavi a. Pèsòn pa vin kot Papa a, si l’ pa pase
nan mwen”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Yè, nou t’ap fete tout Sen yo, ki se tout moun ki te viv
tankou zanmi Bondye tout bon. Jodi a, Legliz la sonje defen yo, ki
se tout moun ki mouri. Lè nou sonje sen yo, sa fè nou sonje yo se moun ki
ansanm ak Bondye, nou mande yo priye pou nou. Lè nou sonje tout moun mouri yo,
n’ap priye pou yo tou, pou Bondye akeyi yo nan syèl la tou, malgre nenpòt peche
yo te fè, paske gras Bondye a pa gen limit, renmen Bondye a pa gen kondisyon.
Menm tan tou,
jounen jodi a n’ap sonje tout moun nan fanmi nou yo ki te mouri, ak tout zansèt
nou yo. Se yon fason pou nou kenbe moun sa yo nan lespri nou, pou nou pa janm
bliye si nou la, se gras a yo menm.
Nan kilti Ayisyen an, anpil moun ap fete fèt Gede tou. Menm si nou
se fran katolik ki pa konn sèvi lwa yo, fòk nou respekte vodwizan yo, ki gen
tradisyon pa yo. Depi nou klè sou sa nou kwè, nou pa bezwen pè dyaloge avèk yo,
gade ki sa nou ka aprann nan men yo.
Pa ekzanp, «lwa Gede» a fè nou tout sonje lamò se
yon pati lavi. Depi ou fèt, ou pral mouri, se nòmal. Nan kafou lavi ak lamò, se
lavi a ki pi fò.
Sa, se yon
bagay nou menm antan ke kretyen katolik, nou ka konprann li daprè Rezireksyon
an, lè Jezi te leve byen vivan, aprè l’ te mouri. Rezireksyon Jezi a louvri pòt
la pou nou menm, li fè l’ posib pou nou jwenn lavi ki p’ap janm fini a aprè nou
mouri.
An nou di
Granmèt la mèsi pou kado lavi li ba nou an, ak pou tout moun nou renmen yo ki
gen tan lòt bò dlo a, ansanm avè l’. An nou aprann viv ak respè pou
tout moun san eksepsyon.
LAPRIYЀ: Nou voye yon gwo kout
chapo pou ou, Jezi, paske ou fè nou wè jan ou toujou la, nan sans pi pwofon nou
jwenn nan chak kilti ak relijyon! Mèsi pou jan zansèt nou yo te travay pou nou!
PWOPOZISYON: Si m’ pre
simityè kote defen mwen yo antere, mwen pral vizite yo, m’ap priye pou yo. Si
mwen lwen, m’ap sonje sa yo te reprezante pou mwen, m’ap priye pou nanm yo
jwenn repo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario