Páginas

SAMDI 3-11-2018


Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
“Pou mwen, viv se Jezikri, epi mouri se yon avantaj”.
 NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU FILIPYEN YO 1, 18b- 26
Frè m’ yo :
Yon fwa se Jezikri yo anonse, se nan sa mwen kontan, epi m’ap kontan toujou. Mwen konnen reyèlman vre sa ap sèvi pou delivrans la gras a lapriyè nou ak sekou Lespri Jezikri a; daprè sa m’ap tann nan ak esperans mwen an, mwen p’ap wont ditou, men ak tout konfyans mwen, tankou tout tan, epi koulye a espesyalman, Jezikri ap parèt klè nan kò m’, kit mwen viv, kit mwen mouri.
Pou mwen menm viv se Jezikri, epi mouri se yon avantaj. Sèlman si antan m’ap viv nan chè a, sa pèmèt mwen fè yon travay, ki sa pou m’ chwazi, mwen pa konnen. Mwen jennen ant de bagay : mwen anvi pou m’ mouri pou m’al rete avèk Jezikri e sa ta pi bon anpil, men rete m’rete nan chè a, li nesesè pou nou.
Mwen gen konfyans sa a m’ap rete, m’ap rete byen rete pou nou tout, pou avantaj nou ak kè kontan lafwa a, pou kontantman nou an debòde nan Jezikri parapò  a mwen, poutèt mwen retounen ankò kote nou.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 41, 2. 3. 5
R/Nanm mwen swaf kot Bondye vivan an.
Tankou yon mouton ki anvi al nan sous dlo yo, konsa nanm mwen anvi al kote ou, Bondye. R.
Nam mwen swaf kot Bondye, Bondye vivan an, kilè m’a prale, pou m’ parèt devan fas Bondye? R.
Sèke mwen te konn travèse nan kote bèl joupa a ye a, jous kot kay Bondye a, nan pami vwa fèt ak lwanj, foul la k’ap fete gran fèt. R.
LEVANJIL
“Moun ki leve tèt li, y’ap rabese 1’; moun ki rabese tèt li, y’ap leve 1’ anlè”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK 14, 1. 7-11
Lè sa a :
Rive, kòm Jezi te antre nan kay yon chèf farizyen yo, yon jou saba, pou 1’ manje, yo menm yo t’ap suiv sa 1’ap fè. Li t’ap di yon parabòl pou envite yo, lè 1’ wè kijan yo t’ap chwazi premye plas yo, li di yo : “Lè yo envite ou nan nòs, pa al enstale ou nan premye plas, pou si yo ta envite yon moun ki gen pi gwo grad pase ou, moun ki envite ni ou menm ni li menm nan ap rive, 1’ap di ou : ‘Ba 1’ plas la’, lè sa a ou ta kòmanse wont pou w’ al pran dènye plas la. Men lè yo envite ou, ale, enstale ou nan dènye plas la, pou, lè moun ki te envite ou la rive, li di w’: ‘Zanmi, monte pi wo ; lè sa a, sa ap yon konsiderasyon pou ou devan tout envite yo.
Paske tout moun k’ap leve tèt li, y’ap rabese 1’; moun ki rabese tèt li, y’ap leve 1’”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jezi ap ede nou fè yon bon refleksyon jodi a: nan sosyete nou an, nou konstate, tout kote ki gen fèt, toujou gen envite espesyal, sa vle di, chak moun gen plas ki rezève pou yo, selon enpòtans yo nan sosyete a oubyen selon relasyon yo genyen ak moun ki òganize fèt la. Jezi konseye n’ pa kouri al pran premye plas. Èske batay pou jwenn premye plas nan gran okazyon pa toujou yon prewokipasyon pou envite yo?
Jounen jodi a, nou genyen anpil lòt siy diferan ki ka fè wè ki klas sosyal nou: tankou jan nou abiye, mak rad nou mete… mak machin n’ap woule… ki zòn n’ap viv… lekòl ak inivèsite nou frekante… kote nou fè pwovizyon pou kay nou... elatriye.
Jezi ban nou lansèyman sa a : «Lè yo envite n’ nan yon nòs pa al chèche pran premye plas…». Nou kapab konprann ke Jezi pa vle antre nan detay tankou kijan yon moun dwe viv nan sosyete a, se pa sa ki sanble enterese l’, men pito li vle atire atansyon nou sou imilite ke nou dwe genyen pou nou kapab sèvi pwochen nou. Li vle nou fè atansyon ak tout sa jounen jodi a ki ka fè nou panse ke nou plis pase lòt, sa ki ka fè nou fè diskrininasyon. Jezi envite n’ pou nou viv ak senplisite.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, ede m’ konbat tout sa ki fè m’ santi ke mwen plis pase lòt yo, pa pouvwa Jezikri ki te koube byen ba pou li te kapab leve tèt nou an. Amèn.
PWOPOZISYON: Si m’ chita nan premye plas, mwen p’ap wè lòt yo ki chita dèyè mwen pou mwen sèvi yo.

No hay comentarios:

Publicar un comentario