Koulè
Vèt.
TRANTEYINYEM
DIMANCH ÒDINЀ, ANE B.
PREMYE LEKTI
“Koute, Izrayèl : Se pou ou renmen Granmèt la ak tout
kè ou”.
NAN LIV DETEWONÒM 6,2-6
Jou sa yo :
Moyiz pale ak pèp la,
li di : “Se pou w’ respekte Granmèt la Bondye w’ la, pou ou kenbe tout
kòmandman 1’ yo ak lòd li yo mwen pase ou, ou menm ak pitit ou yo, ak desandans
ou yo, pou tout tan w’ap viv, pou ou
kapab viv lontan.
Koute, Izrayèl,
obsève, pou ou kapab fè sa Granmèt la kòmande w’ yo, sa ap bon pou ou, w’ap vin
anpil, jan Granmèt la Bondye nou ak Bondye zansèt ou yo pwomèt ou a, nan peyi
kote se lèt ak myèl k’ap koule a.
Koute, Izrayèl :
Granmèt la Bondye nou an se yon sèl Granmèt la. Se pou ou renmen Granmèt la,
Bondye w’ la ak tout kè ou ak tout nanm ou, ak tout fòs ou. Se pou pawòl sa yo
mwen komande ou jodi a, ret nan kè ou”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS: 17, 2-3a. 3bc-4. 47.51a
R/Mwen renmen ou, Granmèt, ou menm ki fòs mwen.
Mwen renmen ou, Granmèt, ou menm ki fòs mwen,
Granmèt, fondasyon m’ak kachèt mwen, ou menm k’ap delivre m’. R.
Bondye mwen, sekou m’, se nan li m’ap espere, pwoteksyon m’,
kòn delivrans mwen, li menm k’ap soutni m’.
M’ap fè lwanj Granmèt la, 1’ap sove m’anba men lènmi 1’ yo. R.
Viv Granmèt la, konpliman pou sila a k’ap pote m’ sekou a,
lwanj pou Bondye delivrans mwen an, li fè wa 1’ la ranpòte gran laviktwa,
li fè kè 1’ sansib pou Kris li a. R.
DEZYÈM LEKTI
“Paske li dire tout tan, li gen yon wòl prèt ki la
tout tan”
NAN LÈT POU EBRE
YO : 7,
23-28
Frè m’ yo :
Gen anpil prèt nan
lansyen Testaman an, paske lanmò a te
anpeche yo dire; sila a menm, paske li dire pou tout tan,
li gen yon wòl prèt ki la
tout tan; se pousa se tout tan
li kapab sove moun yo ki pwoche kot Bondye pa lantremiz li yo, antan 1’ vivan tout tan
pou 1’ lapriyè pou nou.
Se mód jan prèt an chèf sa
a menm nou te bezwen, ki sen, ki inosan, ki pa gen tach,
ki separe sot nan
moun pechè
yo, ki anwo nèt nan
syèl la, ki pa bezwen komanse ofri sakrifis pou pwòp
peche pa 1’ chak jou tankou prèt yo,
apre sa pou pèp
la; li fè sa deja yon sèl fwa antan 1’ ofri pwòp tèt li.
Reyèlman vre se moun
yo ki gen feblès yo lalwa a enstale
kòm prèt; men
pawòl sèman an, ki vin apre lalwa a, se Pitit
la li enstale, li menm ki kòrèk nèt pou tout tan an.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Sa a se premye kòmandman an. Dezyèm nan sanble ak
li”.
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 12, 28b- 34
Lè sa a :
Youn nan pwofesè yo
pwoche kot Jezi, li poze 1’ kesyon kilès ki premye nan tout kòmandman yo ?
Jezi reponn li : “Premye nan tout kòmandman yo, se : ‘Koute, Izrayèl : Granmèt la Bondye w’ la se
yon sèl Bondye a. Epi se pou ou renmen Granmèt la Bondye
ou la ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lespri ou epi ak tout fòs ou’. Sa
a se premye kòmandman an. Dezyèm nan sanble ak li : ‘Se pou ou renmen pwochen ou tankou ou menm’. Pa gen
lòt kòmandman ki pi gran pase sa yo”.
Pwofesè a di 1’: “Se
byen, Mèt, ou gen rezon di
se yon sèl Bondye a, epi pa
gen lòt andeyò 1’, epi se pou yon
moun renmen 1’ ak tout kè 1’, ak tout entelijans li,
ak tout nanm li, epi ak tout fòs li; epi renmen pwochen ou tankou pwòp tèt ou,
sa pi gran pase tout kalite sakrifis antye ak kado yo”.
Jezi menm wè li te
reponn ak bon konprann, li di
1’: “Ou pa lwen peyi kote Bondye wa a”. Epi pèsonn pa
t’ janm pran chans poze 1’ kesyon ankò.
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan premye
lekti a, nan Liv Detewonòm nan, nou jwenn kòmandman Bondye, sa vle di Bondye ki
bay lòd, lòd sa yo se pou nou menm k’ap viv nan tan sa tou koulye a.
Menm lè lòm ap chache, li dwe konnen se Bondye k’ap chèche
l’an premye, menm jan l’ te fè Abraam konnen l’, menm jan l’ te konfye Moyiz
konnen kilès li ye pou li ka transmèt sa Bondye vle bay wa Farawon an epi bay
pèp Izrayèl la. Vrè kè kontan pèp la, vrè delivrans li chita nan obsève sa
Bondye mande.
Kòmandman yo se yon gid pou pèp la, pou l’pa tonbe nan
pyèj sosyete kote l’ap viv la, kote l’ap travay la. Lwa sa yo pa yon zouti ki
pou anpeche Pèp la jwi lavi l’ men pou l’ kapab jwenn vrè kè kontan sa a Bondye
vle pou li a.
Prensip sa yo dwe grave nan zantray pèp la, pou l’
transmèt li bay pitit li ak pitit pitit li yo pou yo kapab jwi kè kontan. Viv
daprè prensip Granmèt la, se montre renmen ak respè nou genyen pou Bondye li
menm menm epi konfyans nou fè li, nan vle l’ vle sa ki byen pou nou.
Nan dezyèm lekti a, nan liv Ebre a nou jwenn Jezi kòm Pè
ki anlè tout pè yo : li ofri lavi l’ kòm sakrifis pou sove tout moun.
Nou dekouvri feblès lòt pè yo ki te gen pou yo mande
padon pou peche yo epi padon pou peche pèp la, sa vle di yo te peche menm jan
ak tout moun.
Nan Jezi, li vin libere n’anba pouvwa peche a pou n’
kapab viv nan jistis la. Jistis la se renmen an. Se Jezi ki te vin montre
limanite yon sèl reyalite, viv nan renmen an. Li se sila a ki montre n’ kòman
nou dwe viv renmen an tout bon. Pyès moun pa ka di l’ renmen yon lòt si l’ pa
prèt pou fè sakrifis ki nesesè pou li. Se sa Jezi fè sou lakwa, se sa l’envite
tout moun ki renmen fè, prèt pou pataje sa w’ye, tan w’, sa w’ genyen pou lòt
yo ka viv pi byen.
Nan sakrifis Jezi a nou dekouvri renmen e nou dekouvri
Pawòl Bondye a ki se yon reyalite ki pa janm chanje.Viv kòmandman yo se renmen
Bondye. Jezi montre l’ renmen Bondye pandan l’ fè jous nan bout sa li vle a. Se
yon bèl egzanp pou nou menm kretyen sou latè. Nou dwe rive fè rankont renmen sa
a ak Bondye nan Kris la epi kite fòs renemn Bondye a mennen lavi nou nan
aksepte fè sa k’ byen nan je Bondye.
Nan levanjil la, nou retounen yon lòt fwa sou menm kesyon
kòmandman Bondye yo. Yon Mèt lalwa nan relijyon jwif la poze Jezi kesyon sou
kòmandman ki pi gran an… Jezi pral reponn ak menm pawòl nou te jwenn nan Liv
Detewonòm nan: Koute Izrayèl, Bondye w’ la se li ki sèl Bondye, ou dwe pou w’
renmen l’ak tout kè w’, ak tout nanm ou ak tout entelijans ou. Men renmen
Bondye a se youn, men renmen pwochen an se yon lòt koze ki enpòtan tou. Gen yon
bagay ki plis atire atansyon m’lè mèt Lalwa a reprann pawòl sa yo epi kote l’
li ajoute renmen pwochen an pi enpòtan ke nenpòt sakrifis.
Jezi di l’ ke li pa lwen Wayòm Bondye a… Li pa di l’ li
nan wayòm nan non, paske Viv nan wayòm Bondye a se pa konnen sa Bondye di yo
men se viv sa Bondye mande yo. Se pou chak jès, pawòl, panse n’yo chita sou
chèche n’ap chèche viv Pawòl Bondye a pou n’ ka rive jwi vrè kè kontan ak kè
poze li rezève pou nou an. Amèn.
LAPRIYÈ: Granmèt, se pou tout lavi nou tounen
yon temwayaj renmen tout bon vre a.
Pa pouvwa
Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: M’ap reflechi
sou kòman m’ viv kòmandman Bondye a nan lavi mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario