Koulè
Vèt.
PREMYE LEKTI
«Fè kè m’ kontan nèt, antan nou gen menm santiman».
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU FILIPYEN YO 2,1-4
Frè m’ yo:
Si gen yon
konsolasyon nan Jezikri, si gen yon ankourajman charite a donnen, si gen yon
kominyon Espri a bay, si mizerikòd la bay zantray, fè kè m’ kontan nèt, antan
nou gen menm charite, yon sèl kè, menm fason pou nou anvizaje bagay yo, pou nou
gen menm santiman. Se pa pou nou gen okenn jalouzi, se pa pou nou chèche okenn
glwa ki vid, men se pou pou nou rabese tèt nou antan chak moun konsidere lòt la
kòm pi siperyè pase l’, san chak moun pa konsidere avantaj pèsonèl li, men
okontrè afè lòt yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 130, 1. 2. 3
R/ Kenbe nanm mwen nan lapè kote ou, Granmèt.
Granmèt, kè m’
pa gonfle, je m’ pa leve;
mwen pa mache
nan grandè, ni nan mèvèy ki anlè m’.R.
Mwen poze nam
mwen byen trankil, an repo;
tankou yon ti
bebe sou lestonmak manman l’,
tankou yon ti
bebe, se konsa nam mwen ye nan mwen.R.
Se pou
Izrayèl espere nan Granmèt la, depi koulye a jous pou tout tan.R.
LEVANJIL
«Pa rele zanmi nou, men pòv yo ak malad yo»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 14, 12-14
Lè sa a:
Jezi t’ap di yon
chèf farizyen yo ki te envite l’:
«Lè w’ap fè yon
dine oubyen yon soupe, pa envite zanmi ou yo ni frè ou yo ni fanmi ou yo, ni
vwazen ou yo ki rich yo, pou yo menm yo pa riske envite ou tou, pou yo renmèt
ou politès la. Men, lè w’ap fè yon resepsyon, envite pòv yo, malad yo, bwate
yo, avèg yo. Ala kontantman pou ou, paske yo pa gen pou renmèt ou; ou a jwenn
rekonpans ou nan rezireksyon moun kòrèk yo».
An nou
fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Chak moun ki sou latè kreye selon imaj ak pòtre Bondye. Sa vle di,
devan Bondye tout moun gen menm diyite. Youn pa siperyè pase lòt. Nou tout, nou
chak, nou gen menm vokasyon, ki se sanble Bondye tout bon vre, sa vle di, vin
n’ sen.
Nan reyalite Peyi nou oubyen mond lan, gen
plizyè klas sosyal. Menm nan fanmi yo pafwa nou jwenn diferans sa a. Sosyete a
mete anpil baryè ant moun ak moun. Baryè sa yo se
divizyon yo mete plis. Se akoz gen yon dezekilib total nan fason richès tè a separe.
Se rezon sa ki fè Jezi mande nou pou nou sòti nan reyalite sa.
Pa fè byen pou rekòlte yon bagay. Pa bay pou resevwa. Fòk nou toujou pare
pou soutni sila yo ki pa ka soutni nou. Kidonk nou dwe ede sila yo ki pi fèb.
Pwochen ou se pa sèlman frè w’, sè w’, zanmi ou; men se sila yo ke w’ pa menm
konnen, sila yo k’ap soufri nan prizon e ki bezwen pou yon moun pase vizite yo.
Kidonk tout moun ke n’ kapab konsidere kòm moun
ki san sekou, se yo menm pou n’al pote sekou. Se yo nou dwe envite nan fèt lakay nou; sa vle di ede yo pran gou lavi. Pa
janm bliye tout sa ou fè pou yon pwochen, se pou Jezi menm ou fè li.
LAPRIYÈ: Granmèt, ede m’ viv ak kè kontan antan
m’ap pataje lajwa ak mizè frè ak sè mwen yo.
PWOPOZISYON: Jodi a, m’ap
fè yon ti detache ak zanmi mwen yo pou
mwen dyaloge ak yon moun ki pou kont li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario