Koulè Vèt.
PREMYE
LEKTI
“Li rabese pwòp tèt li, se pousa Bondye leve l’anlè”.
NAN LÈT
APOT PÒL KI SEN, POU FILIPYEN YO 2, 5-11
Frè m’ yo :
Se pou nou gen nan
nou menm santiman sa yo ki te nan Jezikri :
Li menm, malgre li te
nan kondisyon Bondye, egal li egal avèk Bondye a, li pa t’ konsidere sa tankou
yon bagay li kenbe pou pwòp tèt pa 1’, men li vide pwòp tèt li antan li pran
kondisyon esklav, li vin tankou tout moun, e daprè konpòtman 1’ yo wè li se yon
moun.
Li rabese pwòp tèt
li, antan li obeyi jous nan lanmò, lanmò lakwa a menm. Se poutèt sa Bondye leve
1’ anlè, li ba 1’ yon non, ki anlè tout non. Konsa, o non Jezi sa a, tout jenou
fèt pou plwaye nan syèl la, sou tè a ak anba tè yo, epi tout lang pou deklare
se Granmèt Jezikri ye pou bèlte Bondye Papa a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 21, 26b-27. 28-30a. 31-32
R/ Kote
ou, Granmèt, lwanj mwen nan
gran Legliz la.
M’ap regle sa m’ te
pwomèt yo devan moun ki respekte 1’ yo.
Se pou pòv yo manje,
se pou yo gen vant plen,
y’ap fè lwanj Granmèt
la, sila yo k’ap chèche 1’ yo.
“Se pou kè yo viv pou
tout tan gen tan”. R.
Y’ap sonje, y’ap
tounen kot Granmèt la, tout limit tè a,
y’ap adore devan 1’,
tout fanmi nasyon yo.
Paske rèy nan se pou
Granmèt la, 1’ap komande nasyon yo.
Se li menm sèl y’ap
adore, tou sa k’ap dòmi nan tè a. R.
Ras mwen ap sèvi 1’.
Y’ap pale sou Granmèt
la bay jenerasyon
k’ap vini an,
Y’ap anonse jistis li
a bay pèp
k’ap fèt la;
“Se bagay sa yo
Granmèt la te fè”. R.
LEVANJIL
“Sòti nan chemen yo, ak nan tras
wout
yo, epi fòse moun antre, pou kay mwen an kapab plen”.
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 14, 15- 24
Lè sa a :
Youn nan envite yo di Jezi : “Se chans pou moun k’ap
manje nan peyi kote Bondye wa a !” Men
li menm li di 1’: “Yon mesye te fè yon gran soupe, li envite anpil moun. Lè pou
soupe a fèt, li voye sèvitè 1’ la, pou 1’ di envite yo pou yo vini, paske tout
bagay deja fin pare. Yo tout kòmanse fè eskiz. Premye a di 1’ : ‘Mwen achte yon
pwopriyete, mwen blije soti pou m’al wè 1’ : tanpri, eskize m’. Yon lòt di :
‘Mwen achte senk makòn bèf, mwen gen pou m’eseye yo : tanpri, eskize m’. Lòt la
di : ‘Mwen sot marye, se pou sa mwen pa kapab vini’.
Sèvitè a tounen, li
anonse mèt li a bagay sa yo. Lè sa a chèf kay la fache, li di sèvitè 1’ la :
‘Sòti byen vit sou plas yo ak nan katye lavil la epi depi se vèv ak malad, avèg
ak moun k’ap bwate, fè yo antre isit la’. Sèvitè a di : ‘Granmèt, mwen fè sa,
jan ou te kòmande a, men gen plas toujou’. Mèt la di sèvitè a : ‘Sòti nan gran chemen ak nan tras wout
yo, epi fòse moun antre, pou kay mwen an kapab plen’. Mwen di nou, pèsonn nan
mesye sa yo mwen te envite a, p’ap goute nan soupe m’ nan”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a
REFLEKSYON: Nan premye
Lekti a, Apot Pòl ba nou yon vizyon klè sou Jezi: Li se Bondye, li egal ak
Bondye, men li fè l’ tou piti pou l’ vin fè youn avèk nou, li vin viv nan mitan
nou. Nan jès sa a lanmou Bondye a pou nou parèt aklè. Li
desann vin jwenn sila yo li renmen yo, menm si yo nan kondisyon peche, li vin
fè wout avèk yo.
Levanjil la pale nou de yon gran soupe. Sa ba nou lide sou kalite fèt
Bondye ap fè pou nou, nou tout nou resevwa envitasyon pou nou patisipe nan fèt
la: «Se chans pou moun k’ap manje nan peyi kote Bondye wa a!»
Bondye envite nou nou menm tou, pou nou
louvri pòt kè nou ba li, k’ap tann nou resevwa li lakay nou, se nan
kè nou li vle antre e rete jodi a. Ann chèche fè plas pou lanmou Bondye a rive
tabli tout bon vre nan lavi nou pandan n’ap chèche viv daprè Pawòl li a ki sen
an, konsa n’a viv daprè volonte l’ toutbon tankou Jezikri, Sovè nou an.
LAPRIYÈ: Bondye o, ede nou fè
volonte w’ chak jou nan lavi nou.
PWOPOZISYON: Jodi a,
mwen vle pote kè kontan bay pwochen mwen, mwen pa vle pèsonn tris akoz mwen
menm.
No hay comentarios:
Publicar un comentario