Páginas

MÈKREDI 7-11-2018


Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
“Se pou nou travay pou delivrans nou. Sèke se Bondye ki reyalize sa nou vle a ak sa nou fè a”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU FILIPYEN YO 2, 12-18.
Nou menm mwen renmen anpil la, jan nou toujou fè sa yo mande a, pa sèlman lè m’ la avèk nou, men pi plis toujou koulye a lè m’ pa la a, se pou nou travay avèk krentif ak respè pou delivrans nou. Sèke ni travay pou nou vle fè kichòy la ni travay pou nou fè 1’ vre a, se Bondye ki reyalize 1’ nan nou, poutèt byen li vle a.
Men fè tout bagay san babye, san ezite, pou nou kapab san repwòch, byen senp kòm pitit Bondye, san tach nan mitan yon nasyon ki gate, ki pèvèti, kote n’ap klere tankou sous limyè sou tè a, antan nou pote pawòl lavi a. Sa va sèvi pou bèlte m’ nan jou Jezikri a, paske se pa pou granmesi mwen te kouri, ni se pa pou granmesi mwen te travay.
Men, menm si yo vide san m’ sou sakrifis ak sèvis lafwa nou, kè mwen kontan epi mwen kontan pou nou tout anpil. Nou menm tou se pou nou kontan tou menm jan an, se pou nou kontan anpil avèk mwen.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 26, 1. 4. 13-14
R/ Granmèt la se limyè m’ak delivrans mwen.
Granmèt la se limyè m’ak delivrans mwen, ki moun pou m’ pè ?
Granmèt la se pwoteksyon lavi m’, devan ki moun pou m’ tranble ? R.
Yon sèl bagay mwen mande Granmèt la, se sa m’ap chèche :
abite lakay Granmèt la tout tan lavi m’ pou m’ wè dousè Granmèt la, pou m’ vizite kay sakre 1’ la. R.
Mwen kwè m’ap wè byen Granmèt la nan tè vivan yo.
Tann Granmèt la, pran kouraj, asire kè ou, apiye sou Granmèt la. R.
LEVANJIL
“Moun ki pa renonse tou sa 1’ posede, li pa kapab vin patizan m’”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN : 14, 25- 33
Lé sa a :
Anpil foul t’ap mache avèk Jezi, li vire, li di yo : “Si yon moun vin jwenn mwen, epi li pa rayi papa 1’, manman 1’, madanm li, pitit li, frè 1’ ak sè 1’, epi ata pwòp lavi 1’, li pa kapab vin patizan m’; epi moun ki pa pote kwa li dèyè mwen, li pa kapab vin patizan m’.
An verite, si youn nan nou vle bati yon kay ki wo anpil, èske li pa kòmanse chita pou 1’ kalkile depans ki pou fèt, si 1’ gen kont pou 1’ rive bout; dekwa, si 1’ fin poze fondasyon, epi li pa ka rive bout, pou tout moun ki wè sa, pa kòmanse pase 1’ nan rizib, ap di : ‘Moun sa a kòmanse bati, epi li pa ka fini’?
Osinon kilès wa, si l’a pral fè lagè kont yon lòt wa, li pa kòmanse chita pou 1’ kalkile, si avèk di mil sòlda, li kapab al rankontre sila a k’ap vin sou li avèk ven mil la ? Otreman, pandan lòt la lwen toujou, li voye yon delegasyon pou mande kondisyon lapè.
Se konsa tou, tout moun nan nou ki pa renonse tou sa 1’ posede, li pa kapab vin patizan m’”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:Nan premye lekti a, Pòl bay Kominote Filipyen an kèk rekòmandasyon. Rekòmandasyon sa yo fè n’ konprann kijan li enpòtan pou nou fè travay Bondye a, fè glwa Bondye parèt, nan fason n’ap temwaye renmen li an, nan fason n’ap viv pou li.
Pòl mande Filipyen yo, lè y’ap fè kèlkeswa travay, se pou yo reyalize l’ byen, san bougonnen, Konsa, travay y’ap fè a ap fè Bondye Granmèt la plezi, e li menm l’a vide benediksyon li nan lavi yo.
Nan Levanjil la, nan yon premye moman Jezi vle patizan l’ yo konprann klè ekzijans lavi kretyen an:  Granmèt la pa janm pwomèt patizan l’ yo yon lavi ki dous, okontrè li di nou nan Levanjil Lik la: “Si yon moun pa pote kwa l’, li pa ka disip mwen”; kwa sa ka parèt sou tout fòm, li kapab yon moun ki pa konprann ou, k’ap pèsekite w’, li kapab se yon limitasyon ou genyen, kapab se yon defo, yon peche, yon maladi.
Men tout bagay sa yo nou deja pote laviktwa sou yo si nou remèt yo nan men Granmèt la, pa gen anyen ki enposib pou li. Se bèl bagay lè n’ap gonfle lestomak nou pou n’ di n’ap sèvi Bondye. Men, lè gen yon moman ki rive kote pou n’ sakrifye sa ki gen anpil valè pou nou oubyen sakrifye pwòp tèt nou, nou vle fè bak. Lè difikilte yo parèt, lanmou an pa sipoze chanje.
Nan yon dezyèm moman Granmèt la mande n’ toujou sèvi l’ temwen, ki vle di, moun k’ap pote Bòn Nouvèl la, non sèlman nan bouch men tou nan jan li konpòte l’. Syèk n’ap viv la kretyen an dwe konnen vrèman kilès li ye epi ki sa li vle, dekwa pou li pa konfonn li.
Nou menm k’ap fè jefò pou nou swiv lansèyman Kris la,  nou se yon limyè pou klere nan fènwa, nou se sèl pou bay mond lan gou, pou ba l’ yon sans antan nou mete l’ sou chemen renmen, se wout sa a Jezi Sovè nou an te vin trase pou nou, se ekzanp sa a li ba nou.
LAPRIYÈ: Granmèt, ou mande m’ swiv ou avèk yon kè ki sensè. Tanpri ban mwen fòs mache dèyè w’ avèk kwa m’, pou m’ ka swiv ou nèt ale.
PWOPOZISYON: Nan jounen sa a, remèt bay Jezi tout sa ki yon kwa, tout sa ki leve tankou obstak nan chemen lavi w’.

No hay comentarios:

Publicar un comentario