Páginas

MЀKREDI 14-11-2018


Koulè vèt.
PREMYE LEKTI
“Nou te pèdi wout, men daprè kè sansib li a, li sove nou”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TIT 3, 1-7
Ou menm mwen renmen anpil la :
Avèti moun yo pou yo obeyi chèf yo ak otorite yo, pou yo obeyi sa yo di, pou yo pare pou tout aksyon ki bon, pou yo pa joure pèsonn, pou yo pa nan chèche kont, men pou yo senp, pou yo montre tout moun tout kalite dousè. Sèke lontan nou menm tou nou te san lespri, nou te san lafwa, nou te nan mechanste ak lanvi, nou te rayisab, nou youn te rayi lòt.
Sèlman lè bon kè Bondye Sovè nou an parèt, avèk jan 1’ sansib pou lézòm, se pa sou aksyon jistis nou fè li gade pou 1’ sove nou, men se kè sansib li li konsidere ki fè 1’ sove nou, nan beny ki refè nou  an, ki fè nou vin tou nèf gras a Lespri Sen an, Lespri sa a li vide nan nou pou piyay, pa pouvwa Jezikri, Sovè nou an; pou nou vin kòrèk gras a favè 1’ la, pou nou vin eritye lavi tout tan an n’ap espere a.
Pawòl Granmèt la
SÒM REPONS 22,1-6
R/ Granmèt la swen m’, mwen p’ap manke anyen.
Granmèt la ap kondui m’, anyen p’ap manke m’;
Nan zèb vèt li enstale m’, sou bò dlo trankil li mennen m’, li refè nanm mwen. R. 
Li kondui m’ nan santye jistis poutèt non 1’.
Sèke menm si m’ap mache nan bafon lonbraj lanmò, mwen p’ap pè malè,
paske ou avèk mwen.
Baton ou ak bagèt ou, se yo k’ap konsole m’. R.
Ou pare yon tab devan fas mwen kont sila yo k’ap fè m’ pase tray;
ou swen tèt mwen ak losyon, kalis mwen ap debòde. R.
Reyèlman vre se bon kè ak kè sansib k’ap rapouswiv mwen tout tan lavi m’,
m’ap abite nan lakay Granmèt la pou tout longè tan yo. R.
LEVANJIL
“Pa gen pèsonn ki retounen pou di Bondye mèsi, sof etranje sa a”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 17, 11-19
Lè sa a :
Rive, pandan Jezi t’a pral Jerizalèm, li t’ap travèse nan mitan Lasamari ak Lagalile.
Lè 1’ap antre nan yon vil, dis moun ki te gen maladi lalèp pwoche devan 1’, yo kanpe lwen, yo rele byen fò, yo di : “Jezi, Mèt, pitye pou nou”.
Lè 1’ wè sa, li di : “Ale prezante nou devan prèt yo”. Pandan y’a prale yo geri.
Youn nan yo, lè 1’ wè li geri, li tounen, 1’ap fè lwanj Bondye byen fò, li lage kò 1’ atè sou fas li devan pye Jezi, 1’ap di 1’ mèsi; se te yon Samariten.
Jezi pran lapawòl, li di : “Èske tout dis moun yo pa t’ geri ? Pa gen pèsonn ki tounen vin fè lwanj Bondye, sof etranje sa a”.
Li di 1’ : “Leve, ale, paske lafwa ou sove ou”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Rekonesans se youn nan gwo kalite yon moun ta dwe genyen. Moun ki rekonesan se moun ki pa kite vye lògèy anvayi yo, ki rekonèt byen yo resevwa epi ki aprann konsidere sa.
Pandan Jezi t’ap mache pou l’al Jerizalèm, te gen dis mesye ki te gen maladi lalèp. Mesye sa yo te tande Jezi ap pase yo te al kote l’ pou l’ te kapab geri yo. Yo te fè yon gwo jès lafwa.
Premyèman yo te rekonèt ke Jezi te ka geri yo epi yo te kwè nan li. Donk nou dwe konprann kijan lafwa a enpòtan anpil nan relasyon nou ak Bondye lavi a. Si nou pa kwè ke Granmèt la ka ede nou nan tout pwoblèm nou yo nou p’ap kapab jwenn solisyon ak yo.
Devan lanmou, kè poze ak pwòpte ki te reyone nan vizaj Jezi, mesye ki te gen lalèp yo te santi ke yo sal. Salte sa se pa sèlman paske yo te malad men yo te  rekonèt tou peche yo te konn fè. Se sa k’ fè yo te di: “Jezi, Mèt, pran pitye pou nou”. Yo pa t’ di geri yo non, men yo te mande avan pou JezI gen pitye pou yo. Sa vle di avan tout bagay yo te rekonèt peche yo, se premye netwayaj sa ki pèmèt yo kapab jwenn favè gerizon an.
Jès lafwa sa parèt nan premye Lekti a kote jeneral Naaman te gen lalèp e li te aksepte plonje sèt fwa nan dlo labou jouden an pou l’ te ka obeyi ak pwofèt Elize. Men Jezi plis vle atire atansyon nou jodi a sou sa ki pase aprè gerizon sa.
Nan dis yo, yon sèl ki tounen vini di mèsi. Jan nou te kòmanse refleksyon jodi a, lè yon moun rekonesan li fasilite plis relasyon ak moun ki te fè byen pou li a paske l’ montre l’ ke li rekonèt byen li te fè pou li. Lè nou di mèsi nou di aklè ke nou vle kontinye nan relasyon amitye sa ki ouvè ak nou menm. Fòk nou aprann rekonèt mèvèy Bondye fè nan lavi nou. Sa ap ede nou grandi plis nan relasyon nou avèk li. Nou konprann jodi a ke nan dis mesye sa yo ke Jezi te geri a yon sèl ladan yo ki sove vrèman, paske li di: «Ale, lafwa ou geri w’».
Nou dwe akeyi byenfè Granmèt la, se pa sèlman nan lafwa men tou nan yon jès remèsiman.Menm jan li pa janm sispann lage lagras li sou nou an, nou menm tou fòk nou pa janm sispann di l’ mèsi.
LAPRIYÈ: Granmèt, mèsi pou kado Pitit ou a ke ou fè nou.
PWOPOZISYON: Di mèsi pa yon siy feblès, se yon jès renmen ak rekonesans. Moun ki te fè byen pou mwen, m'ap di l' mèsi.

No hay comentarios:

Publicar un comentario