Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
«Se pou nou viv zanmi Bondye, antan n’ap tann
esperans ki sen an avèk Bondye Sovè nou Jezikri k’ap vini an».
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TIT 2, 1-8. 11-14
Ou menm mwen
renmen anpil la:
Pale koze ki
dakò ak ansèyman ki kòrèk la. Se pou moun ki
gen anpil laj yo kontwole anvi manje-bwè, se pou yo kondui tèt yo byen, se pou
yo gen sajès, se pou yo kòrèk nan lafwa a, nan renmen an, nan pasyans la. Medam
yo ki gen anpil laj yo tou se pou yo gen yon konpòtman ki sen, pou yo pa fè
tripotaj sou moun, pou yo pa esklav bwason, pou yo konn bay ansèyman byen; se
pou yo fè edikasyon jèn fi yo nan kesyon sajès la, pou yo aprann renmen mari
yo, renmen pitit yo; pou yo gen sajès, pou yo veye sou tandans chè a, pou yo
kontwole anvi manje ak bwè, pou yo konn kenbe kay la pwòp, pou yo gen bon jan,
pou yo obeyi mari yo, pou moun pa blasfeme pawòl Bondye a.
Jèn jan yo tou
se pou ou fè yo obsèvasyon pou yo konn kenbe tèt yo anplas. Nan tout bagay se
pou ou ofri pwòp tèt ou kòm modèl bon aksyon yo, nan ansèyman, nan konduit ki
dwat, nan fason kòrèk w’ap mache, nan pawòl ki vrè, ki san repwòch, pou moun ki
sot nan ènmi an jwenn okazyon pou l’ wont, san l’ pa jwenn okenn mal pou l’ di
sou nou.
Sèke gras Bondye
Sovè nou an parèt devan tout moun, li aprann nou pou nou renonse peche a, avèk
anvi tè a, pou nou viv yon fason regle, yon fason kòrèk, yon fason ki sen, nan
tan sa a menm, antan n’ap tann esperans ki sen an avèk Bondye Sovè nou Jezikri
k’ap vini nan glwa l’ la, li menm ki te renmèt tèt li pou nou, pou l’ te kapab
rachte nou sot nan tout kalite peche, pou l’ te kapab pwòpte yon pèp ki fè l’
plezi, ki cho pou fè sa k’ bon.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 36, 3-4. 18 e 23. 27 e 29 (r.: 39a)
R/ Sove moun ki kòrèk yo, se nan Granmèt la li sòti.
Espere nan
Granmèt la, fè sa ki bon, w’ap abite tè a, w’ap manje ak konfyans.
Jwi nan Granmèt
la, l’ap ba ou sa kè ou mande yo.R.
Granmèt la
konnen jou moun ki san tach yo, eritaj yo ap la pou tout tan.
Se Granmèt la ki
asire demach yon moun, ki vle chemen l’.R.
Vire do bay sa
k’ mal, fè sa k’ byen, w’ap gen kote pou ou abite pou tout tan gen tan.
Moun kòrèk yo ap
eritye tè a, y’ap abite sou li pou tout tan k’ap gen tan.R.
LEVANJIL
«Se sèvitè initil nou ye: se sa nou te dwe fè nou
fè»
LEKTI LEVANJIL KI SEN AN DAPRÈ SEN LIK 17, 7-10
Lè sa a: Granmèt
la di:
«Kilès nan nou,
si l’ gen yon sèvitè k’ap travay tè oubyen k’ap okipe bèt, lè l’ sot nan jaden,
pou l’ di l’: «Fè vit, travèse, al lonje kò ou»? Èske li p’ap di l’ pito: «Pare
manje, mete tabliye ou, epi sèvi m’, pou m’ manje, pou m’ bwè, epi aprè sa, ou
menm w’a manje epi w’a bwè? Èske l’ap gen sèvitè sa a rekonesans, poutèt li fè
sa l’ te pase l’ lòd la? Mwen pa kwè.
Se konsa pou nou
menm tou, lè nou fin fè tout sa yo te pase nou lòd pou nou fè a, se pou nou di:
«Se sèvitè initil nou ye: se sa nou te dwe fè a, se li menm nou fè».
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, Levanjil la pa atire atansyon
nou sou atitid (konpòtman) Mèt la, men li atire atansyon nou sou atitid sèvitè
yo. Jezi envite apot li yo, antan li itilize ekzanp parabòl ki pale sou atitid
sèvis la: sèvitè a dwe obeyi epi fè devwa li kòmsadwa, san li pa tann okenn
rekonpans: «[Mèt la] Èske
l’ap gen sèvitè sa a rekonesans, poutèt li fè sa l’ te pase l’ lòd la? » (Lik
17, 9).
Men, leson sa a se pa dènyè leson sou
sijè sa a. Pita Jezi pral di disip li yo: «Mwen
pa rele nou sèvitè ankò, paske sèvitè a pa konnen sa mèt li fè; men mwen rele
nou zanmi, paske tout sa mwen te tande Papa te di, mwen te fè nou konnen li»
(Jan 15, 15). Zanmi pa fè kont. Si sèvitè yo dwe obeyi e fè devwa yo, plis
toujou disip Jezi yo, zanmi li yo, nou dwe akonpli misyon Bondye konfye nou an,
antan nou konnen ke travay nou pa merite rekonpans paske nou ekzekite li ak kè
kontan, paske tout sa nou ye ak tout sa nou genyen, se yon gras Bondye.
Pou kretyen an tout bagay se siy, pou moun ki renmen
tout bagay se kado.Travay pou Wayòm Bondye a se rekonpans nou, e se poutèt sa
nou pa dwe di «Nou se sèvitè kèlkonk:
sèlman nou fè sa nou te dwe fè (Lik 17, 19). Se pa avèk
tristès ak regrè pou nou di sa, men se avèk kè kontan, puiske yo te rele nou
pou transmèt Levanjil la.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri fè Lespri ou a ankouraje nou pou
nou kapab ranpli devwa nou, misyon nou tankou disip-misyonè Jezikri. Amèn
PWOPOZISYON: Pa kite
moun dekouraje w’ nan fè sa ki byen, rekonpans ou se nan men Bondye li ye.
No hay comentarios:
Publicar un comentario