Koulè Ble (ou Blan).
PREZANTASYON MARI KI SEN, KI
VYÈJ.
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Li sen,
Granmèt Bondye ki gen tout pouvwa a, li menm ki te la, ki la epi k’ap vini an».
LEKTI LIV
APOKALIPS APOT JAN KI SEN 4, 1-11
Mwen menm, Jan, mwen wè: men yon pòt ki louvri nan syèl la, epi premye
vwa a mwen te tande a, li te tankou vwa foul k’ap pale avèk mwen an, k’ap di: «Monte isit la, m’ap montre ou sa k’ap rive
aprè bagay sa yo». Menm lè a mwen antre nan espri a: men yon twòn yo
enstale nan syèl la, sou twòn nan gen yon pèsonaj ki chita.
Sa k’ te chita a, li te tankou aparans wòch bijou yo rele jasp la ak sad
la, te gen akansyèl alantou twòn nan tankou aparans bijou yo rele smaragd la.
Alantou twòn nan te gen vennkat ti fotèy, sou fotèy yo te gen vennkat ansyen ki
te chita, yo te abiye ak rad blan, sou tèt yo te gen kouwòn lò; nan twòn nan te
gen zeklè ki t’ap sòti ak vwa ak bwi; sèt lanp te limen devan twòn nan, se sèt
espri Bondye yo.
Devan twòn nan, se te tankou yon lanmè an vit tankou kristal; nan mitan
twòn nan ak alantou twòn nan te gen kat vivan plen je devan ak dèyè.
Premye vivan an sanble ak yon lyon, dezyèm vivan an sanblé ak yon bèf,
twazyèm vivan an te gen fas tankou fas moun, katriyèm vivan an te sanble ak yon
ègl k’ap vole.
Kat vivan yo, yo chak te gen sis zèl, alantou ak anndan yo te plen ak je,
yo pa t’ gen repo lajounen kon lannuit, yo t’ap di: «Li sen, li sen, li sen, Granmèt Bondye ki gen tout pouvwa, ki te la epi
ki la epi k’ap vini an».
Pandan vivan sa yo t’ap bay glwa ak konsiderasyon ak konpliman pou sa a ki
chita sou twòn nan, k’ap viv pou tout tan gen tan an, vennkat ansyen yo t’ap
bese devan sa a ki chita sou twòn nan, yo t’ap adore sa a k’ap viv pou tout tan
gen tan an, yo t’ap voye kouwòn yo devan twòn nan, yo t’ap di:«Ou merite sa, Granmèt Bondye nou, pou ou
resevwa glwa ak konsiderasyon ak otorite; paske ou te kreye tout bagay, epi se
akòz volonte ou yo te fèt, yo te kreye».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
150, 1-2. 3-4. 5-6 (r.: Ap 4, 8b)
R/Ou sen, ou sen, ou sen, Granmèt Bondye ki gen tout pouvwa.
Fè lwanj Granmèt la nan tanp li a, fè lwanj li nan syèl pouvwa li.
Fè lwanj li nan gran mèvèy li yo, fè lwanj li daprè kantite grandè l’.R.
Fè lwanj li nan son twonpèt, fè lwanj li sou bandyo ak gita, fè lwanj li
sou tanbou ak dans, fè lwanj li sou enstriman a kòd avèk flit.R.
Fè lwanj li ak senbal k’ap sonnen byen, fè lwanj li ak senbal fèt.
Tout sa k’ap respire, se pou l’ fè lwanj Granmèt la.R.
LEVANJIL
«Poukisa ou pa
t’ mete lajan m’ nan labank?»
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 19, 11-28
Lè sa a:
Jezi di yon parabòl, poutèt li te tou pre Jerizalèm, epi paske yo te
konprann se tout-suit peyi wa Bondye a t’a pral parèt.
Konsa li di: «Te gen yon mesye ki te nan gran ras, li te pati nan yon peyi
ki lwen pou l’ resevwa peyi wa a, epi pou l’ tounen.
Li rele dis sèvitè l’ yo, li bay yo dis pyès lajan, li di yo: «Fè yo
rapòte, joustan mwen vini».
Sitwayen l’ yo te rayi l’; yo voye yon delegasyon apre l’, yo di: «Nou pa
vle pou sa a vin wa sou nou».
Lè l’ tounen, apre li fin jwenn peyi wa a, li pase lòd pou yo rele sèvitè
yo, sa l’ te bay lajan an, pou l’ konnen konbyen chak moun te rapòte.
Premye a rive, li di: «Mèt, pyès lajan ou nan rapòte dis pyès lajan». Li di
l’: «Se byen, bon sèvitè: paske ou te fidèl nan ti bagay, w’ap jwenn pouvwa sou
dis vil.
Yon lòt rive, li di: «Mèt, pyès lajan ou nan te fè senk pyès lajan». Li di sa a: «Ou menm tou w’ap
kòmande sou senk vil».
Yon lòt rive, li di: «Mèt, men pyès lajan ou nan, mwen te depoze l’ nan
yon mouchwa; mwen te pè ou, paske ou se yon moun ki rèd: ou pran sa ou pa mete,
ou ranmase sa ou pa simen».
Li di l’: «Se ak bouch ou ou jije pwòp tèt ou, sèvitè ki pa vo anyen; ou
te konnen mwen se yon moun ki rèd, mwen pran sa m’ pa mete, epi mwen ranmase sa
m’ pa simen, ebyen pouki sa ou pa t’ met lajan m’ nan labank, pou lè m’ rive
mwen ta reprann li avèk enterè? »
Li di moun yo ki te kanpe la a: «Wete pyès lajan an sot nan men l’, epi
bay moun ki gen dis pyès lajan yo».
Yo di l’: «Mèt, li gen dis pyès lajan!»
«Mwen di nou, tout moun ki genyen, y’ap ba li, l’ap gen an plis; men sa
k’ pa genyen an, menm sa l’ genyen y’ap wete l’ sot nan men l’. Kanta pou ènmi m’ sa yo, ki pa t’
vle pou m’ kòmande sou yo kòm wa a, mennen yo isit la, touye yo devan m’». Kon
l’ fin di sa, li pran devan, l’ap monte Jerizalèm.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a Levanjil la pwopoze nou parabòl pyès lò a: yon
kantite lajan ke nèg rich la separe bay sèvitè li yo, avan li pati ale nan
vwayaj.
Dabò, an nou prete atansyon
ak sa ki pwovoke parabòl Jezi a. Li «prè» Jerizalèm, kote li t’a pral soufri,
mouri epi resisite.
Disip li yo te «panse yo te wè wayòm Bondye a manifeste nan
menm moman an menm» (Lk 19,11). Ebyen se nan sikonstans sa yo ke Jezi
pwopoze parabòl sa. Atravè parabòl sa a, Jezi vle montre nou kijan li enpòtan
pou nou fè kado nou resevwa nan men Bondye yo rapòte plis, nou dwe fè yo
donnen. Se pa kado pa nou yo ye, se poutèt sa nou pa kapab fè sa nou vle ak yo.
Granmèt la kite yo nan men nou pou nou ka fè yo donnen. Sila yo ki te fè pyès
lò yo a rapòte plis la, yo te resevwa konpliman nan men Granmèt yo.
Pa gen dout nan sa, kretyen an
dwe tann vini Granmèt la, Jezi. Men ak de kondisyon, s’il vle fè yon rankont
enteresan: Premyèman, li dwe renonse ak move kiryozite k’ap pouse li chache
konnen kilè Granmèt la ap tounen nan bèlte li ak puisans li.
Nan yon lòt pasaj Levanjil, yo
di nou l’ap vini lè nou pa panse. Kidonk li pa vo lapenn pou n’ap kalkile kilè
Granmèt la ap retounen. An nou tann avèk espwa, san nou pa chache konnen ki jou
ni ki lè Granmèt la ap vini.
Dezyèm kondisyon an, sèke
kretyen an pa dwe pèdi tan. Nou pa dwe chache eskiz nan fason n’ap tann kè
kontan final k’ap vini an, pou nou pa pran oserye moman n’ap viv la. Sa vle di,
plis nou kontribye nan konstwiksyon wayòm Bondye a nan tan sa a, se plis nou
kapab jwenn kè kontan nan rankont final la.
Lè Jezi fè sila yo ki t’ap fè
rebèl kont li remak sa, li pa ekzajere: «Kanta pou ènmi m’ sa yo, ki pa t’ vle pou m’
kòmande sou yo kòm wa a, mennen yo isit la, touye yo devan m’».
LAPRIYÈ: Granmèt,
tanpri gen pitye pou mwen, pou tout fwa mwen te gaspiye kado ou te depoze nan
mwen pou sèvis lòt yo.
PWOPOZISYON:
Dekouvri ki don oubyen kado Bondye depoze nan
mwen epi mete li nan sèvis fanmi mwen, nan sèvis kominote m’ap viv la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario