Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
«Si yon moun
ouvri pòt la pou mwen, m’ap antre kote l’, m’ap manje avèk li».
LEKTI LIV APOKALIPS APOT JAN KI SEN 3, 1-6.
14-22
Mwen menm,
Jan, mwen tande Granmèt la k’ap di m’:
«Pou Anj
Legliz Sad la, ekri: Men deklarasyon sila a ki gen sèt espri Bondye yo ak sèt
zetwal yo: «Mwen konnen aksyon ou yo, ou pote non moun ki vivan men ou mouri.
Se pou ou reveye, epi, rès bagay yo ki prèt pou mouri yo, fè yo repran fòs;
sèke mwen pa jwenn aksyon ou yo plen devan Bondye m’ nan. Sonje kalite sa ou te resevwa a ak sa ou te tande a; epi kenbe yo, fè
penitans. Si ou pa veye, m’ap vini kote ou tankou yon vòlè, ou p’ap konnen kilè
m’ap vin kote ou.
Men ou gen
kèk non nan Sad, ki pa t’ sal rad yo, k’ap mache avèk mwen ak rad tou blan,
paske yo merite sa.
Moun k’ap
ranpòte viktwa a, se konsa l’ap abiye ak rad blan, mwen p’ap efase non l’ sot
nan liv lavi a, m’ap rekonèt non l’ devan Papa m’ ak devan Anj li yo».
Moun ki gen
zòrèy se pou l’ koute sa Lespri a di Legliz yo.
Pou Anj Legliz
Laodise a, ekri: Men deklarasyon Amèn nan, temwen ki fidèl la, ki vre a, li
menm ki kòmansman tout sa Bondye kreye a: «Mwen konnen aksyon ou yo, ou pa ni
frèt ni cho: pito ou te frèt oubyen cho! Men, paske ou tyèd la epi ou pa ni
frèt ni cho a, m’ap kòmanse vomi ou sot nan bouch mwen.
Paske ou di:
«Mwen rich, mwen anrichi, mwen pa bezwen anyen», epi ou pa konnen ou mizerab,
ou malere, ou pòv, ou avèg, ou nikò. Mwen konseye ou pou ou achte nan men m’ ni
lò ki pwòpte nan dife a pou ou kapab vin rich, ni rad blan pou ou abiye, pou
lawont nikò ou la pa parèt, ni pomad pou ou badijonnen je ou pou ou kapab wè.
Mwen menm, moun
mwen renmen yo, mwen reprann yo, mwen korije yo. Konsa fè efò, fè penitans.
Men mwen kanpe
nan pòt la, m’ap frape: si yon moun tande vwa m’, li louvri pòt la ban mwen,
m’ap antre kote l’, m’ap soupe avèk li, li menm avèk mwen. Moun ki ranpòte
viktwa a, m’ap ba l’ posibilite pou l’ chita avèk mwen sou twòn mwen an, menm
jan mwen menm mwen te ranpòte viktwa a epi mwen chita avèk Papa m’ sou twòn li
a».
Moun ki gen
zòrèy, se pou l’ tande sa Lespri a di Legliz yo».
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 14, 2-3ab. 3cd-4ab. 5 (r.: Ap 3, 21)
R/ Moun ki
ranpòte viktwa a, m’ap fè l’ chita avèk mwen sou twòn mwen an.
Moun k’ap
mache san fot, k’ap fè jistis;
k’ap pale
verite nan kè l’, ki pa fè riz ak lang li.R.
Li pa fè pwochen
l’ mal, li pa fè pwochen l’ afwon.
Li konsidere
mechan an kòm anyen devan je l’,
men li fè lwanj
pou sa yo ki respekte Granmèt la.R.
Moun ki pa prete
lajan ak enterè, ki pa aksepte kado sou do inosan.
Moun ki aji
konsa, anyen p’ap janm souke l’.R.
LEVANJIL
«Pitit moun nan vini pou l’ chèche, pou l’ sove sa
k’ te peri a».
MEN BÒN NOUVÈL DAPRÈ SEN LIK 19, 1-10
Lè sa a:
Jezi antre
Jeriko, l’ap travèse vil la. Men yon mesye yo rele Zache, ki te chèf kolektè
yo, ki te rich. Li t’ap chèche wè Jezi, kilès li ye; li pa t’ kapab akòz foul
la, paske li te tou kout. Li kouri devan, li monte sou yon pye figye, pou l’ wè
l’, paske li te gen pou l’ pase la.
Lè Jezi rive
kote sa a, li leve je l’, li wè l’, li di l’: «Zache, fè vit, desann, paske
jodi a se nan kay ou mwen gen pou m’ rete». Li fè vit, li desann, li resevwa l’
avèk kè kontan. Lè tout moun wè sa, yo t’ap kritike, yo t’ap di: se kay yon
pechè l’al manje.
Zache menm
kanpe, li di Granmèt la: «Men mwatye byen m’ yo, Granmèt, mwen bay pòv yo; epi
si m’ te vòlè yon moun, mwen renmèt li kat fwa plis».
Jezi menm di
l’: «Jodi a sove a rive pou kay sa a, paske li menm tou se yon pitit Abraam.
Sèke Pitit moun nan vini pou l’ chèche, pou l’ sove sa k’ te peri a».
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Lè yon moun
rankontre ak Jezi tout bon vre, lavi li chanje.
Se mesaj sa nou jwenn nan levanjil jodi a: Zache fè
rankont ak Granmèt la, lavi li chanje. Li remèt mwatye byen l’ yo bay pòv. Nan
dezi li te gen pou rankontre ak Jezi, wotè li te yon difikilte pou li, men li
te jwenn yon mwayen: li monte sou yon pye figye pou li kapab wè Granmèt la. Men
se Granmèt ki pral envite li, lè li di li: «Zache, desann; jodi a se lakay ou
map fè ladesant».
Menm jan ak Zache, nou kout
anpil; sa vle di, nou pa ka rive nan wotè Granmèt la. Peche fè nou rachitik
devan Bondye.
Men tou, se sou pye figye
kote nou monte kanpe a Granmèt la wè nou, l’ap rele nou, l’ap fè nou siy, l’ap
pale ak nou. Li vle vin manje ak nou. Li vle chita sou menm tab ak nou. Li vle
zanmi nou. Men fòk kè nou tankou kè Zache, sa vle di, fòk nou vle rankontre ak
li tout bon. Se pa nou menm k’ap chache Granmèt la; okontrè se li menm k’ap
chache nou, se li k’ap frape pòt kè nou.
Nan Liv Apokalips Sen Jan,
Jezi di nou: «Men mwen kanpe nan pòt la, map frape: si yon moun tande vwa m’, li
louvri pòt la banm mwen, m’ap antre kote l’, m’ap soupe ak li, li menm ak mwen».
Chak moun kapab fè yon eksperyans pèsonèl ak
Bondye: Zache te fè eksperyans pa li; konsa tou, Pyè ak Pòl, 2 gwo poto mitan
nan Legliz la, yo te fè eksperyans pa yo.
Yo
chak te rankontre ak Jezi yon fason ki diferan. Men sa ki enpòtan, sèke rankont
sa a te transfòme yo, li te chanje lavi yo yon fason radikal.
Kòm
konsekans, Zache bay mwatye nan richès li pou pòv yo (li repare peche li). Pyè
sispans peche pwason pou li al peche moun. Pòl ki te konn pèsekitè kretyen yo,
li vin tounen apot nasyon yo.
E
ou menm frè m’, e ou menm sè m’ ki te batize, kominye, konfime? Èske ou deja rankontre ak Jezi? Ki chanjman rankont
sa a pote nan lavi ou? Si lavi ou pa chanje, ou mèt sèten ou pa ko rankontre ak
Jezi tout bon vre.
LAPRIYÈ: Jezi, jodi a mwen vle rankontre ak
ou, paske mwen vle lavi mwen chanje. Tanpri, pa pase lwen mwen.
PWOPOZISYON: Ki jès oubyen aksyon m’ap fè jodi a, pou mwen
montre mwen te rankontre ak Jezi?
Bonswa nou ka voye pwogram mès madi 27 novanm 2018 la pou mw slp mesi davans
ResponderEliminar