Koulè
Vèt.
PREMYE LEKTI
«Sonje kote ou tonbe, fè
penitans».
KÒMANSMAN LIV APOKALIPS APOT JAN KI SEN 1, 1-4;
2, 1- 5a
Revelasyon
Jezikri, sa Bondye ba li pou l’ devwale klè bay sèvitè l’ yo «sa k’ gen pou
rive byen vit».
Antan l’ voye
Anj li a bay sèvitè l’ Jan, temwen pawòl Bondye a ak temwayaj Jezikri a temwen,
li montre l’ tout sa l’ wè yo. Ala kontantman pou moun ki li, ki tande pawòl
deklarasyon pwofèt sa a, epi ki kenbe bagay ki ekri ladan yo: sèke tan an tou
pre.
Jan pou sèt
legliz yo ki nan Azi a. Gras pou nou ak lapè, sot nan sa a ki la a, ki te la a
epi k’ap vini an, epi sot nan sèt espri yo, ki devan twòn li a.
Mwen te tande
Granmèt la k’ap di m’: «Pou Anj legliz Efèz la, ekri: Men sa l’ di, sa a ki
kenbe sèt zetwal yo nan men dwat li a, li menm k’ap mache nan mitan sèt chandelye
an lò yo: «Mwen konnen aksyon ou yo, ni travay ou, ni pasyans ou, epi ou pa
kapab sipòte mechan yo: sa yo ki di se apot yo ye a epi se pa sa yo ye, ou te
eseye yo epi ou te dekouvri se mantè yo ye; ou gen pasyans, ou sipòte poutèt
non mwen, ou pa lage.
Men mwen gen
kichòy kont ou, sèke ou te abandone charite ou te genyen nan kòmansman an.
Sonje kote ou te ye anvan ou tonbe a, epi fè penitans, fè sa ou te konn fè nan
kòmansman an».
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 1, 1-2. 3. 4 e 6 (r.: An 2, 7b)
R/Moun ki
ranpòte viktwa a m’ap ba l’ manje nan pye bwa lavi a.
Ala
kontantman pou moun ki pa ale nan reyinyon moun ki pa krenn Bondye yo, ki pa
kanpe nan chemen pechè yo, ki pa chita nan gwoup moun k’ap pase lalwa a nan
jwèt yo;
men se nan lalwa Granmèt la volonte
l’ ye, se nan lalwa l’ la l’ap kalkile lajounen ak lannuit.R.
L’ap tankou yon pye bwa ki plante sou
bò kouran dlo, k’ap donnen fwi l’ nan tan li, li p’ap pèdi fèy li, tout sa l’ap
fè ap reyisi.R.
Se pa konsa pou
moun ki pa krenn Bondye yo, se pa konsa, men y’ap tankou pousyè van ap voye
jete.
Sèke Granmèt
la konnen chemen moun kòrèk yo, men wout moun ki pa kòrèk yo ap peri.R.
LEVANJIL
«Ki sa ou vle pou m’ fè? — Granmèt, fè m’ wè».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 18, 35-
43
Lè sa a:
Rive, pandan
Jezi ap pwoche Jeriko, yon avèg te chita bò wout la, l’ap mande charite. Lè l’
tande foul la k’ap pase, li t’ap mande sa sa ye. Yo di l’ se Jezi moun Nazarèt
la k’ap pase.
Li rele byen
fò, li di: «Jezi, pitit David, pitye pou mwen». Moun yo ki t’ap mache devan an,
yo t’ap fè l’ obsèvasyon pou l’ pe bouch li; men li menm menm se plis li t’ap
rele pi fò: «Pitit David, pitye pou mwen».
Jezi menm kanpe,
li pase lòd pou yo mennen l’ kote l’.
Pandan l’ap
pwoche, li mande l’: «Ki sa ou vle pou m’ fè?»
Li menm li di:
«Granmèt fè m’ wè».
Jezi di l’:
«Se pou ou wè, lafwa ou sove ou».
Menm lè a, li
wè, epi li t’ap suiv li antan l’ap fè konpliman pou Bondye. Tout foul la, lè l’
wè sa, li fè lwanj pou Bondye.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan premye lekti a
nou wè kòman Bondye pa lentèmedyè Jan, adrese l’ ak sèvitè l’ yo ki nan 7
legliz Azi pou l’ ankouraje yo nan travay
apostola a ki se konsekans rankont yo ak Jezikri.
Granmèt la envite sèvitè
l’ yo pou yo retounen pratike lacharite daprè jan yo te devwe pou sa nan
kòmansman. Bon pratik nou yo, nou pa dwe bliye yo, nou dwe evite sa ki mal yo
epi kontinye viv daprè sa ki bon yo. Bondye ki anwo nèt la, se Sila a k’ap peze
aksyon nou yo, li se Sila a k’ap dirije lavi nou nan sa ki byen an.
Sòm premye a envite nou mache nan chemen ki korèk la, evite
move zanmitay (moun ki pa pataje lafwa nou e ki pa gen respè pou Bondye Granmèt
la). Moun sa yo nou pa ka mete ansanm ak yo pou nou aji kont lafwa nou. Nou ka
gen relasyon pwofesyonèl ak yon moun san pou otan n’ pa patisipe nan aksyon ou
aktivite l’ap fè nan sans kontrè ak
Levanjil Jezikri a.
Se pou nou afime lafwa
nou devan moun yo san pèsonn pa oblije, san pèsonn pa fòse nou, san nou pa santi
nou wont; fòk nou fyè pou nou anonse Bòn Nouvèl la.
Travay levangelizasyon an
enpòtan anpil: l’ap ede nou fè lòt moun rankontre ak Jezi pou yo kapab rive
chanje lavi yo. Volonte Bondye, se pou tout moun rive jwenn delivrans
lan. Se enpòtan pou n’ kite reyalite misyon an vlope tout sa nou ye kòm
kretyen, dekwa pou kèlkeswa kote nou ye nou dispoze pou pataje levanjil la pou
delivrans moun yo.
Nan levanjil la nou wè volonte sa a pou sove
moun yo, nan atitid Jezi devan lapriyè nèg avèg la te fè l’. Jezi vini pou pote
lavi, tout moun ki rankontre ak li pa ka rete nan fènwa ankò. Se konsa Jezi fè
limyè delivrans li a disparèt fènwa pwoblèm ki te anvayi lavi nèg sa a. Jezi
geri li sèlman ak yon pawòl. Lavi nou kòm kretyen ekzije nou aji avèk konpasyon
pou frè ak sè nou yo.
LAPRIYÈ: Granmèt aprann nou dekouvri nesesite espirityèl ak materyèl
frè ak sè nou yo k’ap viv bò kote nou; edè n’ fè kichòy pou pèmèt yo viv ak
plis diyite kòm pitit ou. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Fòme komite oubyen gwoup ki pou reflechi sou bezwen
espirityèl ak sosyal kominote nou, dekwa pou nou konn kisa nou dwe fè san pèdi
tan.
No hay comentarios:
Publicar un comentario