Páginas

DIMANCH 18-11-2018


Koulè Vèt.
TRANNTWAZYÈM DIMANCH ÒDINÈ-ANE B.
PREMYE LEKTI
"Lè sa a pèp ou a ap sove"
LEKTI LIV PWOFÈT DANYÈL 12, 1-3
Lè sa a, Michèl gran chèf la ap leve, li menm ki kanpe pou pitit pèp ou a; gen yon tan k’ap rive ki pa t’ gen parèy li depi nasyon yo te kòmanse ekziste jous nan tan sa a. Epi nan tan sa a, pèp ou a, tout moun y’ap jwenn non yo ekri nan liv la, y’ap sove.
Anpil nan sa yo k’ap dòmi nan pousyè tè a, y’ap reveye; yon pòsyon pou lavi tout tan an, lòt yo pou lawont la, pou se lawont yo wè tout tan.
Moun yo ki te aksepte ansèyman an, y’ap klere tankou klète syèl la, epi moun yo ki te bay anpil lòt yo ansèyman sou jistis la, y’ap tankou zetwal yo pou tout tan gen tan.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 15, 5 e 8. 9-10. 11 (r.: 1)
R/ Prezève m’, Bondye, paske mwen espere nan ou
Granmèt, pòsyon eritaj mwen ak kalis mwen:
se ou menm ki kenbe destine mwen.
Mwen te mete Granmèt la devan fas mwen tout tan,
Paske li adwat mwen, mwen p’ap tranble.R.

Se pousa kè m’ kontan, tout anndan fon kè m’ ap danse,
Chè m’ nan menm poze nan esperans.
Paske ou p’ap lage nam mwen nan abitasyon mò yo,
Ou p’ap kite sen ou nan wè dekonpozisyon.R.

W’ap fè m’ konnen wout lavi yo,
Kè kontan k’ap debòde devan fas ou,
Plezi adwat ou jous pou tout tan.R.
DEZYÈM LEKTI
"Ak yon sèl sakrifis li fè yo vin nèt pou tout tan".    
LEKTI LÈT POU EBRE YO 10, 11-14. 18
Tout prèt blije ap fè sèvis chak jou, ap ofri menm sakrifis yo anpil fwa, sakrifis ki pa janm kapab wete peche yo; men kanta li menm menm, se yon sèl sakrifis li ofri pou peche yo, aprè sa li chita pou tout tan adwat Bondye, l’ap tann ankò "joustan yo poze lènmi l’ yo kòm macheskalye pou pye l’".
Sèke se avèk yon sèl sakrifis li fè moun yo vin sen nèt pou tout tan. Kote yo fin padonnen yo a, pa gen sakrifis pou peche ankò.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"L’ap ranmase sa yo li chwazi a sot nan kat direksyon van an".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 13, 24 -32
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Jou sa yo, aprè gran tray la solèy la ap vin fènwa, lalin nan p’ap bay klète l’, zetwal syèl yo ap tonbe, pouvwa yo ki nan syèl yo ap tranble.
Lè sa a y’ap wè Pitit moun nan k’ap vini nan nyaj yo avèk anpil pouvwa ak glwa. Lè sa a tou l’ap voye anj li yo, l’ap ranmase sa yo li chwazi a sot nan kat direksyon van an, depi nan bout tè a jous nan bout syèl la.
Pran leson konparezon sou pye fig frans la: lè l’ pran boujonnen, lè fèy li kòmanse pouse, nou konnen tan cho a tou pre; konsa tou pou nou menm, lè n’a wè bagay sa yo rive, n’a konnen li tou pre, nan papòt la.
Amèn, mwen di nou, jenerasyon sa a p’ap pase, jous lè tout bagay sa yo rive. Syèl la ak tè a ap pase, men pawòl mwen yo p’ap pase. Kanta pou jou a menm oubyen lè a, pèsonn pa konnen, ni mesaje yo nan syèl la, ni Pitit la, sof Papa a".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Gen moun ki di lemonn pral fini. Gen lòt moun ankò ki di y’ap tann Jezi vini. Kisa sa vle di, pou nou menm kretyen katolik? 
Levanjil jodi a ka ede nou reflechi sou sa.
Premyèman, fò n’ eklèsi yon konfizyon ki ka rive nou souvan. Si nou gade dènye vèsè levanjil jodi a la (Mak 13,23), li di byen klè: “Kanta pou jou a menm oubyen lè a, pèsonn pa konnen, ni mesaje yo nan syèl la, ni Pitit la, sof Papa a.” Vèsè sa a se yon prèv biblik ki montre lè yo di se nan tèl lane oubyen tèl dat lemonn va kaba, se pa vre; se envante yo envante sa.  Pa bliye yo te di sa nan lane 2000 la, pa ekzanp. 
Jezi pa vle pou nou fokis sou dat la. Li vle pou nou gade sans la pito. Epi nou kapab jwenn sans la nan 2 vesè sa yo: «Lè sa a y’ap wè Pitit moun nan k’ap vini nan nyaj yo avèk anpil pouvwa ak glwa.» …. « Syèl la ak tè a ap pase, men pawòl mwen yo p’ap pase.»
Sa vle di, plis pase sa k’ap fini an, sa pou nou plis gade a se sa k’ap rive a, ki se Jezi menm, ak sa k’ap rete a, ki se pawòl li. Sa n’ap tann nan, se Jezi. Se pa pè pou nou pè li. Se yon lespwa sa ye pou nou.
Kijan Jezi ka rive parèt nan listwa nou?
Lè nou mete renmen ak pataj nan sosyete a, se pawòl Jezi a ki tounen yon reyalite. Lè nou youn padone lòt, lè nou youn chache konprann lòt, se Jezi menm ki prezan nan kè nou. Lè nou kominye, se nou menm menm, kòm legliz, ki tounen Kò Jezikri, k’ap bay tèt li pou frè ak sè nou yo.
Nou poko kapab di n’ap viv sa nèt. Nou resevwa Bòn Nouvèl la, men nou manke dyanm nan swiv Jezi. Se sa n’ap tann. Se sa l’ap tann tou.
LAPRIYÈ:Granmèt, ede n’ konvèti tout bon, pou n’ ka fè Pawòl ou a tounen yon reyalite. Amèn.
PWOPOZISYON: Kijan m’ ka ede frè ak sè mwen yo rankontre ak Jezi jodi a ?

No hay comentarios:

Publicar un comentario