Koulè Blan.
ELIZABÈT DE ONGRI KI SEN, Relijyez.
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Nou dwe
resevwa frè yo, pou nou kapab asosye verite a».
LEKTI TWAZYÈM LÈT APOT JAN KI SEN Vèsè 5-8
Ou menm mwen
renmen anpil la, ou viv daprè lafwa ou vre nan tout sa ou fè pou frè yo, malgre
yo se etranje k’ap pase. Yo bay temwayaj sou charite ou la devan fas Legliz la.
W’a fè sa ki bon antan w’ap ede yo vwayaje an byen yon jan ki koresponn ak sa
Bonye vle a. Paske se poutèt non l’ yo pati, san yo pa pran anyen nan men moun
nasyon yo. Konsa nou menm, nou dwe resevwa kalite moun sa yo byen, pou nou vin
antre konsa nan travay y’ap fè pou verite a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 111, 1-2. 3-4. 5-6 (r.: la)
R/Ala kontantman pou moun ki krenn Granmèt la.
Ala kontantman pou moun ki krenn Granmèt la, ki met plezi l’ nèt nan lòd li
yo.
Desandans li ap gen pouvwa sou tè a, ras moun kòrèk yo ap beni.R.
Glwa ak richès nan kay li, jistis li ap rete pou tout tan gen tan.
Limyè l’ap leve nan fènwa, pou moun kòrèk yo, li sansib, li pran pitye, li
kòrèk.R.
Ala kontantman pou moun sa a ki pran pitye, ki prete, ki regle afè l’ yo
kòrèk, paske se pou tout tan li p’ap bite.
Moun ki kòrèk la, y’ap sonje l’ tout tan.R.
LEVANJIL
«Bondye ap tire
vanjans pou sila yo li chwazi a, k’ap rele kote l’ la.»
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 18, 1-8
Lè sa a:
Jezi t’ap di disip li yo yon parabòl, pou montre fò yo toujou ap priye,
san yo pa janm sispann; li di: «Te gen yon jij nan yon vil, li pa t’ krenn
Bondye, li pa t’ respekte moun.
Nan vil sa a gen yon vèv ki te konn vin kote l’ ap di: «Fè m’ jistis
anba men sa k’ap pèsekite m’ nan». Pandan lontan, li pa t’ vle.
Aprè sa, li di nan kè l’: «Menm si mwen pa krenn Bondye, mwen pa
respekte moun, sèlman, paske vèv sa a ap fatige m’, m’ap fè l’ jistis pou l’ pa
vin kase tèt mwen ankò».
Granmèt la di: «Koute sa move jij sa a di. Epi Bondye pa ta fè jistis pou
sa yo li chwazi a, k’ap rele kote l’ lajounen kon lannuit? Èske l’ap fè yo pran
pasyans toujou? Mwen di nou l’ap fè vit, l’ap rann yo jistis. Sèlman, lè Pitit
moun nan va rive, èske nou kwè l’ap jwenn lafwa sou tè a?»
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, pandan n’ap avanse nan finisman ane litijik la, Jezi ap
ankouraje nou lapriyè, chache Bondye.
Nou kapab konprann sa, lè nou imajine
kòman papa oubyen manman ap tann chak jou ke pitit yo di yo yon bagay ki montre
yo kijan yo gen afeksyon pou yo.
Bondye ki Papa tout moun, li menm tou l’ap chache
kalite mak afekyon sa a. Jezi di nou sa souvan nan Levanjil la, e nou konnen,
lè nou pale ak Bondye se deja yon lapriyè ke nou fè. Lapriyè a se vwa lafwa a,
kwayans nou gen nan Bondye. Lapriyè dwe toujou manifeste lanmou nou gen pou
Bondye.
Pou nou pa janm bouke lapriyè ak
konfyans: «Jezi t’ap di disip li yo yon parabòl, pou montre fòk
yo toujou ap priye, san yo pa janm sispann» (Lik 18, 1). Nou konnen nou kapab lapriyè antan n’ap fè konpliman
pou Bondye, antan n’ap di li mèsi, oubyen antan n’ap rekonèt pwòp feblès nou
kòm moun- peche a-, antan n’ap mande sekou Bondye; men pi souvan nou priye
Bondye pou nou mande li yon gras oubyen yon favè.
E, menm si nou pa oblije jwenn sa nou
mande a nan moman nou mande li a, lefèt ke nou pale ak Bondye, nou rakonte li
pwoblèm nou ak prewokipasyon nou, sa deja sifi pou nou di nou jwenn yon bagay e
sètènman - menmsi se pa tou suit- n’ap resevwa yon repons. «Bondye pa ta fè jistis
pou sa yo li chwazi a, k’ap rele kote l’ lajounen kon lannuit?» (Lik 18,7).
Konsènan
parabòl levanjelik sa a, Sen Jan Klimako di: «Jij sa ki pa t’ respekte Bondye
a, li oblije koube devan ensistans vèv la pou li pa t’ kontinye deranje li.
Bondye ap bay jistis ak moun ki vèv li akoz peche a, fas ak kò a, premye lènmi
li, e fas ak demon yo, advèsè envizib li…»
Pèseverans nan lapriyè, konfyans nan
Bondye. Tètilyen te di «sèlman lapriyè kapab venk Bondye»,
sa vle di se sèl lapriyè ki ka fè nou dekouvri feblès Bondye.
LAPRIYÈ: Granmèt, se
nan ou sèl nou ka jwenn sekou. Tanpri koute rèl lapriyè nou.
PWOPOZISYON: M’ap pran
kèk minit nan jounen sa pou pale ak Bondye, m’ap remèt li tout enkyetid ak
pwoblèm peyi a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario