Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
«Moun ki pèsevere nan ansèyman an, se li menm ki
gen ni Papa a ni Pitit la».
LEKTI DEZYÈM LÈT APOT JAN KI SEN 4-9
Ou menm,
Madanm nan Bondye chwazi a, mwen kontan anpil, paske mwen jwenn nan pitit ou yo
k’ap mache nan verite a daprè kòmandman nou te resevwa nan men Papa a. Koulye
a, Madanm, se pa tankou yon kòmandman nouvo m’ap ekri ou, men se sa nou te
genyen depi nan kòmansman an; mwen mande ou pou nou youn renmen lòt. Men
charite a; se pou nou mache daprè kòmandman l’ yo.
Men kòmandman
an; jan nou te tande depi nan kòmansman an, se konsa pou nou mache. Reyèlman,
anpil moun k’ap chèche twonpe sòti vin sou tè a, se sa ki pa kwè Jezikri vini
nan chè a; sa a se sa a k’ap chèche twonpe moun, se antikris la. Fè atansyon
pwòp tèt nou, pou nou pa pèdi sa nou te fè, men pou nou resevwa tout rekonpans
la.
Nenpòt ki
moun ki rekile, ki pa pèsevere nan ansèyman Jezikri a, li pa gen Bondye a; men
moun ki pèsevere nan ansèyman an, li menm li gen ni Papa a ni Pitit la.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 118, 1. 2. 10. 17. 18 (r.: 1b)
R/Ala
kontantman pou moun k’ap mache nan lalwa Granmèt la.
Ala
kontantman pou moun ki entak nan chemen an, k’ap mache nan lalwa Granmèt la.R.
Se chans pou
moun ki kenbe temwayaj li yo, k’ap chèche l’ ak tout kè yo.R.
Ak tout kè m’
mwen te chèche ou, pa fè m’ pèdi wout sot nan kòmandman ou yo.R.
Nan kè m’
mwen kache pwomès ou yo, pou m’ pa fè peche kont ou.R.
Fè sèvitè ou
dibyen pou m’ viv, pou m’ kenbe pawòl ou yo.R.
Devwale je
m’, m’a konsidere mèvèy nan lalwa ou la.R.
LEVANJIL
«Jou Pitit moun nan ap devwale sa l’ ye a»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 17, 26-37
Lè sa a: Jezi di
disip li yo:
«Jan sa te rive
nan jou Noe yo, se konsa tou sa ap fèt nan jou Pitit moun nan; yo t’ap manje,
yo t’ap bwè, yo t’ap marye, ni gason ni fi, jous jou Noe antre nan Ach la;
delij la rive, li detwi yo tout.
Se menm jan tou,
jan sa te rive nan tan Lòt la: yo t’ap manje, yo t’ap bwè, yo t’ap achte, yo
t’ap vann, yo t’ap plante, yo t’ap bati; jou Lòt kite Sodòm nan, yon lapli dife
ak souf sot nan syèl la, li detwi yo tout. Se konsa sa ap fèt jou Pitit moun
nan ap devwale sa l’ ye a.
Jou sa a, moun
k’ap sou tèt kay, si l’ gen afè l’ nan kay la, li pa bezwen tounen dèyè. Sonje
madanm Lòt la. Moun k’ap chèche sove lavi l’, l’ap pèdi l’; se moun k’ap pèdi
l’, k’ap jwenn li nèt ale.
Mwen di nou: nan
nuit sa a, ap gen de moun nan yon sèl kabann: y’ap pran youn, y’ap kite lòt la;
ap gen de moun k’ap moulen ansanm: y’ap pran youn, y’ap kite lòt la; ap gen de
moun nan jaden: y’ap pran youn, y’ap kite lòt la».
Yo pran lapawòl,
yo di l’: «Ki kote, Granmèt?»
Li di yo: «Kote
kò a ap ye a, se la èg yo ap rasanble».
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a
Jezi bay yon avètisman pou moun ki pa rete ak je yo klè ap veye. Pèsonn pa
konnen ki jou ni kilè Jezi ap retounen, sof Papa li.
Nan premye lekti nou li pou jodi a, Jan ap ede n’ dekouvri sans renmen
an. Renmen an, se tankou leman ki soude tout bagay ansanm. Nan Lèt sa a ke Jan
ekri a, li ankouraje nou pou youn renmen lòt; kidonk, youn dwe sipòte lòt, youn
dwe soutni lòt, youn dwe konprann lòt, youn dwe ede lòt. Se sèl fason nou ka
montre nou renmen tout bon, epi se nan an menm tan yon fason pou nou temwaye ke
Bondye renmen nou. Men pou nou pote kalite temwayaj sa a, nou dwe kole kò nou
sou Jezi; nou dwe pèsevere nan lansèyman Jezi ba nou. Paske se gwo kontantman,
se chans pou moun k’ap mache selon Lalwa Granmèt la (Sòm118).
Nan tan n’ap viv la, nou konstate gen yon tandans kote nou bay bagay
k’ap pase yo plis valè pase bagay ki la pou toutan, nou plis enterese ak bagay
materyèl ke bagay espirityèl.
Anpil moun pa bay Bondye ni pawòl li regle anyen pou yo, paske depi yo
gen yon bèl kay, yon bèl machin, tout bagay mache byen, yo bliye Bondye. Men
jodi a, li vrèman enpòtan pou nou reveye nou nan somèy plezi, lajan, banbòch,
pou nou kapab prepare jou Pitit moun nan ap vini an.
Zanmi m’ yo, antan n’ap chache pran relasyon nou oserye ak Granmèt la,
antan n’ap travay nan koudakoud pou yon fanmi, yon sosyete, yon peyi ki pi bèl,
nou kapab montre nou se moun ki pa nan dòmi, nou se moun k’ap veye.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, tanpri, fè Lespri
Sajès ou montre n’ kijan pou nou sèvi ak tout mwayen ou ba nou pou konstwi
Wayòm ou an. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: M’ap rete
atantif pandan m’ap chèche fè volonte Bondye nan tout sa m’ap fè.
No hay comentarios:
Publicar un comentario