Koulè
Vèt.
PREMYE
LEKTI
“Resevwa
liv la, devore 1i”.
NAN LIV APOKALIPS APOT JAN KI SEN 10, 8-11
Mwen menm, Jan, mwen tande yon vwa nan syèl
la ankò k’ap pale avèk mwen, k’ap di: “Ale, pran liv la ki louvri a nan men
mesaje a ki kanpe sou lanmè a ak sou tè a”.
L’ale kot mesaje a, li di 1’ pou 1’ ban m’
liv la, li di m’ : “Pran liv la, devore 1’,1’ap fè vant ou vin anmè, men nan
bouch ou 1’ap dous tankou siwo myèl”. Mwen pran liv la nan men mesaje a, mwen
devore 1’; li te dous tankou siwo myèl nan bouch mwen; men, lè m’ fin devore
1’, li te anmè nan vant mwen. Li di m’: “Ou gen pou ou fè deklarasyon pwofèt
ankò bay anpil nasyon ak pèp ak lang ak wa”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM:
118, 14. 24. 72. 103. 111. 131
R/ Ala dous pwomès ou yo dous
nan bouch mwen.
Nan wout temwayaj ou yo mwen jwenn plezi
m’ tankou nan tout kalite richès. R.
Sèke temwayaj ou yo se plezi m’, desizyon ou
yo se konsèy mwen. R.
Lalwa ou la pi bon pou mwen pase mil pyès lò
ak lajan.R.
Ala dous pawòl ou yo dous nan palèt mwen, plis
pase siwo myèl nan bouch mwen. R.
Eritaj mwen se temwayaj ou yo pou tout tan,
paske se kontantman kè m’ yo ye. R.
Mwen louvri bouch mwen, mwen respire
lespri a, paske mwen te anvi kòmandman ou yo. R.
LEVANJIL
“Nou
fè kay Bondye a vin tounen yon kachèt asasen”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK:
19, 45- 48
Lè sa a: Jezi antre nan kay sakre a, li kòmanse chase moun k’ap vann
ladan 1’ yo, epi k’ap achte yo, li di yo: “Men sa k’ ekri: ‘sèke kay mwen an se
kay lapriyè li ye’; nou menm menm nou fè 1’ vin tounen yon ‘kachèt bandi’ ”.
Li t’ap bay lansèyman chak jou nan kay
sakre a. Chèf prèt yo menm ak pwofesè yo ak chèf pèp yo t’ap chèche touye 1’,
men yo pa t’ jwenn kijan pou yo te fè 1’, sèke tout pèp la te pandye ap koute
1’.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Levanjil jodi a
montre nou Jezi ki rive nan kay sakre a. Li te vle moun yo konnen ke espas sa
se kay Granmèt la li ye, li dwe respekte paske se yon espas ki sen anpil. Li pa t’ vle pou espas
sen an te tounen yon mache, yon kay biznis. Kay sakre a fèt pou lapriyè ak
adorasyon, nou dwe repekte l’, sa vle di, nou pa dwe fè nenpòt bagay ladan l’.
Jezi te fè yo konnen ke
Bondye pa pran plezi nan sakrifis mouton gwo chèf prèt yo ap fè. Men li ta pi
bon pito pou yo rekonèt peche yo epi kwè nan pawòl la ki di Bondye gen pou l’
voye sèl Pitit li a pou l’ kapab sove limanite.
Jezi, a douzan, te gentan
konsidere espas sakre a pou kay li, lè li t’ap preche nan tanp lan epi manman
l’ak papa l’ t’ap chèche l’, lè yo te jwenn li nan tanp lan li te di yo:
« Èske nou pa t’ konnen ke se nan
kay sakre a pou m’ye ? » (Lik 2, 49). Kounya Jezi pase nan moman
pou l’akonpli gwo ministè sa. Misyon l’ se pirifye, netwaye kay sakre a, sa vle
di ede gran chèf prèt yo konnen yo dwe respekte espas ki rezève pou moun yo
dyaloge ak Papa a.
Jezi reprezante yon menas
pou yo, paske li te vle klere yo ak yon limyè ki t’ap pèmèt yo konprann byen sa
ki di nan Levanjil la. Jezi te di yo li se nouvo espas vivan kote Bondye
manifeste li, espas sa pa fèt ak men lèzòm men se Lespri a menm ki anime l’.
Pitit Bondye a ki vin reyalize gwo pwojè delivrans Bondye gen pou limanite.
Nou menm, frè ak sè m’
yo, ann aprann viv tankou kay sakre Granmèt la, ann aprann kreye espas pou l’
kapab demere nan nou pou tout tan gentan.
Nou menm kretyen, kò nou
se kay Granmèt la, sa vle di, nou dwe apresye l’, pa fè move tranzaksyon avè
l’, kenbe l’ pwòp menmjan Jezi te vle netwaye kay sakre a. A chak fwa nou aji
mal ak kò nou, nou fè Jezi fache menm jan li te fache ak moun ki t’ap fè vye
aksyon nan kay Granmèt la.
LAPRIYÈ: O Jezi, pafwa kò a fèb anpil, men gras a lespri
ou a, ede nou kenbe fèm nan lafwa pou n’ pa dekouraje.
PWOPOZISYON: Jodi a, pran yon ti tan
silans, panse lavi w’, wè kijan ou kapab viv chak jou pi pwòp devan Bondye.
No hay comentarios:
Publicar un comentario