Koulè
Vèt.
PREMYE LEKTI
«De pwofèt sa yo fè moun yo ki abite sou tè a pase
mizè».
LEKTI LIV APOKALIPS APOT JAN KI SEN 11, 4-12
Vwa a di m’,
mwen menm, Jan: «Men de temwen m’ yo; se de pye oliv ak de chandelye ki kanpe
devan Granmèt tè a. Si yon moun vle nui yo, dife ap sòti nan bouch yo, l’ap
devore ènmi yo; epi si yon moun vle fè yo ditò, se konsa li gen pou l’ mouri.
Yo gen pouvwa pou fèmen syèl la, pou lapli pa tonbe pandan tan y’ap fè
deklarasyon pwofèt la; yo gen pouvwa sou dlo yo pou fè yo vin tounen san, pou
yo frape tè a ak move maladi, chak fwa yo vle.
Lè y’ap fin
fè deklarasyon pwofèt yo, bèt la k’ap monte sot nan bafon anba a, l’ap fè lagè
kont yo, l’ap ranpòte viktwa sou yo, l’ap touye yo. Kò yo ap ret sou plas gran
vil la, sa a yo rele an parabòl Sodòm ak Ejip la, kote yo te kloure Granmèt yo
a sou kwa a. Ras, pèp, lang ak nasyon ap wè kò yo pandan twa jou edmi yo p’ap
kite yo depoze kò yo nan kavo. Moun yo ki abite
sou tè a ap kontan sou yo, y’ap fete, youn ap voye kado bay lòt; paske de
pwofèt sa yo te fè moun ki abite sou tè a pase mati.
Aprè twa jou
edmi, espri lavi a sot nan Bondye, li antre nan yo. Yo kanpe sou pye yo; gran
sezisman tonbe sou moun ki wè yo.
Yo tande gran
vwa a sot nan syèl la, k’ap di yo: «Monte isit la». Yo monte nan syèl la nan
nyaj la; ènmi yo wè yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
143, 1. 2. 9-10 (r.: la)
R/ Konpliman pou Granmèt la, defans mwen an.
Konpliman pou
Granmèt la, defans mwen an, li menm ki antrene men m’ pou batay, ak dwèt mwen
pou yo fè lagè.R.
Mizerikòd mwen
ak fòs mwen, kachèt mwen ak sovè mwen;
Pwoteksyon m’,
nan li mwen espere, li menm ki pliye pèp mwen an anba m’.R.
Bondye, se yon
kantik nouvo m’ap chante pou ou, nan enstriman dis kòd la m’ap jwe pou ou,
ou menm ki bay
wa yo delivrans, ki delivre David sèvitè ou anba epe mechan an.R.
LEVANJIL
«Bondye pa Bondye moun mouri, men Bondye moun ki
vivan».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 20, 27-40
Lè sa a:
Kèk nan
sadiseyen yo pwoche, yo menm ki refize kwè rezireksyon, yo poze Jezi kesyon, yo
di: «Mèt, Moyiz te ekri pou nou: «Si frè yon moun vin mouri, antan li te gen
yon madanm li pa t’ gen pitit, se pou frè l’ la marye ak madanm li, pou l’ leve
yon desandans pou frè li a». Konsa te gen sèt frè, premye a marye, li mouri san
pitit; sa k’ suiv la pran l’, li menm tou li mouri san pitit; twazyèm nan pran
l’, epi konsa tou pou tou le sèt: yo pa kite desandans, epi yo mouri.
Aprè yo tout,
madanm nan mouri tou. Konsa, nan rezireksyon an, pou kilès nan yo madanm nan ap
ye? paske yo tou le sèt te genyen l’ kòm madanm».
Jezi di yo:
«Pitit syèk sa a, gason ak fi, y’ap marye; men sa yo ki merite lòt syèk la ak
rezireksyon sot nan pami mò yo, yo pa marye, ni gason ni fi; sèke yo pa kapab
mouri ankò: yo tankou anj yo epi yo se pitit Bondye, paske yo se pitit
rezireksyon.
Kanta kesyon
mò yo ki gen pou resisite a, Moyiz te montre sa bò raje ki t’ap boule a, jan l’
di: «Granmèt Bondye Abraam ak Bondye Izaak ak Bondye Jakòb». Bondye pa Bondye
moun mouri yo, men Bondye moun vivan yo; sèke tout moun viv pou li».
Kèk nan skrib yo
reponn, yo di l’: «Mèt, ou pale byen». Yo pa t’ oze poze l’ okenn kesyon ankò.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Pawòl Bondye jodi a ap
fè nou konnen ke moun mouri gen pou leve; moun ki desann nan fòs yo gen pou
kontanple vizaj Bondye, men fwa sa a se ap pou toutan.
Anpil fwa nou menm tou nou konn poze tèt nou kesyon ki
manifeste enkyetid nou genyen fas ak lanmò ?
Nou jwenn yon repons nan
levanjil jodi a :
Nou wè Jezi, devan direktè lalwa yo, li te gen repons
menm sou moun mouri yo, sa vle di, nou pa bezwen ap kraze tèt nou mande Bondye
yon pakèt bagay. Jezi te fèmen bouch mesye lalwa yo devan kesyon yo pandan l’
t’ap di yo ke Bondye vivan, kidonk se Bondye moun vivan li ye.
Petèt pafwa nou vire do bay Bondye, men sa ki sèten
Bondye li menm pa janm abandone nou, paske li fidèl.
Chak fwa nou fè peche, chak fwa nou dezobeyi Bondye, nou
pa viv nan renmen, se kanpe nou kanpe sou kontanplasyon vizaj li, bonte li,
lanmou li pou nou.
Bondye Papa a ba nou chans pou nou leve pami mò yo, sa
vle di yon chans pou nou renonse ak peche a, pou nou viv pou Granmèt la.
An nou pwofite opòtinite Bondye ba nou jodi a pou nou pa
sèlman ap chèche fè pwòp tèt nou plezi, men pou nou fè Bondye plezi antan nou
mete nou nan sèvis Levanjil la ak sila yo ki pi fèb, lè nou tounen vwa sila yo
ki pa gen vwa, lè nou defann sila a yo ki san defans.
LAPRIYÈ : Bondye Granmèt, ba nou limyè lespri ou la pou klere nou sòti nan bafon
peche nou yo ki mennen nou nan lanmò a, pou nou kapab kontanple bonte ou ak
renmen ou pou nou. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : Avèk kouraj, denonse yon
abi ou konnen yo fè yon moun ki san defans.
No hay comentarios:
Publicar un comentario