Páginas

DIMANCH 25-11-2018 (GRAN FÈT: GRANMÈT NOU JEZIKRI, WA TOUT TÈ A)


Koulè Blan.
TRANNKATRIYÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ ANE-C.
GRAN FÈT: GRANMÈT NOU JEZIKRI, WA TOUT TÈ A.
PREMYE LEKTI
"Pouvwa l’, se pouvwa tout tan".
LEKTI LIV PWOFÈT DANYÈL 7, 13-14
Mwen t’ap gade nan vizyon nannuit, se tankou yon pitit moun ki t’ap vini avèk nyaj syèl yo, li rive jous kot Ansyen nan jou yo. Yo kondui l’ devan fas Ansyen nan jou yo, yo ba l’ pouvwa ak konsiderasyon ak peyi wa, epi tout pèp, ras ak lang ap sèvi l’. Pouvwa l’ se pouvwa tout tan, ki p’ap disparèt; peyi wa l’, se peyi wa ki p’ap detwi.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 92, 1ab. 1c-2. 5 (r.: 1a)
R/ Granmèt la wa, li vlope ak glwa.
Granmèt la wa, li vlope ak glwa;
Granmèt la vlope, li mare ren l’ ak fòs. R.
Reyèlman li rann fas tè a solid, pou l’ pa souke.
Fotèy ou solid depi lontan, depi tout tan ou ekziste.R.
Temwayaj ou yo merite konfyans nèt;
kay ou a klere ak sa ki sen an, Granmèt, pou longè tan yo.R.
DEZYÈM LEKTI
"Chèf tout wa yo sou tè a... li fè nou vin tounen peyi wa ak prèt pou Bondye".
LEKTI LIV APOKALIPS APOT JAN KI SEN 1, 5-8
Jezikri se temwen fidèl, se premye pitit nan pami mò yo, se chèf wa yo sou tè a; li renmen nou, li lave nou sot nan peche nou yo nan san l’, li fè nou vin tounen yon peyi wa ak prèt pou Bondye Papa l’; konpliman pou li ak kòmandman pou tout tan gen tan. Amèn.
Men l’ap vini ansanm ak nyaj yo, tout je ap wè l’, ni sa k’ te batay kont li yo; tout ras moun sou tè a ap plenn sou li. Wi. Amèn.
Mwen se Alfa ak Omega, kòmansman ak finisman, deklarasyon Granmèt Bondye, li menm ki ekziste, ki te ekziste epi k’ap vini, li menm ki gen tout pouvwa.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Ou di l’, mwen se wa".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI DAPRÈ SEN JAN 18, 33b 37
Lè sa a:
Pilat di Jezi: "Èske ou se wa Juif yo?"
Jezi reponn: "Èske se ou pou kont ou ki di sa, oubyen se dòt moun ki di ou sa sou mwen?" Pilat reponn: "Èske mwen, mwen se Juif? Ras ou ak prèt an chèf yo renmèt ou ban mwen: ki sa ou fè?" Jezi reponn: "Peyi wa m’ nan pa sot sou tè sa a. Si se sou tè sa a peyi wa m’ nan te sòti, sèvitè m’ yo ta deja batay pou moun pa renmèt mwen nan men Juif yo; koulye a menm peyi wa m’ nan pa sot isit la".
Konsa Pilat di l’: "Ebyen se wa ou ye?"
Jezi reponn: "Ou di l’, se wa mwen ye. Se pou sa mwen fèt, se pou sa menm mwen vin sou tè a, pou m’ sèvi verite a temwen: tout moun ki fè pati verite a li koute vwa m’".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a n’ap fete Kris Wa. Sa vle di, n’ap fete Jezi kòm pi gwo Wa ki ekziste. Li pi gwo pase tout wa, pase tout prezidan. Se pa paske li gen plis zam pase lame Etazini. Se pa menm paske gen anpil moun ki renmen l’, ki vote li. 
Se pa bagay sa yo ki fè Jezi Wa. Okontrè, li deklare ke l’ se Wa nan moman li te pi pòv, nan moman li te pi fèb, nan moman yo te plis meprize li, ki se moman yo te arete li, yo imilye li, epi yo te prèt pou touye li sou yon kwa, jan yo touye vakabon. 
Si nou di Jezi se pi gwo Wa, se paske, jan l’ di nan Levanjil jodi a, li vin sèvi Verite a temwen. Verite a, se Papa Bondye, ki se Renmen. E se nan moman sa a, lè l’ te gen tan bay tout sa l’ te genyen, epi li prèt pou l’ bay lavi li menm, sou lakwa a, li plis montre nou Renmen sa a, ki san limit. 
Jezi pa bezwen pouvwa lajan ak zam. Pouvwa li a ale pi lwen, paske lè l’ montre menm moun ki rayi li yo jan l’ padonen yo, jan l’ bay tèt li pou yo menm tou, yo menm yo pa gen okenn pouvwa sou li. Okontrè, renmen li ka touche kè yo tou, pou yo konvèti, tounen zanmi li. Menm Trump(Prezidan Ameriken an) pa ka fè sa. 
Lè l’ sèvi moun ki malere ak moun ki malad yo san okenn lòt enterè, l’ap sèvi Verite a temwen, l’ap montre gen yon reyalite ki pi vre, ki pi fò, pase tout pwoblèm ak konfli nou konn genyen nan mitan nou.
Se sa l’ vle di, lè l’ di peyi kote l’ Wa a se pa yon peyi sou latè. Se pa yon teritwa tankou lòt peyi.  Teritwa Jezi a, se kè chak moun, kèlkeswa nasyonalite yo.
LAPRIYÈ:Bondye Papa, tanpri fè lidè politik nou yo gouvènen daprè ekzanp Jezi.  Amèn.
PWOPOZISYON:Si m’gen pouvwa, nan fanmi mwen, nan travay mwen oubyen nan gwoupman m’ mache ladan l’, kòman m’ konn sèvi ak pouvwa sa a ? Èske m’ swiv ekzanp Kris Wa a, oubyen ekzanp ti Wa latè a yo ?

No hay comentarios:

Publicar un comentario