Koulè
Vèt.
PREMYE LEKTI
«Non Kris la ak non Papa l’ ekri nan fwon yo».
LEKTI LIV APOKALIPS APOT JAN KI SEN 14, 1-3.4b-5
Mwen menm,
Jan, mwen wè: se yon Mouton ki te kanpe sou mòn Siyon, avèk li te gen
sankarankat mil ki gen non l’ ak non Papa l’ ekri nan fwon yo. Mwen tande yon vwa ki sot nan syèl la tankou vwa gran dlo yo, ak tankou vwa
gran loraj; vwa a mwen te tande a, se tankou vwa mizisyen k’ap jwe mizik sou
gita yo.
Yo t’ap chante
tankou kantik nouvo devan twòn nan, ak devan kat vivan yo ak granmoun yo; pèsòn
pa t’ kapab di kantik la, sof karankat mil yo, sa yo te delivre sot sou tè a.
Yo menm yo suiv
Mouton an tout kote l’a prale. Yo menm yo rachte sot nan pami moun yo, kòm
premye fwi pou Bondye ak Mouton an, nan bouch yo pa gen manti; sèke yo san tach
devan twòn Bondye a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 23, 1-2. 3-4ab. 5-6 (r.: cf. 6)
R/ Sa a, se ras moun k’ap chèche fas ou yo, Granmèt.
Pou Granmèt la
tè a ye ak sa k’ plen l’, fas tè a ak sa k’ abite ladan l’.
Sèke se li menm
ki poze l’ sou lanmè yo, ki rann li solid sou gran rivyè yo.R.
Kilès k’ap monte
sou mòn Granmèt la, oubyen kilès k’ap kanpe sou plas li ki sen an?
Moun ki gen
men l’ inosan ak kè l’ nèt, ki pa nonmen non l’ pou granmesi.R.
Moun sa a ap
resevwa benediksyon nan men Granmèt la,
ak sa k’ fè
moun vin kòrèk la nan men Bondye sove li a.
Sa a se ras moun
k’ap chèche l’ yo, k’ap chèche fas Bondye Jakòb la.R.
LEVANJIL
«Li wè yon pòv vèv k’ap mete de ti pyès lajan».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 21, 1 -4
Lè sa a:
Jezi gade, li wè
moun yo k’ap mete kado yo nan kèt la, yo te rich; men li wè tou yon pòv vèv
k’ap mete de ti pyès lajan.
Li di: «Mwen di
nou sa: vrèman vèv sa a mete plis pase yo tout; sèke yo tout se nan sa yo gen
an plis yo pran pou yo mete nan kado Bondye yo, men sa a menm se nan mizè l’,
tout sa l’ te gen pou l’ viv, li pran l’ bay».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a tankou chak jou, gen kèk ti
bagay ki glise anba je nou san nou pa wè yo: ti jès pataj, ti sakrifis, ti
lapriyè, men sa ki parèt pi senp la, anpil fwa se li ki sèvi baz pou tout gwo
bagay nou kapab rive konstwi. Ebyen se konsa sa ye pou moun ki vle vin sen an.
Lefèt ke yo pase inapèsi, entansyon
onèt ti bagay sa yo garanti: lè nou reyalize yo nou pa chache yon rekonesans ni
glwa pou pwòp tèt pa nou. Sèl Bondye ki dekouvri yo nan kè nou, tankou Jezi sèl
rekonèt kalite jenewozite vèv la. Ti pòv malerèz sa a pa t’ fè gwo bwi, li pa
t’ sonnen twonpèt pou te fè moun wè jès li te poze a; petèt li te menm wont
oubyen li te menm santi li ridikil fas ak gwo zotobre yo ki t’ap bay gwo pakèt
lajan e ki t’ap vante tèt yo pou sa. Bon kè li ki ranpli li ak fòs nan endijans
li a, merite aplodisman Granmèt la ki wè nan kè moun: «Mwen di nou sa: vrèman vèv sa a mete plis pase yo
tout; sèke yo tout se nan sa yo gen an plis yo pran pou yo mete nan kado Bondye
yo, men sa a menm se nan mizè l’, tout sa l’ te gen pou l’ viv, li pran l’ bay»
(Lik 21, 3-4).
Jenewozite ti pòv vèv la se yon bon
leson pou nou tout, disip Kris la. Nou kapab bay anpil, menm jan ak moun ki
rich yo «ki mete kado yo nan kèt la»
(Lik 21,1), men sa p’ap gen okenn valè si se «rès» nou bay, san lanmou ak lespri jenewozite, san nou pa ofri pwòp
tèt pa nou nou menm.
Sen Ogisten di nou: «Yo t’a gade gwo ofrand rich yo t’a bay pandan
yo t’ap fè lwanj yo pou sa. Menm si aprè yo wè vèv la, konbyen pami yo ki te wè
de ti pyès lajan li te bay la? Li te bay tout sa li te genyen. E li te gen
anpil, paske li te gen Bondye nan kè li. Li pi bon pou yon moun gen Bondye nan
nanm li olye li gen lò nan kèt la». E se yon verite: Si n’ montre
Bondye nou gen bon kè, li menm l’ap montre nou sa pi plis toujou.
LAPRIYÈ: Granmèt, se nan men ou nou resevwa tout
sa ki bon, tanpri aprann nou pataje ak jenewozite ak sila yo ki pa gen anyen.
PWOPOZISYON: Sa mwen
genyen an, menm si li pa sifi pou mwen, m’ap pataje li ak sila ki pa gen anyen
ditou a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario