Koulè
Vèt.
PREMYE LEKTI
«Lè a rive
pou rekòlte, paske danre tè a rive fin mi».
LEKTI LIV
APOKALIPS APOT JAN KI SEN 14, 14-19
Mwen menm, Jan, mwen wè: se yon nyaj blan, epi tankou pòtre yon Pitit
moun chita sou nyaj la, li gen yon kouwòn lò sou tèt li, epi nan men l’ li gen
yon sèpèt ki byen file.
Gen yon lòt anj ki sòti nan Tanp la, li rele byen fò bay sa a ki te
chita sou nyaj la: «Voye sèpèt ou a, fè rekòlt, paske li rive lè pou rekòlte a,
paske danre tè a rive fin mi». Sa a ki te chita sou nyaj la voye sèpèt li a sou
tè a, li rekòlte tè a. Yon lòt anj sòti nan Tanp la, ki nan syèl la, li menm
tou li te gen sèpèt byen file.
Yon lòt anj sòti nan lotèl la, li te gen pouvwa sou dife; li rele byen
fò bay sa a ki te gen sèpèt byen file a, li di: «Voye sèpèt ou a ki byen file
a, koupe grap pye rezen ki sou tè a, paske rezen l’ yo rive fin mi». Anj la voye sèpèt li a ki byen
file a sou tè a, li koupe grap pye rezen yo ki sou tè a, li vide yo nan gran
letan kòlè Bondye a; yo foule letan an andeyò vil la, san an monte sot nan
letan an rive jous nan brid chwal yo, sou de-san-katreven-sèz kilomèt.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 95,
10. 11-12. 13 (r.: 13b)
R/ Granmèt la vini pou l’ jije tè a.
Di nan nasyon yo: «Granmèt la wa». L’ap drese fas tè a pou l’ pa souke;
l’ap jije pèp yo nan jistis.R.
Se pou syèl yo kontan, pou tè a danse, pou lanmè a sonnen ansanm ak tout sa
k’ plen l’;
jaden yo ap kontan ansanm ak tout sa ki nan yo.
Lè sa a, tout pye bwa nan rak yo ap danse.R.
Devan fas Granmèt la, paske l’ap vini, paske l’ap vini pou l’ jije tè a.
L’ap jije fas tè a nan jistis epi pèp yo nan verite l’.R.
LEVANJIL
«P’ap rete
wòch sou wòch».
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 21, 5-11
Lè sa a:
Kèk nan disip yo t’ap pale sou Tanp la, kijan li gen bèl wòch, kijan li
dekore avèk kado. Jezi di: «Bagay sa yo nou wè a, gen jou k’ap rive, p’ap rete
wòch sou wòch nan yo ki p’ap detwi».
Yo t’ap poze l’ kesyon, yo t’ap di: «Mèt, kilè bagay sa yo ap rive, epi
ki siy k’ap fè konnen lè y’ap kòmanse?»
Li di: «Atansyon pa kite yo twonpe nou; sèke anpil moun ap vini o non
m’, y’ap di: «Se mwen menm, epi tan an ap rive»; pa suiv yo. Lè n’ap tande y’ap
pale sou lagè ak revòlt, pa pè: bagay sa yo gen pou yo rive anvan, men se p’ap
tout-suit finisman an».
Lè sa a li t’ap di yo: «Nasyon ap leve kont nasyon, peyi wa kont peyi
wa. Ap gen gran tranblemantè kèk kote, epidemi, grangou, ap gin bagay ki sot
nan syèl la k’ap fè moun tranble, epi gran mèvèy».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a nou koute avètisman Granmèt
la fè nou sou yon ton sevè: «Bagay sa yo nou wè a, gen jou k’ap rive,
p’ap rete wòch sou wòch nan yo ki p’ap detw» (Lik
21, 6).
Pawòl sa yo Jezi pwononse a, yo sanble pa ale nan menm sans ak sa nou ta rele
«kilti pwogrè enfini limanite» oubyen kèk ti sèvo teknosyantifik ak
politik-militè pami lèzòm...
Gen anpil moun
ki ta vle fè nou tonbe nan danje kote nou kapab bliye pwòp kondisyon nou ak
limit nou, pou fè nou konprann nou nan menm nivo ak Bondye. Se moun k’ap twonpe
tèt yo.
Nou menm ki se disip Pitit Bondye ki tounen moun nan, Jezi,
nou koute pawòl li yo e, antan nou fè yo tounen pawòl pa nou, nou medite yo. Men sa li di nou: «Atansyon pa kite yo twonpe nou»
(Lik 21,8).
Se sila ki te vin sèvi temwen verite a ki di nou sa, kote li deklare ke sila yo
ki nan verite a yo koute vwa li.
Epi li ba nou asirans sa a: «se p’ap tout-suit finisman an» (Lik 21, 9). Sa vle di, yon
bò nou genyen yon tan pou nou sove kò nou, epi nou dwe pwofite sa; e yon lòt
bò, finisman an gen pou rive kan menm. Wi, Jezi gen pou vin «jije tout moun
k’ap viv ak moun ki mouri», tankou nou deklare sa nan Kredo a.
Frè ak sè m’
yo, antan n’ap kontanple Levanjil jodi a: nan kèk vèsè ki pi lwen Jezi
ankouraje nou e li konsole nou ak pawòl sa yo: « Moun ki pèsevere jiskalafen l’ap sove» (Lik 21, 19).
Konsa li
enpòtan pou nou youn ankouraje lòt, pou youn genbe men lòt antan n’ap pèsevere
sou chemen lafwa a, ki se chemen esperans nou. Se pou Bondye beni nou byen
beni.
LAPRIYÈ: Granmèt
tanpri, ranpli nou ak Lespri w’ la pou nou ka jwenn fòs ak enèji k’ap pèmèt nou
mache pou rive pi pre ou. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Menm si gen anpil difikilte, mwen p’ap dekouraje,
paske Jezi avèk mwen. M’ap ankouraje lòt yo pou yo ka pa
febli.
No hay comentarios:
Publicar un comentario