Koulè
Vèt.
PREMYE LEKTI
«Yo t’ap chante kantik Moyiz la ak kantik Mouton
an».
LEKTI LIV APOKALIPS APOT JAN KI SEN 15, 1-4
Mwen menm,
Jan, mwen wè yon lòt siy nan syèl la, li gran, li ekstrawòdinè: se sèt Anj ki
gen sèt dènye chatiman yo, paske se nan yo kòlè Bondye a ap fin reyalize.
Mwen wè
tankou yon lanmè kristal; li melanje ak dife. Epi sa yo ki te ranpòte viktwa
sou bèt la ak sou pòtre l’ la ak sou chif non l’ nan, yo te kanpe sou lanmè
kristal la, yo te gen gita Bondye yo, yo t’ap chante kantik Moyiz, sèvitè
Bondye a, ak kantik Mouton an; yo t’ap di:
«Yo gran, yo
ekstrawòdinè, travay ou yo, Granmèt Bondye ki gen tout pouvwa: yo kòrèk, yo
vre, wout ou yo, Wa syèk tan yo. Kilès ki p’ap krenn ou, Granmèt, ki p’ap fè
lwanj non ou? Paske ou menm sèl ou sen, se pousa tout nasyon yo ap vini, epi
y’ap adore devan fas ou, poutèt jijman ou yo klè».
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 97, 1. 2-3ab. 7-8. 9 (r.: Ap. 15, 3b)
R/ Yo gran, yo esktrawòdinè, travay ou yo, Granmèt,
Bondye ki gen tout pouvwa.
Chante yon
kantik nouvo pou Granmèt la, paske li fè mèvèy.
Men dwat li
reyalize viktwa ba li, nan bra li ki sen an.R.
Granmèt la fè
konnen sove l’ la, nan fas nasyon yo li devwale jistis li a.
Li fè sonje
mizerikòd li a ak verite l’ la pou kay Izrayèl la.R.
Se pou lanmè a
sonnen ak sa k’ plen l’ nan, fas tè a ak sa ki abite nan li yo.
Se pou rivyè yo
bat bravo, se pou tout mòn yo danse.R.
Devan fas
Granmèt la, paske l’ap vin jije tè a.
L’ap jije fas tè
yo nan jistis ak pèp yo nan sa ki dwat.R.
LEVANJIL
«Tout moun ap rayi nou poutèt non mwen, men yon
cheve nan tèt nou p’ap pèdi».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 21, 12-19
Lè sa a: Jezi di
disip li yo:
«Y’ap met men
sou nou, y’ap pèsekite nou, y’ap renmèt nou nan sinagòg yo ak nan prizon yo,
y’ap trennen nou devan wa yo ak prefè yo poutèt non mwen; sa ap ba nou okazyon
pou nou temwaye. Mete sa byen nan kè nou, pa prepare sa n’ap reponn. Se mwen
menm k’ap ba nou yon bouch ak sajès ki fè tout ènmi nou yo p’ap kapab reziste
nou, ni demanti nou.
Epi sa k’ap
trayi nou, se paran nou, frè nou, fanmi nou, zanmi nou; y’ap touye kèk nan nou;
tout moun ap rayi nou poutèt non mwen, men yon cheve nan tèt nou p’ap peri: nan
pasyans nou n’ap jwenn lavi nou».
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, nou panche zòrèy nou pou nou
koute yon ti pawòl ki brèf e ki klè ke Granmèt la di nou sou enpòtans
pèseverans: Poukisa li enpòtan konsa menm? Poukisa Jezi makonnen delivrans nou
ak kalite sa a menm?
Paske disip la pa plase pi wo pase
mèt la - «Tout
moun ap rayi nou poutèt non mwen» (Lik 21, 17) - e si Granmèt la se te yon siy kontradiksyon, alò nou
menm tou se sa n’ap ye. Wayòm Bondye a ap rive pami nou, gras ak moun k’ap lite
ak kouraj kont lènmi an, moun ki pa pè angaje yo nan batay, batay pou lapè ak
lanmou ka triyonfe, se batay lavi yon kretyen.
Pa gen flè san pikan, e chemen ki mennen nan syèl la se pa yon chemen ki
san difikilte. Se poutèt sa si nou pa gen kouraj pou nou kanpe nan konba,
finalman nou ka pèdi batay. Pèseverans la ap ede nou jwenn fòs.Vrèman vre, li
pouse nou jwenn fòs ki nesesè pou nou ka sipòte kontradiksyon lavi a ak kè
kontan.
Pèseverans la nan
pi wo degre a, li ofri nou tèt li sou lakwa a. Se pou sa pèseverans la ba nou
libète pou nou ofri pwòp tèt nou gras ak lanmou. Pwomès Kris la p’ap fayi: «Nan pasyans nou n’ap jwenn lavi
nou» (Lik 21,19), e se konsa sa ye
puiske sa ki sove nou se lakwa a.
Se fòs renmen an ki ba nou pasyans e ki fè nou aksepte ak kè kontan volonte
Granmèt la, lè volonte li opoze ak ti volonte pa nou, tankou sa te pase sou
lakwa, nan premye moman.
Men se sèlman «nan premye moman», paske aprè sa enèji pèseverans la k’ap
debòde nan nou an, l’ap mete nou an aksyon epi l’ap aprann nou sajès lakwa a.
Se konsa, pèseverans la pote pasyans, epi pasyans la li menm li fè nou ale pi
lwen ke yon senp reziyasyon.
Men tou, li pa gen pou wè ak yon atitid stoyik (sa vle di, yon moun ki vle
montre li brav pou sipòte tout bagay). Pasyans la kontribye anpil pou fè nou
konprann sans lakwa a, pi lwen ke doulè a, se lanmou.
Se pou Manman nou ki nan syèl la, li menm ki te konprann verite sa pi byen
pase tout moun, se pou li ede nou konprann li tou.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri vide Lespri Sen w’ nan
nan nou, li menm k’ap ba nou fòs pou travèse move chemen an, pou fè nou
dekouvri dousè nan soufrans nou yo, lè nou sipòte yo ak pèseverans. Pa pouvwa
Jezikri.
PWOPOZISYON: Viv ak
lespwa, menm si lavi a difisil.
No hay comentarios:
Publicar un comentario