Páginas

JEDI 29-11-2018


Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
«Li tonbe, gran Babilòn nan».
LEKTI LIV APOKALIPS APOT JAN KI SEN 18, 1-2. 21-23; 19, 1-3. 9a
Mwen menm, Jan, mwen wè yon anj k’ap desann sot nan syèl la, li gen gran pouvwa; tè a klere ak glwa l’ la.
Li rele byen fò, li di: «Li tonbe, li tonbe, gran Babilòn nan, li vin tounen kay demon yo, ak prizon tout espri papwòp yo, ak kalòj tout zwazo papwòp ki lèd yo».
Yon anj ki gen fòs, soulve yon wòch tankou yon gran mèl, li lage l’ nan lanmè a, li di: «Yon sèl kou konsa y’ap jete Babilòn, gran vil sa a, yo p’ap jwenn li ankò. Bwi gitaris yo ak mizisyen yo, avèk sa k’ap jwe flit yo ak twonpèt yo, yo p’ap tande yo ankò nan ou; tout travayè ki gen tout kalite metye, yo p’ap jwenn sa nan ou ankò; vwa moulen an yo p’ap tande sa nan ou ankò; limyè lanp p’ap limen nan ou ankò; vwa mesye k’ap marye a ak madanm k’ap marye a, yo p’ap tande sa nan ou ankò; paske machann ou yo se yo menm ki te chèf tè a, paske maji ou yo te fè tout nasyon yo pèdi chemen».
Aprè sa, mwen tande tankou vwa anpil foul nan syèl la ki t’ap di: «Alelouya. Sove, glwa, pouvwa, se pou Bondye nou an yo ye: paske yo vre, yo kòrèk, jijman l’ yo, li menm ki jije gran fi movèz vi a, ki t’ap gate tè a nan move dezòd li a; li tire vanjans pou san sèvitè l’ yo sot nan men l’». Yo di ankò: «Alelouya». Epi lafimen l’ nan monte pou tout tan gen tan.
Li di m’: «Ekri: «Ala kontantman pou sa yo yo envite nan nòs Mouton an».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 99, 2. 3. 4. 5 (r.: Ap 19, 9a)
R/ Ala kontantman pou moun yo envite nan soupe nòs Mouton an.
Fè lwanj pou Granmèt la, tout tè a, sèvi Granmèt la nan kè kontan;
antre devan fas li avèk gran fèt.R.
Konnen Granmèt la se li menm ki Bondye;
se li menm ki fè nou, se pou li nou ye, nou se pèp li ak mouton patiraj li.R.
Antre nan pòtay li yo avèk lwanj, nan lakou l’ yo avèk kantik, fè lwanj li, fè konpliman pou non l’.R.
Sèke Granmèt la bon; pou tout tan mizerikòd li, pou jenerasyon ak jenerasyon verite l’ la.R.
LEVANJIL
«Nasyon yo ap foule Jerizalèm anba pye, jous lè tan nasyon yo fin rive nan bout yo».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 21, 20-28
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Lè n’ap wè lame a ansèkle Jerizalèm, lè sa a konnen tan pou l’ detwi a tou pre. Lè sa a moun ki nan Jide a, se pou yo sove kò yo nan mòn yo, moun ki nan mitan l’, se pou yo pati, moun ki andeyò, se pa pou yo antre ladan l’. Paske se jou chatiman l’, pou tout sa ki ekri yo reyalize.
Ala malè pou moun ki ansent yo ak sa ki nouris yo nan jou sa yo! Sèke ap gen gran tray sou tè a ak kòlè kont pèp sa a. Y’ap tonbe nan bouch epe, y’ap kondui yo prizonye nan tout nasyon yo, nasyon yo ap foule Jerizalèm anba pye, jous lè tan nasyon yo fin rive nan bout yo.
Ap gen siy nan solèy la, lalin nan ak zetwal yo, sou tè a ap gen tray nan nasyon yo akòz dezòd bwi lanmè a ak lanm yo, moun yo ap seche tèlman y’ap pè, y’ap tann sa k’ap rive sou tout fas tè a; sèke pouvwa syèl yo ap boulvèse.
Lè sa a y’ap wè Pitit moun nan k’ap vini nan nyaj la avèk gran pouvwa ak gran glwa. Men lè bagay sa yo kòmanse rive, gade, leve tèt nou, paske redanmsyon nou tou pre».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Anpil fwa nou konn panse ke Bondye se yon Bondye vanjans, yon Bondye ki ka aji nenpòt kòman. Jezi avèti nou sa ki ka pase nan absans li, sa ki ka parèt kòm siy anvan retou li sou latè.
Sa li te anonse pou vil Jerizalèm nan, nou ka konsidere li nan reyalite pa nou jodi a, kote peche fè nou bliye lanmou Bondye; men malgre feblès nou, li toujou manifeste mizerikòd li gen pou nou kòm yon kokenn chenn lagras ki fè nou toujou rete soude avèk li.
Se sa k’ fè Apot Pòl di nou pa gen anyen sou latè ki ka separe nou ak renmen Bondye a. «Kisa ki ka separe nou ak lanmou Bondye a ? Lajan, pouvwa, pèsekisyon, kònesans, mizè,… ».
Granmèt la ba nou konsèy pou nou pa tonbe nan konfizyon, pou sa ki konsène vini li gen pou li vini an : «jou» li a p’ap manifeste nan gwo katastwòf yo, vini Jezi se ap nan laglwa, nan bèlte.
Jezi vini nan kè nou, nan peyi nou, nan lavi nou chak fwa nou fè netwayaj nan kè nou, lè nou deside divòse ak santiman ki fè nou anvi detwi, kraze-brize, santiman ki fè nou divize, lògèy, santiman ki fè nou derekonèt Bondye.
Jezi pa janm nan dòmi, li toujou la avèk nou nan tout sitiyasyon, li pa janm di nou « si m’ te la, sa pa ta rive».
Jezi toujou soufri ak nou nan soufrans ak lapenn nou, li kontan ak nou lè kè nou kontan, e nou pa janm gen kè kontan tout bon si se pa li ki ba nou li.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, nou konnen ou toujou la, tanpri fè nou santi prezans ou.
PWOPOZISYON: Nan difikilte lavi a, kenbe lafwa ou fèm.

No hay comentarios:

Publicar un comentario