Koulè Wouj
Fèt: ANDRE KI SEN, APOT.
PREMYE LEKTI
“Lafwa a vin nan sa yo tande a, sa yo tande a menm, se pa lentèmedyè pawòl
Jezikri a”
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN
YO 10, 9-18
Si ou rekonèt ak bouch ou Jezi se
Granmèt, epi si ou kwè nan kè ou Bondye fè l’ leve sot nan pami mò yo, w’ap
sove. Moun ki kwè ak kè l’, se pou jistis la; moun ki rekonèt ak bouch li, se
pou delivrans la. Sa k’ ekri a di: “Tout moun ki kwè nan li, yo p’ap wont”.Nan
pwen distenksyon Juif ak Grèk, paske se yon sèl Granmèt tout moun, ki fè anpil
gras pou tout moun ki rele l’ yo. “Sèke nenpòt ki moun ki rele non Granmèt la,
l’ap sove”.
Men, kijan pou yo priye sa a yo pa kwè
nan li a? Oubyen kijan pou yo kwè nan sa a yo pa tande sou li a? Kijan pou yo
fè tande, si pa gen moun ki preche? Kijan pou yo preche, si yo pa voye yo?
daprè sa k’ ekri a di a: “Ala bèl yo bèl, pye mesaje bòn nouvèl lapè a, mesaje
bòn nouvèl byen ki rive yo!”
Men se pa yo tout ki obeyi Bòn Nouvèl
la; sèke Izayi di: “Granmèt, kilès ki te kwè mesaj nou an?” Konsa lafwa a rive
nan sa yo tande a, epi sa yo tande a, se pa lentèmedyè pawòl Jezikri a. Men
mwen di: “Èske yo pa t’ tande”? Men wi, “sou tout tè a mesaj yo
gaye, pawòl yo jous nan bout fas tè a”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 18, 2-3. 4-5
R/ Sou tout tè a
yo tande vwa yo.
Syèl yo ap rakonte glwa Bondye, travay
men l’, platfòm syèl la ap anonse l’.
Jou ap deklare pawòl bay jou,
nannwit ap montre syans bay nwit.R.
Pa gen langaj ni pawòl, pou yo pa
konprann vwa yo.
Sou tout tè a bwi vwa yo soti, jous nan
limit tè a pawòl yo rive.R.
LEVANJIL
“Yo menm, menm lè a, yo kite filè yo, yo swiv li”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE
KI SEN 4, 18-22
Lè sa a:
Jezi t’ap mache bò lanmè Galile a, li
wè de frè, Simon, sa yo rele Pyè a, epi Andre, frè l’ la, yo t’ap voye filè nan
lanmè a; se pechè pwason yo te ye.
Li di yo: “Vini apre m’, m’ap fè nou al
lapèch moun”.
Yo menm, menm lè a, yo kite filè yo, yo
suiv li. Li kontinye pi lwen, li wè de lòt frè, Jak, pitit Zebede a, avèk Jan,
frè l’ la, yo te nan kannòt la avèk Zebede, papa yo, yo t’ap rapyese filè yo;
li rele yo.
Yo menm, menm lè a, yo kite filè yo ak
papa a; yo swiv li.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Lè nou fete youn nan apot Jezi yo, se fondasyon Legliz la nou fete.
Legliz la bati sou apot yo, se Legliz Jezikri a menm.
Andre ki sen n’ap sonje jodi a, pechè pwason ki tounen pechè moun aprè
apèl Jezi te fè li, se youn nan premye disip Jezi, youn ki vle konnen Mesi a,
li we l’, li kite tout sa l’ te genyen pou li te kapab swiv li. Konsa nou menm
tou, nou kapab konprann kijan sa enpòtan pou nou detache nou ak anpil bagay, si
nou vle swiv Jezi tout bon vre, si nou vle tounen patizan li.
Jezi, frè ak sè m’ yo, se rezon pou nou viv, se li ki ba nou tout sa nou
bezwen, se li ki ba nou tout sa n’ genyen. Poukisa pou n’ pa ta mache ak Jezi,
poukisa pou n’ pa ta di l’ wi?
Jezikri vle nou mache ak li jodi a menm; pa tann li pi ta; li di nou:
“vini, swiv mwen”. Swiv li paske li se chemen, laverite ak lavi.
Andre kite tout sa l’ te genyen, fanmi li, filè li, travay li, pou l’
swiv Jezi. Paske nan Jezi li jwenn lavi a. Sa sa koute l’ si li genyen tout
bagay epi li pa gen Jezi. Mèt la rele l’ pou l’al simaye pawòl la bay tout
moun. Pou l’ di nou pa gen distenksyon ant rich ak pòv, ant blan ak nèg, ant
dominiken ak ayisyen: nou tout se pitit menm Papa a.
Jezi mande pou menm jan ak Andre ak zanmi l’ yo pou nou mache bay pawòl,
konsa n’ap tounen disip misyonè pou li. Sen Pòl, nan premye lekti a, di nou
jodi a: "Ala bèl yo bèl, pye mesaje bòn nouvèl lapè a,
mesaje bòn nouvèl byen ki rive yo!" Bondye ap avèk nou, nou pa bezwen pè.
Se pou nou mete tout enèji nou nan travay li a. Avèk Bondye viktwa nou asire.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri fè nou angaje nou menm jan ak Andre pou kòz
Levanjil liberasyon an. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: Menm jan ak
Andre, ann fè yon ti kite aktivite pèsonèl nou pou nou sèvi frè ak sè nou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario