Koulè Blan.
KONSEKRASYON
GRAN LEGLIZ LATRAN-AN.
Fèt.
PREMYE LEKTI
NAN LIV PWOFÈT EZEKYÈL EZ 47, 1-2.8-9.12
Aprè sa, nonm lan mennen m' tounen devan pòtay pou antre
nan Tanp lan. Mwen wè yon dlo k'ap soti anba papòt kay la, li t'ap koule nan
direksyon solèy leve. Se nan direksyon sa a pòtay Tanp lan te bay tou. Dlo a
t'ap koule desann soti anba fondasyon ki sou bò sid Tanp lan, li pase adwat sou
bò sid lotèl la. Nonm lan fè m' soti kite lakou Tanp lan. Mwen pase nan pòtay
nò a, nou fè yon detou jouk nou rive bò pòtay ki bay sou solèy leve a. Yon ti
dlo t'ap koule soti nan kwen sid pòtay la. Li di m' konsa: Dlo sa a ap koule
desann, l'ap travèse pòsyon tè ki bay sou solèy leve a, jouk li rive nan Fon
Jouden an pou l' tonbe nan Lanmè Mouri a. Lè l'a tonbe nan Lanmè mouri a, l'ap
fè dlo sale a tounen dlo dous. Tout kote
dlo a ap koule pral gen tout kalite bèt ak pwason.
Dlo larivyè a pral fè dlo Lanmè Mouri a tounen dlo
dous. Kote dlo a pase, l'ap bay lavi. Sou de bò larivyè a, tout kalite pyebwa
pral pouse pou bay fwi pou moun manje. Fèy yo p'ap janm fennen, yo p'ap janm
sispann donnen. Y'ap bay yon donn chak mwa, paske dlo k'ap koule soti nan Tanp
lan pral wouze yo. Pyebwa yo pral bay fwi pou moun
manje. Fèy yo ap sèvi renmèd.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 45, 2-3. 4-5. 89-9 (r.: 5)
R/ Kouran rivyè
yo met kè kontan nan vil Bondye-a, nan tant Sa-a ki anwo nèt la, nan joupa ki sen
yo.
Bondye se kachèt nou ak fòs nou,
li pote nou anpil sekou nan tray nou yo.
Se pousa nou pap pè, menm si tè-a chanje,
menm si mòn yo travèse nan fon lanmè-a.R.
Kouran rivyè yo met kè kontan nan vil Bondye-a,
nan tant Sa-a ki anwo nèt la, nan tant ki sen
yo.
Bondye nan mitan l’, li p’ap souke;
Bondye ap pote l’ sekou granmaten devan jou.R.
Granmèt lame yo avèk nou,
kachèt pou nou, Bondye Jakòb la.
Vini, n’a wè travay Granmèt la,
li mete mèvèy sou tè a.R.
DEZYÈM LEKTI
"Nou se Tanp Bondye a".
LEKTI PREMYE LÈT
APOT PÒL KI SEN POU KORENTYEN YO 3, 9b-11.16-17
Frè m’ yo:
Nou se kay Bondye. Daprè gras Bondye-a, sa l’ fè m’
nan, mwen poze fondasyon tankou yon enjenyè ki gen sajès; yon lòt bati sou li. Men se pou chak moun gade byen kijan l’ap bati sou li. Sèke pèsòn pa
kapab poze dòt fondasyon pase sa k’ deja poze-a, sa vle di Jezikri.
Èske nou pa
konnen se Tanp Bondye-a nou ye, epi Espri Bondye-a abite nan nou? Si yon moun derespekte
Tanp Bondye a, Bondye ap fini ak li. Sèke Tanp Bondye a sen, epi kay Tanp sa a
se nou menm.
Pawòl Granmèt
la.
LEVANJIL
"Li t’ap pale osijè tanp kò l’
la".
MEN BÒN NOUVÈL JEZI KRI A DAPRÈ JAN KI SEN JN 2, 13-22
Fèt Delivrans jwif yo te vanse rive. Se konsa Jezi moute
Jerizalèm. Li jwenn yon bann moun nan tanp lan ki t'ap vann bèf, mouton ak
pijon. Gen lòt menm ki te chita dèyè tab yo ap chanje lajan. Li pran kèk kòd,
li mare yo ansanm, li fè yon fwèt ak yo. Epi li mete tout moun yo deyò nan tanp lan ansanm ak tout mouton yo ak
tout bèf yo. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo, li jete tout kòb yo
atè. Li di moun ki t'ap vann pijon yo: Wete sa la. Pa fè kay Papa m' lan tounen
yon boutik kote yo fè komès. Disip li yo vin sonje pawòl sa yo ki te ekri nan
Liv la: O Bondye, mwen sitèlman renmen kay ou a, mwen santi se tankou yon dife
k'ap boule tout anndan mwen. Jwif yo mande li: Ki mirak ou ka fè pou moutre
nou ou gen dwa fè sa w'ap fè la a? Jezi reponn yo: Kraze tanp sa a koulye a.
Nan twa jou m'ap rebati l' ban nou. Jwif yo di li: Yo pran karannsizan pou yo
bati tanp sa a, pou ou menm, pou ou ta pran twa sèl jou pou rebati li? Men Jezi li menm, lè l' t'ap di mo tanp lan se pwòp kò li
li te gen nan tèt li. Lè Jezi leve soti vivan nan lanmò, disip li yo vin sonje
li te di sa. Se konsa yo te kwè sa ki te ekri nan Liv la ansanm ak tout pawòl
Jezi te di yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Granmèt la.
REFLEKSYON: Nan premye
lekti a, yo pale de dlo k’ap desanm. Sa ka fè nou
sonje sans dlo genyen nan Labib ak nan Legliz la. Se yon senbòl ki chaje ak
sans nan batèm nou. Sa fè nou sonje dlo se senbòl pirifikasyon pou nou; lè nou
batize, se plonje nou plonje nan lanmò Jezikri pou nou kapab leve vivan ansanm
ak Li pou n’ fè yon sèl ak Jezi Kri nan Bondye lavi a. Dlo se Lavi.
Nan Levanjil la, nou konstate kalite travay Jezi t’ap fè
nan tanp lan. Nou ta kapab poze tèt nou kesyon:
Men sa k’ap pase konsa? Sa ki pase Jezi menm? Jezi ap preche nou lapè, lanmou
epi l’ap aji konsa? Men sa ki enpòtan se
pou nou chèche konnen kisa ki pouse Li aji nan fason sa a epitou kisa Li vle di
nou jodi a.
Jezi te
vle fè volonte Papa a nèt ale. Se li ki te
di: «Mwen pa vini pou moun ki gaya yo men
se pou sila yo ki bezwen doktè».Nou menm tou, an nou sonje kè nou se espas
pou nou rankontre ak Bondye, an nou mande li ede nou debarase li ak tout move
santiman ki ranpli li e ki anpeche nou rankontre ak Li tout bon vre.
LAPRIYÈ: Bondye, tanpri kraze kè di mwen an, ban mwen yon
kè mizerikòd, ki ouvè pou akeyi tout frè ak sè mwen yo.
PWOPOZISYON: Legliz la se espas kote Bondye manifeste prezans li, mwen p’ap fè li
tounen biznis. Bondye vle abite nan kè mwen, m’ap netwaye li, pou m’ wete move
santiman ki ladan l’.
No hay comentarios:
Publicar un comentario