Koulè Blan.
SEN LEON LE GRAN, PAP E SAVAN SAKRE LEGLIZ LA.
Memwa.
PREMYE LEKTI
«Mwen kapab tout bagay nan sa a ki ban m’ fòs
la».
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU FILIPYEN YO 4, 10
-19
Frè m’ yo:
Mwen kontan
anpil nan Granmèt la, paske anfen mwen reyisi wè nou rekòmanse gen enterè pou
mwen. Nou te genyen l’ deja, men nou te gen okipasyon. Se
pa poutèt mwen nan bezwen ki fè mwen di sa; mwen aprann kontante m’ ak sa mwen
genyen.
Mwen konn nan nesesite,
mwen konn gen twòp: tout kote ak nan tout bagay mwen aprann gen kont manje epi
mwen aprann grangou, mwen aprann gen kont sa m’ bezwen epi mwen aprann manke:
mwen kapab tout bagay nan sa a ki ban m’ fòs la. Malgre sa, nou te byen fèt
asosye ak mwen nan tray mwen an.
Epi tou nou
menm, Filipyen yo, nou byen konnen, nan kòmansman bòn nouvèl la, lè m’ te pati
sot nan Masedwán nan, okenn legliz pa t’ kominike avèk mwen nan kesyon bay ak
resevwa, sòf nou menm sèl; paske nan Tesalonik, an de fwa nou te voye kichòy
pou ede m’. Se pa anvi mwen anvi kado, men se anpil fwi m’ap chèche pou nou.
Mwen gen tout bagay, mwen gen depase mezi, mwen plen, depi mwen te resevwa sa
nou te voye pa lentèmedyè Epafwodit la: se yon ofrann ki santi bon, yon
sakrifis kòrèk ki fè Bondye plezi.
Bondye m’ nan
menm, se pou l’ konble tout anvi nou daprè richès li nan glwa a, nan Jezikri.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 111, 1-2. 5-6. 8a e 9 (r.: la)
R/ Ala kontantman pou moun ki krenn Granmèt la.
Ala kontantman
pou moun ki krenn Granmèt la, ki met anvi l’ anpil nan kòmandman l’ yo.
Ras li ap gen
pouvwa sou tè a, jenerasyon moun ki dwat yo ap beni.R.
Se kontantman
pou moun ki pran pitye, ki prete, ki regle afè l’ nan jijman, paske li p’ap
tranble. Moun kòrèk la, y’ap sonje l’ tout tan.R.
Kè l’ asire, li
p’ap pè.
Li separe, li
bay pòv yo; jistis li dire pou tout tan gen tan, kòn li ap leve nan glwa.R.
LEVANJIL
«Si nou pa fidèl nan move lajan an, ki moun k’ap
kwè nou pou bagay ki vrè a?»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 16, 9-15
Lè sa a: Jezi
t’ap di disip li yo:
«Fè zanmi avèk
move lajan an; konsa, lè n’a nan bezwen, y’ap resevwa nou nan tant tout tan yo.
Moun ki fidèl nan ti kras, li fidèl nan pi gran an tou; moun ki pa onèt nan ti
kras la, li pa onèt non plis tou nan pi gran an. Konsa, si nan lajan malonèt la
nou pa t’ fidèl, kilès k’ap renmèt nou sa k’ vre a? Epi, si nou pa t’ fidèl nan
afè lòt moun, kilès k’ap ba nou sa k’ pou nou an?
Yon sèvitè pa
kapab sèvi de mèt: oubyen l’ap rayi youn pou l’renmen lòt la, oubyen l’ap kole
kò l’ sou youn, epi l’ap meprize lòt la.
Nou pa kapab
sèvi Bondye ansanm avèk lajan». Farizyen yo te tande tout bagay sa yo, yo menm
ki te renmen lajan; yo t’ap pase l’ nan jwèt.
Li di yo: «Nou
se moun k’ap rann tèt nou jistis devan moun. Bondye menm konnen kè nou; sèke sa
moun bay plis enpòtans, se li menm Bondye pa vle wè.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Mwen kapab tout bagay nan Sa a ki ban m’ fòs
la».
Frè ak sè m’ yo,
atravè pawòl sa a, Apot Pòl gen konviksyon, moun k’ap mache ak Bondye gen
laviktwa sou tout fòs mal, se sa l’ap anonse nou jodi a menm jan li te fè sa
pou Filipyen yo. Li vin di nou, nou kapab tout bagay nan sila ki ban nou fòs
la, sila ki toujou akonpaye nou an, nan siyasyon malouk n’ap viv yo.
Jezikri p’ap janm
lage nou. Li menm ki vin di li la ak nou pou toutan k’ap gen tan. Pòl vle fè n’
konprann ak Jezi pa gen pran wont, pa gen pran imilyasyon ak desepsyon, pa gen
pèdi batay, paske viktwa nou kòm kretyen, se nan Jezi li ye e Jezi sèl. Se
poutèt sa nou kapab di byen fò : Bondye n’ap sèvi a, se li menm k’ap
delivre nou.
Avèk li nou ka rive
kote nou vle rive a, avèk li nou kapab tout bagay; sèlman nou dwe pran mwayen
ki kòrèk pou fè sa nou gen pou fè yo. Kòm kretyen nou dwe evite patisipe nan
bagay ki pa kòrèk, ki pa fè Bondye plezi, nou pa dwe kite mond lan mennen nou;
men kòm kretyen se nou ki pou mennen mond la nan limyè.
Jodi a, anpil moun
kite plezi, lajan mennen yo nan tout bagay ki sal, bagay ki fè moun soufri,
bagay ki pa fè Bondye plezi. Se poutèt sa pawòl Bondye pou jodi a ap envite nou
pou n’ pa fè zanmi ak lajan malonèt, lajan dwòg, lajan kidnapin, lajan
pwostitisyon, lajan yo volè, elatriye.
Jezi pa kondane moun
ki gen lajan, men li kondane mwayen nou pran pou nou fè lajan yo. Èske se yon
lajan ki pral sèvi pou fè touye lòt moun, ou byen ki pral fè moun soufri, ou
byen ki pral okipe premye plas nan lavi nou. Anpil moun ki gen lajan mete
Bondye sou kote, yo panse yo pa bezwen Bondye ankò, yo pa bezwen moun ankò,
paske yo panse lajan kapab rezoud tout bagay.
Ebyen, frè ak sè m’
yo, nou te mèt gen tout sa ki sou tè a, si nou pa gen Bondye nan lavi nou nou
pa anyen, paske tout bagay gen pou l’ pase, men pawòl Bondye p’ap janm pase.
L’ap la pou toutan. Jodi a nou dwe fè yon chwa paske nou pa ka sèvi 2 mèt an
menm tan ; swa nou renmen youn, nou rayi lòt. Se pou Bondye ede nou chwazi
menm janm ak Mari ki te chwazi pi bèl posyon an, ki se Bondye li menm menm.
LAPRIYÈ: Bondye
Granmèt nou kwè avèk ou nou ka rive kote ou vle nou rive a, tanpri fè nou gras
pou nou toujou rete kole sou ou, pou nou pa janm sèvi lòt bagay ke ou menm ki
vivan, ki Wa koulye a e pou toutan. Amèn
PWOPOZISYON:
Gade tèt nou pou wè ki plas
nou bay lajan nan lavi nou, epi konbyen fwa nou te sèvi ak yon lajan malonèt ou
byen nou te pran yon lajan ki pa t’ pou nou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario